Education & DéveloppementNouvèl kout an kreyòlPerspective & Politiquesciences et santé

Jodi a, ki lavni lekòl la ki relouvri pòt nan peyi d’Ayiti, apre gwo frap pandemi kowonaviris la?

Lekòl, kòm yon zouti osnon yon enstitisyon k ap fòme moun toupatou nan monn lan, jodi a twouve l nan yon sitiyasyon kote pòt li relouvri nan peyi d’Ayiti, apre tout pwoblèm pandemi kowonaviris t ap bay bò lakay nou e li kontinye ap bay nan vwazinaj yo tou. Kidonk, tèt tout paran yo cho, nan pwen pèsonn ki ankò wè klè vrèman kouman pou yo jwenn yon chimen pou tout timoun yo rive al lekòl, san kè sote. Lavi chè ap bay parad. Pa gen okenn aktivite k ap mache dyanm. Se plis etablisman eskolè prive ak inivèsite prive yo ki tante louvri pòt yo, ak kèk lekòl Leta. Alaverite, èske dinamik kowonaviris la, avèk tout frajilite li charye dèyè l, ka rive anpeche lekòl la fonksyone tout bon? Parapò ak tout tan ki pase nan lib yo, èske nou pa ta ka konsidere lane lekòl sa a kòm yon lane ki echwe? Nan optik sa a, ki wòl Leta ta dwe jwe nan jwèt sosyetal la?

Sòti nan batay politik peyi lòk, nan lane 2019, pou rive nan mwa mas 2020 an, dinamik kowonaviris la te rive frape pòt lakay nou, sa ki lakòz lekòl la te kategorikman fèmen. Menm fenomèn pandemi kowonaviris la, fè tout monn lan boulvèse. Nan divès peyi, majorite moun pa ka ale nan travay yo. Andedan tout gwo magazen yo, pri tout pwodui monte disèt wotè. Anpil paran ap plenyen pou timoun yo ki paka met pye lekòl. Konsa, se kèk ladan yo ki te rive voye timoun yo al pran leson, depi nan moman pandemi an, malgre fèb mwayen yo genyen. Li klè, ministè Ledikasyon nasyonal pran tout desizyon pou relouvri lekòl atravè yon kalandriye remanye, pandan Leta, ki gen monopòl vyolans lejitim lan, pa pran okenn mezi sanitè ni itilize okenn estrateji pou akonpaye paran elèv yo ak etidyan yo. Nan pi fò lekòl piblik ou pase, se fatra k ap di w bonjou! San benyen kache lonbrit, lane lekòl sa a, se yon lane k ap mal tatonnen…

Selon Franck Benjamin, yon kanmarad ki gen tikal fòmasyon nan kontabilite e ki ap bay timoun leson nan katye Sanfil (wout dèlma 18), li ta fè konnen gen anpil lekòl tankou : Mère Marianne, petit Séminaire collège saint-Martial, collège Saint-François d’assisse etc, ki te bay pwogram ak paran yo, pou yo te ka travay ak timoun yo lakay, nan tan pandemi an, nan lide pou yo kab ratrape yo davantaj, piske, nan tèt yo, kenpòt lè lekòl la ap gen pou relouvri, y ap fè ekzamen kanmenm, pou timoun yo ka travasè nan lòt klas, malgre tou echèk yo te anrejistre ak yon premye ekzamen, nan moman peyi lòk la. Nan sans sa a, èske se yon bon zak pou lekòl ki gen pou misyon fòme bon jan sitwayen ak sitwayèn? Dèyè desizyon sa a, lekòl kongreganis yo pran an, èske se pa yon mwayen pou jistifye kòb paran yo te gen tan bay la, depi nan premye louvri pòt lekòl anti Desalin lan ?

Antouka, nan tout sosyete kote moun tann kabann lespri yo, lekòl pa dwe yon jefò sikonstansyèl oubyen yon zouti enpòtan pou yon kategori moun epi yon zam pou majinalize ak detui yon lòt kategori. Se Leta ki plen pouvwa pou fè sosyete a fonksyone byen nan tout entegralite li. Menm an tan pandemi, Leta sa a dwe kontinye jwe wòl majòjon li, nan tout sans, pou garanti edikasyon timoun yo ak fòme jèn yo, atravè yon ansanm mezi tankou:

-bay elektrisite nan peyi a, pou pèmèt kou yo ka fèt televize avèk yon seri kad nan sistèm edikatif la;

– bay jèn yo òdinatè pòtatif pou ka suiv kou yo anliy;

– mete entènèt nan sant edikatif yo pou jèn yo;

– bay asistans sosyal e ekonomik pou paran yo ka kontinye soutni timoun yo lakay.

Donk, fas ak reyalite sa a, èske sosyete a pa konplis nan jwèt manfouben Leta ap jwe a? Nan moman nou rive la a, èske l toujou posib pou Leta sa a ta ede nan sove lane lekòl la? Sizoka, ki desten sosyete a?

Mmh!

Si lanmè te kaporal

Mwen, dlo rigòl,

M t ap bòdigad…

Ekriven,powèt Valbrun Frantzley ( konpè konsèy)

Jounalis

valfrantz@yahoo.com

Articles Similaires

Lisez aussi
Close
Back to top button