HomeActualitéPopilasyon Marodou a anba menas degèpisman fòse

Popilasyon Marodou a anba menas degèpisman fòse

Published on

Archives

 

Popilasyon Marodou, yon lokalite ki twouve l nan 15zyèm   seksyon Difreney, komin Kafou, leve vwa li pou denonse represyon ak menas otorite minisipal Kafou ki vle kraze kay moun k ap viv nan kanton sa a, sou pretèks kay ki konstwi nan zòn sa a reprezante yon menas pou sous kaptaj dlo Dikini ki alimante rejyon metwopolitèn nan.

Yo te plizyè dizèn abitan Marodou ki te mache nan lari Pòtoprens, fè pelerinaj nan plizyè medya nan kapital la pou denonse majistra Jules Edouard Pierre ki pran desizyon demoli kay ti malerèz k ap viv sou tèt sous dlo Dikini.  Prezidan Asanble Seksyon Komin nan (ASEK), Celisca Akis, te akonpaye popilasyon an nan revandikasyon l. Akis lonje dwèt sou yon gwoup atoufè k ap endui majistra a, an erè, lè y ap ankouraj l pran vye desizyon ki riske kreye gwo pwoblèm nan kominote a. Selon presidan ASEK la, se yon ti gwoup dechèpiyè ki abitye vann tè Leta nan lokalite sa a, ki gen pwoblèm akòz popilasyon an vin refijye li sou yon pòsyon tè Leta, aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la.  Yon popilasyon ki ozabwa e ki pa gen aksè ak okenn sèvis sosyo de baz, mande majistra komin nan sispann fè represyon sou li, men fè demach pito pou yo jwenn sèvis sosyo de baz tankou: dlo, kouran, elektrisite, lekòl ak wout.  Manm nan popilasyon an lonje dwèt sou yon gwoup atoufè ki nan do majistra Jules Edouard, ki pa sispann menase popilasyon an. A plizyè repriz, yo pase voye slogan, epi bat moun, menm granmoun ant de zaj pa epanye anba sabò ak reprezay bandi sa yo.  Popilasyon an pwofite mande minis Enteryè a ak chef Leta Repiblik la pou di yon mo nan ka sa a, paske bandi yo pa sispann pèsekite popilasyon an ki ap dòmi yon je ouvè, yon je fèmen. Yo pa konnen ki lè y ap vin kraze kay yo. Sou antèn yon radyo nan kapital la, nan finisman mwa avril la, majistra Jules Edouard Pierre te pale e bay popilasyon an garanti ke li pa t voye pèsòn make kay moun nan lokalite sa, men li konnen pwoblèm nan.  Li pwomèt l ap pran tout dispozisyon lalwa mande, pou moun yo kite espas la. Majistra a te pwofite akize prezidan ASEK la, Akis, selon limenm, ki konstwi yon kay nan mitan yon wout. Se yon akizasyon prezidan ASEK la voye jete, epi li presize ke wout kote majistra a di l konstwi nan lari a, se zèv li fè nan kad travay sosyal li konn òganize nan zòn lan, nan tèt kole ak lòt abitan nan kanton sa a. Li fè konnen majistra an plas la, poko janm fè anyen nan kominote a pou make prezans li nan seksyon an.  Yon lòt bò, Akis di l ap sibi presyon ak menas lanmò, akòz li kanpe ak popilasyon an.  Prezidan Asek la alète opinyon piblik la epi lage lavi l, lavi fanmi l ak lavi manm òganizasyon VIM yo, nan men majistra Jules Edouard Pierre ak ti gwoup malfektè k ap sipòte l nan komin nan.  Li mande DCPJ ak komisè gouvènman an pou mennen ankèt epi mare moun ki ap fè konplo pou elimine l fizikman nan seksyon an, akòz l ap defann kòz popilasyon an k ap pase mati anba men yon gwoup vòlò tè ki kache dèyè do majistra Jules. Malgre pèsekisyon ak menas, popilasyon Marodou pa rete bwa kwaze.  Nan tèt kole ak òganizasyon VIM ki tabli nan lokalite a, yo kontinye koupe wout, ak tout kalite zouti, nan lide pou amelyore kondisyon lavi moun k ap viv nan kanton sa a.

Jean-Baptiste Genson

Photo:  Wesly Gedéon

 

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...