HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Renouvèlman manda BINUH, epi, epi, anyen…

Konsèy Sekirite Nasyonzini (ONU) renouvle, vandredi 15 jiyè 2022 sa a, manda Biwo entegre Nasyonzini ann Ayiti (BINUH), pou yon peryòd de yon ane. Tout mann Konsèy sa a te vote rezolisyon an, menm la Chin ki te montre kèk dezakò.

Konsèy Sekirite Nasyonzini an te adopte inanimman, vandredi 15 jiyè 2022 a, yon rezolisyon ki renouvle, pou yon lane, manda Biwo entegre Nasyonzini an (BINUH), epi lapolis nasyonal la pral benefisye sipò òganizasyon mondyal la, nan batay kont gang ame yo, dapre sa ki di. Dapre rezolisyon an, Konsèy Sekirite Nasyonzini an ka enpoze sanksyon endividyèl (jele byen, entèdiksyon vwayaj) kont lidè gang yo, nan 90 jou apre adopsyon rezolisyon an. Se Etazini ak Meksik ki te pote rezolisyon an devan Konsèy Sekirite Nasyonzini, e Etazini, nan non Anbasad Ameriken an Ayiti, kouri bat bravo pou yon renouvèlman manda yo te pwopoze. «Li ogmante kantite konseye lapolis pral jwenn, pou ede li batay kont vyolans gang, e li gen ladan l lòt mezi pou ankouraje estabilite ann Ayiti». Se sa Anbasad Ameriken an Ayiti te ekri nan yon tweet. Anplis de sa, Kanada byen akeyi renouvèlman manda BINUH an pa Konsèy Sekirite Nasyonzini an. Epi, epi se kòmsi yo pa t nan vote rezolizyon an.

Yon renouvèlman fòs pwogresis, an Ayiti kou lòt bò dlo, konteste

Anvan vòt rezolizyon an, plizyè estrikti sosyo-politik te eksprime dezakò yo. Nan jedi 14 jiyè 2022, plizyè dizèn aktivis te manifeste devan lokal Biwo entegre Nasyonzini ann Ayiti a (BINUH), kont volonte plizyè Eta nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an, pou renouvle manda sa a, je fèmen. Pou PAPDA, UNNOH, FANM VANYAN, MOLEGHAF, CNOHA, Nasyonzini echwe an Ayiti. Yo atribiye deteryorasyon sitiyasyon sekirite a ak reprezantan Nasyonzini nan Biwo entegre ann Ayiti, Madanm Helen M. La Lime, ki se enstigatè yon federasyon gang ame ki gen pratik teworize moun atravè tout peyi a. Nan New York, Komokoda te pwoteste kont renouvèlman BINUH an Ayiti devan Nasyonzini. Yo te voye yon mesaj klè bay dirijan ONI yo. pou Komokoda, «prezans BINUH nan peyi a pa itil nou anyen. Li sèlman fè sitiyasyon an vin pi malouk. Malgre Ayiti te anba sipèvizyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an, depi dizwitan, Ayiti konsidere kòm peyi ki gen pi gwo endis kidnaping per capita, nan mond lan.» Se yon reyalite ki grav anpil, ki montre ki kalite lapè y ap pote ann Ayiti, dapre plizyè estrikti sosyo-politik. Èske Ayiti pa t ap pwospere si yo ta mete etranje yo deyò epi pou aktè pwogresis yo te kapab pran an men destine peyi a?

