kreyol

Published on

Archives

Bank Nasyonal Kredi (BNC) fèmen yon sikisal akoz klima laterè a
Bank nasyonal kredi (BNC) anonse li sètoblije fèmen sikisal li genyen nan ri Pave a, nan
Pòtoprens. Twòp zam ap tire nan zòn sa a, nan kapital la.
Gann yo ap simen laterè
Klima laterè a lakoz elèv ak etidyan pa ka ale nan lekòl, ni nan inivèsite. Anpil lekòl ak
inivèsite blije fèmen. Se nan konfyolo ak gouvènman defakto a, pou ranfòse lapèrèz sou
popilasyon an ak ankouraje militè etranje vin deplòtonnen sou teritwa nasyonal la, bandi ak
zam ap fè kidnaping sou elèv ak sila yo k ap feraye nan edikasyon an, nan peyi d Ayiti. Se
dizon Regwoupman Edikasyon Pou Tout Moun (REPT).
Gen Gwo malè pandye sou peyi d Ayiti
Gen gwo malè, ki pandye sou tèt peyi d Ayiti, kote anpil moun kapab mouri, avèk degenn
gang ak zam yo ki anvayi laplipa katye, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Dotan plis,
grangou a ap vin pi rèd, chak jou pi plis. 8 sou 10 moun sètoblije redui anpil nan valè ak kalite
sa yo te konn manje. Se kout rèl Pwogram Nasyon zini pou lamanjay, yo plis konnen sou non
PAM.
Yon lòt semenn benyen ak san pi rèd
Peyi d Ayiti sot viv ankò yon lòt semenn benyen ak san, avèk anpil anpil moun bandi ak zam
ansasinen ousnon blese anba bal, sou teritwa nasyonal la. «Peyi d Ayiti kontinye antre nan
tyouboum, chak jou, depi plis pase 20 mwa, kote yon tweet mete Ariel Henry kòm premye
minis defakto. Gouvènman defakto a kite peyi a tounen yon lanfè pou tout fanm ak tout
gason, k ap viv ladan l. Gang ak zam yo ap simen laterè toupatou. Pa gen okenn katye, kipa
sibi anba vyolans gang ak zam yo. Timoun, granmoun ki gen anpil laj yo, fanm ansent, tout
moun anba menas kidnaping, anba menas kadejak ak menas kout zam k ap tire tribò babò».
Se kout rèl Mouvman Montana a ki te siyen akò 30 dawout 2021 an.
Plizyè òganizasyon politik lonje dwèt sou ipokrizi ak konpòtman woule m 2 bò
gouvènman defakto a, ki pa montre okenn volonte pou fè fas kare ak katyouboumbe, peyi a
plonje ladan an, depi plizyè mwa.
Ansasinay Jovenel Moïse: Rudolph Jaar enplike
Vandredi 24 mas 2023 a, Rudolph Jaar, ki gen nasyonalite Ayiti ak Chili, rekonèt, douvan yon
jij ameriken, li koupab, nan sa ki arevwa ak kò sasinay, 7 jiyè 2021 an, sou ansyen prezidan
defakto a, Jovenel Moïse. Rudolph Jaar se youn pami 11 moun, lajistis nan peyi Etazini sispèk
ki ta ede nan jwenn machin ak zam, ki soti nan Leta Florid, pou te vin ansasinen Jovenel
Moïse.
Kanada mete 2 nouvo moun sou sanksyon
Ansyen senatè Nènel Cassy ak biznismann Steeve Khwaly nan Jakmèl: se 2 nouvo moun,
gouvènman peyi Kanada a di li pran sanksyon kont yo, nan dat vandredi 24 mas 2023 a.
Gouvènman peyi Kanada a anonse li dispose akeyi, 15 mil migran, ki ta soti nan peyi d Ayiti,
pou vini nan avyon sou teritwa Kanada a, dapre sa anbasadè Kanada a nan peyi d Ayiti fè
konnen.
Lespay: sa w vle di menm
Kominote entènasyonal la dwe voye je sou peyi d Ayiti, dapre gouvènman peyi Lespay, ki t
ap patisipe nan 28tyèm woumble, ki fèt chak lane, ant gouvènman Lespay ak chèf leta plis
chèf gouvènman peyi Amerik latin, ki te sou lobedyans Lespay nan epòk lesklavaj la.

Moun ki gen viza touris ak viza dafè, kapab chèche travay nan peyi Etazini
Men yon bon nouvèl pou moun ki gen viza touris ak viza dafè ameriken, sa nou rele B-1 ak
B-2 yo. Moun sa yo kapab chèche travay lè yo vizite Etazini. Se Sèvis Sitwayènte ak
Imigrasyon Etazini (USCIS), yon biwo ki depann de Depatman Sekirite Enteryè (DHS), ki
pataje nouvèl sa a sou kont Twitter li, jounen mèkredi 22 mas la.
«Anpil moun ap mande si yo kapab chèche yon travay pandan yo sou estati B-1 ak B-

  1. Repons lan se wi. Chèche travay ak viza B1 osinon B2 otorize», enstitisyon an ekri. Men,
    anvan yon moun demare pwosesis sila a, li dwe fè yon demann pou li chanje estati, soti nan
    B1 ousnon B2, ale nan estati kote li jwenn otorizasyon pou travay, dapre USCIS. «Nan ka
    kote moun lan pa jwenn otorizasyon pour li chanje estati, li dwe kite Etazini epi retounen ak
    yon viza travay», enstitisyon an ajoute.
    Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...