HomeActualitéNouvèl an kreyòl

Nouvèl an kreyòl

Published on

Archives

Pwofesè lekòl prive yo nan grangou

Depi 3 mwa, lè otorite yo te pran desizyon tèt chat, san gade dèyè, pou fèmen tout bagay, pami yo: lekòl, pwofesè nan lekòl prive yo ap soufri. Yo pa janm jwenn anyen kòm salè depi 3 mwa, alòske lavi a vini pi di, tout bagay monte tèt nèg nan peyi a epi dola ameriken, se vale l ap vale teren. Nan sans sa a, Konfederasyon Nasyonal Anseyan ak Anseyant Dayiti e Inyon Nasyonal Nòmalyen ak Edikatè Dayiti (UNNOEH) di yo gen tèt chaje, lè y ap gade sitiyasyon pwofesè sa yo, ki pa gen anyen di tou, e lavi chè a ap vale teren. Georges Wilbert Franck ak Magalie Georges, de responsab sendika sa yo, deklare : depi 3 mwa, pwofesè sa yo pa janm jwenn anyen, alòske gouvènman te fè pwomès pou te bay yo yon ti akonpayman. Sa pa janm fèt, jiskaprezan.

 

Petyonvil: 4 moun mouri anba bal

4 moun tonbe anba bal, pami yo: 3 fanm, nan yon lokalite ki rele «Boben» (komin Petyonvil) ki pa two lwen katye Peguy-Ville. Atak sa a rive samdi 6 jyen 2020 an. Yon gwoup bandi tire kout zam nan yon kay, yo vide atè 3 fanm e yo blese plizyè lòt, san yo pa bay pou ki rezon yo fè zak sa yo.

 

Ekonomi: bagay yo rèd

Lendi 8 jyen an, mesye Patrick Boisvert, Minis Ekonomi ak Finans lan, deklare ke ekonomi peyi Dayiti pa bon menm. Li fè konnen ke enflasyon an, l ap rive nan 22% anvan nou pran mwa septanm lan e li kapab mache pou rive jiska 24% nan pwochen egzèsis fiskal septanm 2021 an. An plis, Minis la fè konnen ke PIB a ap -3,6% kont +1,8%, jan li te ye anvan.

 

Gang nan Katye Shada touye yon polisye

Jedi 11 jyen 2020 an, abitan nan blòk Wout Ayewopò nan Okap Ayisyen leve jwenn kò Joseph Larousse, yon polisye UDMO bandi ame nan Shada te kidnape, pandan yo t ap tire lobe ak polisye sa yo ki te vini mete lòd nan zòn lan. De group gang ame t ap tire kout zam pou kontwole plis teritwa. Ensidan sa a rive paske 2 gwoup bandi ame pa pouvwa an plas la, t ap marye kout zam nan katye Shada-2 ak Nan Bannann, jou mèkredi 10 jyen an. Lè lapolis parèt pou mete lapè, bandi ame sa yo pa ezite yon segonn pou tire kout zam sou lapolis. Yon polisye mouri ak 2 lòt blese anba bal. Bandi yo te rive dezame yon polisye tou.

 

Nòdès: 3 bandi anba kòd

Mekredi 10 jyen an, lapolis arete 3 jenn gason nan komin Wanament, sou akizasyon yo ta touye yon jenn gason nan «Platana», yon lokalite ki twouve l nan «Ba-Savann», nan komin Sen-Michèl Latalay (Latibonit). Twa bandi sa yo se: Mabon, Edson et Jean Renel, se sou non sa a yo konnen yo. Ti mesye sa yo jwenn arestasyon yo nan Wanament e gen mezi k ap pran pa lajistis pou transfere yo nan komin Sen-Michèl (Latibonit). Gen yon katriyèm bandi ki enplike nan krim lan, men ki gen tan chape poul li. Lapolis ap chache li tankou chen fou.

