HomeActualitéCentre Georges Henri Honorat /Atelier d’Arts

Centre Georges Henri Honorat /Atelier d’Arts

Published on

Archives

Nan jou ki te samdi 23 mas 2013, Georges Henri Honorat, ki te Redaktè an chèf nan Jounal Haïti Progrès e Sekretè Jeneral Pati Popilè Nasyonal (PPN), te tonbe anba bal bandi kriminèl, devan lakay li. Depi lè sa-a, anyen pa janm fèt bò kote otorite lajistis yo, pou pemèt nou jwenn jistis pou kamarad Georges.

Pou make 6 lanne depi ke zagoloray, bandi san manman, kriminèl gran chemen yo te asasinen Georges Henri Honorat (Ti Jòj), Sant Georges Henri Honorat ak Atelier d’Arts deside òganize yon kokenn chenn aktivite ekspozisyon sou tèm : « NOU MANDE JISTIS », nan dat vandredi 22 ak samdi 23 mas 2019.

Aktivite sa-a ap fèt nan « ri Kapwa, # 61 » pou mande jistis pou Georges Henri Honorat ki te tonbe anba bal bandi ame, jou ki te 23 mas 2013.

 Kisa k ap genyen nan aktivite sa-a :

1-        ekspoze,

2-        ekspozisyon penti, tankou : pòtre Georges ak lòt tablo,

3-        potri seramik,

4-        desen,

5-        mayo ak foto Georges (Serigrafi),

6-        bandwòl ak pawòl sa yo: «Nou Mande Jistis Pou Georges Henri Honorat.»

Nou mande sipò ak patisipasyon tout zanmi kamarad, pou pèmèt aktivite sa-a pran chè. Zanmi Kamarad yo kapab bay sipò yo nan sans sa-a : swa sipò materyèl (tankou mayo, penti, desen, elatriye) ou sipò ekonomik pou pèmèt nou reyalize aktivite a.

Adrès nou se : # 61, Rue Capois.

Tél: 3627-7024 / 4028-2433 / 4415-4902

Facebook: Centre Georges Henri Honorat.

 

Pou Centre Georges Henri Honorat /Atelier d’Arts

Emmanuel Saintus / Wilkenson Garçon

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...