HomeActualitéKilti: yon ti rale mennen vini sou konsè mizikal vityèl andirèk Tamara...

Kilti: yon ti rale mennen vini sou konsè mizikal vityèl andirèk Tamara Suffren an

Published on

Archives

Depi lè kowonaviris la fèmen pi fò aktivite yo, tankou: biznis, lekòl, legliz, elatriye… an patikilye aktivite mizikal yo, san epanye bal oubyen konsè nan milye mizikal ayisyen an, an Ayiti tankou nan dyaspora a, atis oubyen gwoup/djaz pa rete bra kwaze, ap tann kowonaviris la pase, pou yo tounen jwe sou sèn fizikman. Nan sans sa a, mesyedam atis nou yo brave danje kowonaviris la e montre lemond antye yo ka toujou fè yon seri prestasyon andirèk, pou divèti moun e ede konbat estrès, lapèn, tristès ak doulè yon moun ta ka ap viv, nan moman pandemi an mete tout planèt la sou poz (lòk). Yon bon valè gwoup mizikal ak atis pwofite posiblite nouvèl teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo bay, pou pataje nenpòt ki aktivite, an patikilye aktivite mizikal ak tout mond lan. Atis ak gwoup mizikal ayisyen yo pa rate opòtinite sila a e, rapidman, yo adapte ak sitiyasyon an.

Nan moman nou nan blokis oubyen lòk kowonaviris la, nou gen tan asiste pèfòmans andirèk sou «Facebook», Youtube, ak «Instagram» yon bon valè mizisyen, gwoup mizikal ou atis tankou: Konpa Kreyòl / Kreyòl La, Klass, Harmonik, Nu-Look, T-Vice, Ekip, Dat7, KennyWay, Jean Jean Roosevelt, Darline Desca, Annie Alerte, Tamara Suffren ak plizyè lòt ankò, san nou pa bliye inisyativ «Haïti en Quarantaine» ak lòt inisyativ ki ofri atis yo yon platfòm pou ekspoze talan yo tou, epi fè pase mesaj sansibilizasyon kont kowonaviris la.

Jodi a, n ap santre ti rale mennen vini sa a sou prestasyon Tamara Suffren an, ki se youn nan pami tout bèl prestasyon vityèl andirèk nou wè deja yo, depi moman konfinman an.

Mwen envite nenpòt moun ki pa t gen tan wè li, pou al gade pefòmans sa a ki ka sèvi jèn atis ayisyen oubyen gwoup mizikal nou yo, kòm referans pou nenpòt konsè e nenpòt ki kote. Men lyen «Youtube» konsè vityèl Tamara a, e se Chokarella ki te reyalize :https://www.youtube.com/watch?v=lrc6rE9FW2o

M di byen, prestasyon andirèk Tamara Suffren an te ka jwe nenpòt ki kote sou planèt la kit se pou TV kit se pou jwe nan yon sal espektak. Men kèk pwen nou note, pandan n t ap gade a.

1) Sou plan mizikal: Li egzekite chante yo byen ak «justesse vocale». Vwa atis la rete fidèl ak sa ke moun abitye tande, lè l chante nan estidyo, li pa detone, li asire kontwòl vokal yo byen e li pase nòt yo youn apre lòt, san pwoblèm. Mizisyen yo trè pwofesyonèl – ou santi gen yon «jeu d’ensemble» san fay oubyen san fot – solo gita, «keyboard» oubyen «bass» oubyen tanbou yo te ekselan.

2) Moun ki ap fè koral yo: Ou santi amonizasyon nan vwa yo byen chita sou swit akò yo, paske yo konn chante tout bon vre.

3) Son, dekorasyon ak limyè: Kalite son an te trè bon. Pou dekorasyon ak limyè, sèn nan te prepare pou sa, chanjman koulè limyè yo jwe yon wòl enpòtan nan jan n te wè atis la, ak rès mizisyen yo. Yo byen parèt sou sèn nan.

4) Prezans senik: Atis yo te gen yon trè bon prezans sou sèn – kominikasyon ant yo pase, mizikalman e jestyèlman, byen.

5) Sou plan abiman (vestimantè): Nou ka di yo te abiye pou sikonstans lan. Te gen yon pwotokòl ki te kenbe. Tout mizisyen yo te abiye an nwa epi atis la te abiye an blan nan koumansman, apre li chanje abiman an nwa e jòn pou kenbe frechè li pou sware a.

6) Chwa mizik yo: Nou te konstate anchennman de yon mizik ak yon lòt te fèt trè byen. E konsè vityèl sa a te fè nou reviv mizik Manno Charlemagne (Zanmi pre pra l kay zanmi lwen) ak Toto Nécessité (Ti Pouchon). Lòt detay enpòtan: Atis la ak gwoup mizisyen ki t ap akonpanye l yo montre yo ka jwe ni mizik altènativ, ni mizik konpa, ni mizik tradisyonèl/fòlklorik, ni rasin/vodou/rabòday orijinal la, ni Bolewo, ni djaz oubyen «Blues» oubyen «Reggae». Sa montre aklè nan ki nivo atis la ak gwoup la te adapte yo.

7) Piblisite: Yo pibliye lis non tout moun ak enstitisyon ki patisipe, nan fason pa yo, nan reyalizasyon bèl espektak sa a, nan finisman prestasyon an. Sa se te yon bèl bagay pou l toujou jwenn sipò.

Malgre kalite espektak la, nou ka di si liy van yo pa t fèt sou «keyboard» la, kidonk se te gen bon liy van saksofòn, twonpèt ak twonbòn, se t ap pi bon toujou. Kidonk se t ap yon espektak 100% reyisi.

An konklizyon, Tamara Suffren ak gwoup li a, ofri ak piblik ayisyen an e ak lemond an jeneral, yon espektak ki te ekselan sou plan kalite, pèfòmans vokal. Mizisyen yo byen egzekite mizik yo. Tout sa yo konfime, yon lòt fwa ankò, atis la pare pou nenpòt gwo randevou mizikal pandan l ap toujou amelyore ak adapte ak chak sitiyasyon.

Felisitasyon ak tout ekip la!

Jean Carry Joseph

Critique d’Art, Musicien

Et Designer Architecte

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...