 

Chèf baz Ti Grif la anba kòb

Chèf baz Ti Grif la jwenn arestatsyon li, madi 9 jyen an, nan komin Lyankou (Latibonit). Frantz Mervil alyas Tilo, ki gen 42 lane, jwenn arestasyon li pa ajan UDMO yo ki kantonnen nan komisarya Lyankou an. Frantz Mervil, se ta chef baz Ti Grif, k ap frape nan lokalite Savyen. Baz Ti Grif gen bon rapò ak yon lòt baz gang k ap frape nan lokalite Lakwa Moro, nan komin Lyankou, ki se baz «Gran Grif»

 

Batay pou kontwòl meri yo

Yon òganizasyon popilè ki reklame tèt kòm pwòch ekip tèt Kale bobis yo, fè konnen, pandan yon ti pale ak laprès vandredi 12 jen an, yo pa dakò pou otorite chanje katèl majistra, kazèk ak Azèk yo k ap taye banda nan komin Kafou, depi 4 lane. Regwoupman sitwayen mobilize pou chanjman fè konnen yon kont pou pouvwa a nonmen ajan enterimè nan tèt meri Kafou. Militan sa yo ki reklame tèt yo kòm pwòch pouvwa a, fè konnen ranplase konsèy minisipal la, alòske manda yo ap rive nan bout nan mwa jiyè a, ap yon kou di pou komin lan.

 

Atansyon pwoblèm gaz

Eske nou konnen gen ponp gaz ki te kòmanse fèmen akòz gaz la te kòmanse ap rate sou mache lokal la? Nan sans sa a, gen yon bato gaz ki gen tan rive nan peyi a pou anpeche bagay yo vini pi rèd. Tout kote, li pote 150 baril dizèl nan jou ki te jedi 11 jyen 2020 an, e genyen yon dezyèm bato ki antre nan peyi a, nan vandredi 12 jyen. Li pote 200 000 baril gazolin ak 40 000 baril kerozèn. «Premye bato a pote non: STAR OSPREY VO, li rive nan Tòland, komin Kafou (Wès kapital la, Pòtoprens) nan jedi 11 jyen. Li pote 150 baril dizèl». Se sa Minis Kominikasyon an, Eddy Jackson Alexis, deklare nan yon twit.

 

Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture la pral louvri

Premye minis ayisyen an, Jouthe Joseph, deklare li lè li tan pou Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a relouvri. «Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a pa kapab rete fèmen nèt ale», daprè deklarasyon Premye minis la. Li fè konnen fòk popilasyon an prepare li pou li viv ak viris la, san pwoblèm. Premye minis Jouthe Joseph fè delarasyon sa a, pandan li t ap fè yon vizit vandredi 12 jyen, nan Ayewopò a. Li te akonpaye de yon delegasyon ki te gen ladan li: minis Travo Piblik la, direktè jeneral AAN lan, Irving Méhu. N ap raple ayewopò a te fèmen depi 19 mas 2020, lè otorite ayisyèn te konfime premye ka kowonaviris la. Lè sa a, yo te pran desizyon pou fèmen tout enstitisyon sa yo.

 

Okap: moun nan Shada lage pye yo

Popilasyon nan katye Shada, Okap Ayisyen, nan depatman Nò peyi a, pete kouri kite zòn lan, akòz gwo batay ki genyen ant de gwoup gang ki sou kontwòl delege depatmantal la, Pierrot De Gaulle Augustin. Vandredi 12 jyen an, abitan ke kay yo pa boule nan katye Shada, sitou nan katye Dekosa, pete kouri e pran ti rès bagay yo te rete, anvan bandi nan katye Nan Bannann debake pou mete dife. Depi mèkredi 10 jyen, gwo kout zam ap chante, akòz deblozay ki pete ant de gwoup gang pwòch pouvwa a ke delege depatmantal la ap dirije. Nan katye Shada ak Nan Bannann, plizyè kay boule e moun mouri tou. Pami mò yo: yon polisye UDMO bandi yo te wete la vi li, anba bal.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...