Edikasyon: pwojè bakaloreya teknik ak pwofesyonèl

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) kontinye ap diskite ak patnè li yo, pou mobilize yo sou pwojè bakaloreya teknik ak pwofesyonèl la. Minis Nesmy Manigat rankontre, madi 12 jiyè a, yon delegasyon kongregasyon Salezyen Don Bosco an Ayiti, nan lide pou kontinye ak diskisyon sou pwojè bakaloreya teknik ak pwofesyonèl ministè a ap pare pou mete an aplikasyon apati nouvèl ane akademik 2022-2023 a. Nan kad rankont sa a ki te gen pè Morachel Bonhomme ki te reprezante delegasyon Salezyen Don Bosco a, Minis Manigat te prezante pwojè bakaloreya teknik ak pwofesyonèl la, ak tout sa li pote kòm avantaj pou sistèm edikasyon ayisyen an. Daprè yon nòt ministè a, pwojè bakaloreya teknik lan ap pèmèt jenn yo gen lòt opòtinite pou bati lavni yo, ak asirans. Menm pwojè sa ap bay jèn yo posiblite pou aprann yon metye ki sètifye ki ap pèmèt yo ranfòse kapasite pwofesyonèl yo epi mete tèt yo deyò nan lekòl lavi a, san sa pa gen konsekans sou aprantisaj yo. Pwojè sa a, ki ta dwe demare pou ane akademik ki pral louvri la a, ta dwe inogire ak pwomosyon segondè 1, nan Lise Nasyonal Lasalin lan. Se rezon ki fè Ministè Edikasyon Nasyonal la ap chache devlope patenarya sa ak Salezyen yo. Nan menm lide a, minis Nesmy Manigat swete eksperyans sa a demare tou avèk yon lòt gwoup elèv nan Sant Don Bosco Teknik ki nan Fò Libète. Manb Salezyen yo, sou bò pa yo, fè konnen yo gen volonte pou kontinye travay avèk Leta Ayisyen, epi yo raple se sou baz yon pwojè konsa ki fè yo te rantre Ayiti an 1936, pandan yo te tou pwofite bay lide pa yo sou kèk bagay pou pèmèt inisyativ la byen fèt. 2 pati yo ap gen pou chita ansanm ankò, kote y ap òganize yon jounen travay sou dosye sa a, yon fason pou soti ak kèk pwopozisyon anndan yon dokiman.

Reyinyon sa a te gen minis Nesmy Manigat, Jacques Abraham ki se direktè kabinè li. Delegasyon Salezyen Don Bosco Ayiti a te gen plizyè pè, pami yo, pè Morachel Bonhomme ki se pwovensyal Salezyen yo.

Kidnaping: Jounalis Edner Fils Décimé, pami viktim yo

Jounalis Edner Fils Décimé, k ap travay nan Alterpresse, se youn pami viktim kidnaping kolektif ki fèt dimanch 17 jiyè a nan Delmas 30. Jiska jodi a, kantite moun yo te kidnape jou sa a, poko devwale. Sepandan, enfòmasyon yon temwen te bay, fè konnen se te yon bann ak yon pakèt moun. Bandi ame yo te ale ak yo, pami yo, genyen jounalis Décimé Edner, ki te nan yon machin Sèvis Leta (SE). Temwen an te ajoute yo te kidnape yon fanm nan yon Toyota RAV4 tou, alòske yon moun ki te nan machin sa a te sove anba gwo kout zam bandi yo e te alète lapolis ki te rive sou plas, kèk minit apre. Machin viktim yo te rete sou sèn krim lan.

Dapre enfòmasyon yo, kidnapè yo t ap sikile nan twa machin. Apre anlèvman sa yo, yo sèvi ak sirèn ak jiwofa pou te jete yo ak viktim yo. Temwen yo fè konnen yo te ale tou ak kèk lòt pasan ki te sou wout yo. Jounalis yo reklame liberasyon san kondisyon Edner Fils Décimé.

Madanm Gina Jean Louis Rolls, brokè Legliz Episkopal la, anba kòd

Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te arete, vandredi 15 jiyè 2022 a, Madanm Gina Jean Louis Rolls, lapolis t ap cheche, pou swadizan enplikasyon li nan enpòtasyon yon kagezon zam ak minisyon lajistis te sezi nan pò Pòtoprens, semèn sa a. Madanm Gina Jean Louis Rolls se yon brokè. Li te responsab pou fasilite dedwanman kontenè kote yo sezi 22 zam afe, pami yo 19 fizi daso, 140 chajè zam diferan kalib ak plis pase 14 600 katouch. Otorite yo te konfiske tou 50 mil fo dola ameriken. Operasyon fouy sa a te reyalize nan tèt ansanm ant Polis Nasyonal Ayiti, Biwo komisè Gouvènman Pòtoprens ak Administrasyon Jeneral Ladwàn.

Ronald Léon

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...