acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Claude Joseph, Jimmy Cherizier ak 11 lòt chèf gang ayisyen, entèdi pou antre nan Panyòl

Prezidan Luis Abinader bay lòd, mèkredi 7 septanm nan aswè, pou entèdi ansyen Premye Minis enterimè Ayiti a, Claude Joseph, ansanm ak 12 chèf gang ayisyen, pou pa mete pwent pye yo nan Repiblik Dominikèn. Prezidan Abinader adrese kominikasyon 22018 la a Venancio Alcántara Valdez, Direktè Jeneral Imigrasyon. Ak pouvwa Konstitisyon ba li, selon Atik 15 nan Lwa 285-04 nan zafè imigrasyon ki anpeche antre sou teritwa nasyonal, yon etranje ki gen yon dosye kriminèl oswa ki, nan je otorite konpetan yo, konstitye yon menas pou sekirite nasyonal ak enterè dominiken, e sou demann òganis defans ak sekirite peyi a, prezidan dominiken an pran desizyon sa a.

Men dekrè a:

«Mwen menm, Luis Abinader, Prezidan Konstitisyonèl Repiblik Dominikèn, gras pouvwa ki nan alinea b, nimewo 1, atik 128 Konstitisyon Repiblik la ban mwen, mwen bay enstriksyon sa a», Prezidan an mande pou yo anpeche antre sou teritwa nasyonal la:

Claude Joseph,

Jimmy Cherizier, alyas Barbecue;

Innocent Vitel’Homme, di Vitelom – chèf gang Vitelom (Torcelle);

Destina Renel, alyas Ti Lapli – gang Grand Ravine;

Wilson Joseph, di Lanmo San Jou, ki soti nan gang 400 Mawozo.

Anplis, li ajoute:

Claudy Célestin ke yo rekonèt kòm Chen Mechan, chèf gang Chen Mechan (Carrefour-Tabarre);

Alexandre Ezekiel, alyas Ze, Baz Pilat;

Kempes Sanon, Baz Bel-Air;

Chery Christ-Roi, alyas Chris-La;

Félix Monel, alyas Mikano – Baz Waf Jérémie;

Jean Pierre Gabriel, non gate Ti Gabriel, G-Pèp;

Alexis Serge Renel, alyas Ti Junior, ak

Orlichen Emile alyas Pè Lebren, Baz Delmas.

N ap raple, ansyen Premye Minis defakto, Claude Joseph, ap mache kritike, depi kèk tan, gouvènman Dominiken an ak aktyèl otorite ayisyen yo, dapre jounal dominiken Listin Diario.

7 septanm: manifestasyon toupatou kont Ariel Henry

Plizyè dizen milye moun pran lari nan zòn metwopolitèn lan ak nan vil pwovens yo, pou pwoteste kont pri pwodwi premyè nesesite yo ki monte tèt nèg, epi mande Ariel Henry pou li demisyone.

Nan Pòtoprens, anpil vyolans kont bank komèsyal yo

Nan kapital la, manifestan yo te reponn apèl lidè Pitit Desalin lan, Moïse Jean-Charles. Yo te plizyè milye ki te mobilize pou egzije pou gouvènman bese dola a parapò ak goud la. Yo te denonse tou klima ensekirite ak lavichè a.

Manifestan yo te fache kou kong e te atake tout branch bank ki sou wout Dèlma a, malgre prezans lapolis devan enstitisyon sa a yo. Yo te mete barikad, gaye fatra sou tout chimen yo. Pwotestatè yo boule kawotchou e voye wòch sou wout Dèlma a. Rive nan Pétion-Vil, lapolis te dispèse manifestan yo ak kout bal kawotchou ak gaz lakrimojèn. Plizyè moun te soti blese nan fen mach la, pami yo, de jounalis nan radyo Zénith.

Sèn piyaj nan Jeremi

Yon sitiyasyon tansyon te enstale nan sant vil Jeremi a, pandan jounen sa a. Anpil zam otomatik t ap chante toupatou nan Jeremi. Manifestasyon an te gaye nan plizyè ri nan vil la, pou pwoteste kont ratman gaz ak ogmantasyon pri gaz epi mande depa gouvènman Ariel Henry a. Manifestan yo te piye kèk boutik pwodwi alimantè. Batay te eklate ant lapolis ak manifestan yo. Bilan: twa moun blese ak bal.

Mekontantman jeneral la te kontinye nan plizyè vil pwovens tankou: Ti-Gwav, Pòdepè, Sen-Mak Miragwan, Okay. Malgre menas kèk opozan Pitit Desalin, Jean-Charles Moïse te rejwenn manifestasyon an sou moto, nan blòk Dèlma, e li te kontinye reklame depa Premye minis Ariel Henry.

244 milyon timoun toujou pa ale lekòl, nan lemonn

«Pa gen moun ki ka aksepte sitiyasyon sa a. Edikasyon se yon dwa, e nou dwe fè tout sa n kapab pou nou asire dwa sa a respekte pou chak timoun.» Se sa Direktè Jeneral UNESCO, Audrey Azoulay, te deklare. Nan 244 milyon timoun ki gen laj ant 6 pou rive 18 tan ki pa al lekòl, plis pase 40%, oswa 98 milyon nan yo, ap viv nan Afrik Sub-Sahara, sitou nan Nijerya (20,2 milyon), nan peyi Letiopi (10,5 milyon), nan Repiblik Demokratik Kongo (5,9 million) oswa nan Kenya (1,8 milyon), dapre Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon Syantifik ak Kiltirèl.

Pandan plis ti fi te kite lekòl pase ti gason, nan lane 2000 (+2,5% nan primè, +3,9% nan segondè), diferans sèks la te «redwi a zewo», dapre sa UNESCO fè remake, menm si «disparite rejyonal yo pèsiste». Plis pase 400 milyon timoun pa t ale lekòl, nan ane 2000 la, dapre enstitisyon entènasyonal la ki salye «pwogrè» nan domèn sa a, nan de deseni ki sot pase yo, menm si vitès la «te ralanti anpil, dènye ane sa yo».

An Ayiti, malgre pwomès pi gwo otorite Leta yo, ak pwogram PSUGO a, ant 250 000 e 500 000 timoun, ki gen laj 6 rive 11 zan, toujou pa ale lekòl. Se yon sitiyasyon vyolans gang ak koripsyon ki ap kangrennen administrasyon piblik la, ki ap anvlimen, chak jou pi plis, sistèm edikasyon an. Sa vin ankò pi rèd, jodi a.

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button