HomeActualitéNouvèl an kreyòl

Nouvèl an kreyòl

Published on

Archives

Enspèktè Polis, Carmel Floran, mouri

Dimanch 31 me a, Carmel Floran, enspèktè e responsab DCPR (direksyon Sikilasyon polis Routyè), mouri, akòz yon pwoblèm li te genyen. Yo kouri ak li lopital, men li mouri nan yon Sant lasante, nan Pòtoprens. Carmel Floran te responsab DCPR, depi 3 lane, e misye se yon ansyen ofisye nan ansyen Fòs Lame Dayiti. Dapre pòt pawol lapolis la, li fè konnen anpil polisye mouri pandan denye jou sa yo. Michel-Ange Louis-Jeune deklare se otorite sanitè yo ki pou bay kòz lanmò sa yo.

 

Sendika chofè yo mare nan pye tab Jovenel

Dirijan Sendika chofè yo, se yon ekip ti lolit ki mare nan pye tab pouvwa an plas la, kote mesye sa yo pa gade afè enterè pèp ke ti pwòp zafè pa yo. Se pouvwa a k ap mennen yo, ba yo lòd, kote yo pa janm di anyen, paske bouch yo fèmen ak ti mil goud pouvwa a. Responsab swa dizan sendika chofè sa yo, pa fè anyen pou mande leta desann pri gaz la sou mache lokal la, akòz pri a desann sou mache entènasyonal la. Dirijan malfra sendika sa yo pa fè presyon sou pouvwa malfra malonèt sa a ki se tyoul oligachi a, paske, yo menm, yo ap plede monte pri kous machin yo, alòske gaz la pa menm monte sou mache lokal la. Responsab sendika malfra sa yo, se tèt yo sèlman yo wè, ak fè lajan sou ti mas pèp la, kote nan plen pandemi Covid-19 sa a, yo toujou kontinye ap boure machin yo ak pasaje, san yo pa respekte prensip sanitè otorite leta yo ap pale a.

 

8 medsen kontamine ak kowonaviris, nan lopital jeneral

Maladi kowonaviris la kontinye ap ogmante an Ayiti, kote kondisyon sanitè yo pa reponn ditou. Nan sans sa a, pou piti, gen 8 medsen ki gen tan trape maladi kowonaviris la, nan lopital jeneral ki se pi gwo sant sante ki gen an Ayiti. Anpil moun ap plenyen, paske lopital yo pa vle resevwa moun ki malad yo. Medsen ak pèsonèl lopital yo refize pale ak malad ki vini yo, paske yo pè pou yo pa kontamine nan maladi kowonaviris la.

 

Kout zam ap chante nan Site-Solèy

Gwo zam pa sispann chante nan komin Site-Solèy, youn nan pi gwo bidonvil ki genyen nan Pòtoprens. Popilasyon nan komin Site-Solèy pa konn ak ki Sen pou yo pale. Chak jou, se nan pete kouri yo ye, anba bal bandi ame ki ap batay pou pran kontwòl teritwa. Nan katye Bwa Nèf, 5 moun mouri anba bal, ak plizyè kay boule, jou ki te jedi 28 me 2020 an, aloske yon gwoup bandi ame ki te soti nan katye Brooklyn te atake katye Bwa Nèf. Atak bandi ame Brooklyn yo, se pou pran kontwòl katye Boston, dapre sa pastè Eric Joseph fè konnen. E li deklare ke batay sa a, se pou gen kontwòl plis teritwa, pou kapab pran lajan nan men ti komèsan k ap chache lavi nan zòn lan. Misye fache, paske li di otorite polis yo pa fè anyen pou bloke bagay sa a, nan komin lan.

 

André Jacques Baudelaire mouri nan kowonaviris

Responsab Biwo pou chanje lajan (UCO), mouri nan prizon Penitansye nasyonal, anba maladi Kowonaviris la. Oganizasyon Sitoyen pou yon Nouvèl Ayiti kritike fason prizonye sa a mouri nan prizon an, nan lanwit ki te jedi 28 me a, apre li te fini pran maladi kowona a. Yo te mete li sou respirasyon atifisyèl, se yon koupi elektrisite ki pral lakòz lanmò li. Gen 3 lòt prizonye ki te nan selil kote André Jacques Baudelaire te ye a, ke otorite yo mete an karantèn. Pami yo, gen ansyen òm dafè ,Clifford Brandt, ak ansyen depite Dumont.

 

Latè tranble nan Nòdès

Dimanch 31 me a, tè a tranble nan depatman Nòdès, yon seyism ki gen yon pòte 4,7 nan echèl Richter a, frape depatman Nò e patikilyèman Nòdès. Seyism sa a te swiv ak 5 replik ki gen pòte 2,6 ak 3,4 sou echèl Richter a.

 

Wout Nasyonal #1 an, bloke

Dimanch 31 me a, anwo pa t moute, anba pa t desann, sou Wout Nasyonal Nimewo 1, sitou nan nivo Kazo (Taba). Sitiyason sa a te rive, paske yon polisye te rale zam li e te tire 2 jenn gason nan zòn lan, san yo pa t fè anyen ki grav. Nan sans sa a, popilasyon an te fache. Kòlè moute nan tèt yo, kote yo mete barikad ak boule kawoutyou nan blòk la.

 

Yon bandi arete

Samdi 30 me a, lapolis mete anba kòd, Jeff Vertilus. Arestasyon sa a rive fèt nan komin Pestel, ki nan depatman Grandans. Jeff Vertilus ta sispèk nan lanmò enspektè polis Jocelyn Jeantélus, nan dat 20 oktòb 2019 la. Prezime asasen an, yo pral transfere li nan direksyon santral polis la, pou swit ankèt la. Jeff Vertilus se manm gang ame ki ap frape nan Vilaj-de-Dieu.

 

Alain Philoctète ale

Alain Philoctète, se pitit powèt René Philoctète. Alain Philoctète mouri nan laj 56 lane. Alain Philoctète se powèt, desinatè, militan. Misye se otè nan lane 1998 de powèm «Légende de mon Royaume», nan menm lane sa a, dokimantaris, ki rele Will Prosper, te soti yon dokimantè ki dire 83 minit ki rele «Kenbe la», ki retrase lavi Alain Philoctète e vwayaj li te fe an Ayiti, nan kad yon pwojè «Permaculture».

Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...