acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Lapolis nan Pòdepè sezi yon kagezon minisyon tout kalib, sou waf vil sa a

Daprè Komisè Gouvènman an, sezi sa a fèt nan kad batay kont trafik zam nan peyi a. Mèt Michelet Virgile te declare, aprè konsta, yo sezi, nan yon koli sispèk ki te nan bato Mis Lili, 128 bwat katouch tout kalib. Yon moun te jwen arestasyon li, nan kad operasyon sa a. Moun yo arete a, se li ki te vinn resevwa koli sa yo. Komisè Gouvènman an anonse li te al fè tou, yon pèkizisyon nan kay ekspeditè koli sispèk sa yo. Apre fouy, yo jwenn 114 343 goud, 890 dola ameriken ak 3 twa pistolè, pami yo: 2 kalib 9milimèt ak yon 38. Komisè Gouvènman an, Michelet Virgile, pa t bay idantite moun yo te arete ak moun k ap viv aletranje ki te voye kagezon bal sa yo an Ayiti.

Selon sit ofisyèl «AMMO.com»:- yon bwat TulAmmo, minisyon 9mm- 1000 katouch 115 grenn FMJ, koute $359,99; – yon bwat TulAmmo, minisyon 38 espesyal, – 1000 Katouch 130 grenn FMJ koute $499,99.

Lapolis Nasyonal Dayiti prezante Junior Claude, alyas «Zakè», yon ansyen polisye, asosye Ezekiel Alexandre

Lapolis nasyonal Dayiti te arete, dimanch 26 jyen 2022 an, nan Kafou-Fèy, ansanm ak chèf gang Baz Pilat la, Ezekiel Alexandre, alyas «Ze», ansyen polisye Junior Claude, alyas «Zakè». Pandan entewogasyon li nan DCPJ a, li te fè revelasyon sou swadizan patisipasyon li nan plizyè dosye. 2 endividi sa yo te gen de (2) pistolè nan men yo epi yo te abò yon machin blan ki anrejistre sou plak nimewo: IT-07703.

Soti avril rive jyen 2022, 326 ka kidnaping anrejistre nan peyi a, daprè CARDH

Sant pou Analiz ak Rechèch sou Dwa Moun (CARDH) di li te anrejistre 326 ka kidnaping pandan peryòd ki soti avril rive an jyen 2022. Ka kidnaping yo te ogmante de 44,8%, konpare ak sa ki te anrejistre nan premye trimès 2022 a, kote te gen 225 ka. Nan dènye rapò li te pibliye, jedi 30 jyen 2022 a, pou dezyèm trimès ane 2022 a, Inite Obsèvasyon Krim (COC) nan Sant pou Analiz ak Rechèch sou Dwa Moun (CARDH) di ke li te anrejistre 290 Ayisyen ki te kidnape; 36 etranje ki soti nan 9 peyi (40 depi janvye jiska dat) ak 15 kidnaping kolektif. Dapre CARDH, yo te kidnape 53 moun pou mwa avril la, kont 118 pou mwa me a, kidonk yon ogmantasyon de 117%. Pou mwa jyen an, se te 155 ka yo anrejistre, alòs yon ogmantasyon de 192%, konpare ak mwa avril la, oswa yon ogmantasyon de 31%, konpare ak mwa me a. Anplis, CARDH fè remake ke yon plak kò diplomatik ak yon machin ki soti nan Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) nan men bandi yo, e yo itilize yo pou fè kidnaping ak lòt aktivite kriminèl.

10 nouvo manm rantre nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA)

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) te òganize, jedi 30 jyen 2022, nan otèl Marriott, yon seremoni enstalasyon pou dis nouvo akademisyen ak yon konseye konsiltatif. Akademisyen sa yo di yo pran angajman pou fè respekte Konstitisyon an pou tout enstitisyon nan peyi a, kit se piblik, kit se prive, pibliye dokiman yo an kreyòl. Dis pèsonalite, pami yo: sis fanm, resevwa sètifikasyon yo, jedi sa a, nan otèl Marriott la, pou entegre Akademi Kreyòl Ayisyen an, ofisyèlman. Marie Jeanne Richard, espesyalis edikasyon, Yvon Lamour, espesyalis edikasyon, Noah Amilcard Jean-François, jiris, Lionel Desmarate, jounalis, Jean-Robert Placide, lengwis, Sandra Duval, doktè nan edikasyon, Régine Durosca Muré, entèprèt, Alduniel Dimanche, jiris, Altagrâce Payen Auguste, espesyalis nan jesyon sistèm edikasyon, Chantal Noël, doktè nan edikasyon, se nouvo akademisyen yo. Bò kote pa l, Jean Mary Mondésir, jiris, lengwis, vin nouvo konseye konsiltatif la.

Kounye a, akademi sa a gen karanteyen manm ki pral pote banyè kreyòl ayisyen an Akademi Kreyòl Ayisyen an gen plizyè gwo chantye nan konstriksyon. «Nou gen preparasyon yon rezolisyon sou nòmalizasyon òtograf lang kreyòl la, devlopman zouti referans, tankou: gramè jeneral lang nan, mete kanpe yon diksyonè jeneral ak yon diksyonè espesyalize, reyalize yon sondaj sosyolengwistik sou pèsepsyon popilasyon an sou lang yo pale nan sosyete a», dapre Rogéda Dorcé Dorcil, prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an.

Ariel Henry chwazi 9 manm pou dirije negosyasyon ak Montana, Pen ak alye yo

Edmonde Supplice Beauzile, André Michel, Marjorie Michel, Émile Hérard Charles, Génard Joseph, Domingue Orgella, Louis Gérard Gilles, Alix Richard ak Josué Pierre-Louis, se 9 manm sa yo, Premye Minis Ariel Henry te chwazi pou dirije negosyasyon ak Montana, Pen ak alye yo. Primati a te fè anons la, atravè yon korespondans nan dat 24 jyen 2022 a.

«Fason ki pi dwat pou rive jwenn yon akò, se kòmanse diskisyon serye, san kondisyon, epi chache apwofondi pwen nou te deja dakò sou yo. «Li pa nesesè pou nou dakò 100% sou tout bagay yo ak tout detay yo, pou nou kapab deside vanse ansanm, yon ti pousantaj ka bay ase pou menmen aksyon komen nan enterè nasyon an.» Se sa nou te ka li nan korespondans Primati a te voye bay Montana, Pen e alye li yo.

Premye Minis la kwè ke «konpleksite sitiyasyon an nan peyi nou an ak ijans nou ap fè fas yo, egzije pou nou fè sakrifis epi mete ego nou sou kote», pou nou vanse nan enterè peyi a.

«9 non sa yo nou te chwazi yo, rantre nan lojik pou enkli tout segman nan sosyete nou an. Si ou sipòte demach lan, nou ta ka byen vit fikse yon dat pou yon premye reyinyon.» Se sa Premye Minis Ariel Henry te ekri.

Pandan Ariel Henry ap chache jwenn yon antant politik ak advèsè li yo pou rive nan eleksyon, popilasyon pa remake okenn strateji gouvènman sa a ap fè pou rezoud pwoblèm konkrè y ap fè fas ak yo chak jou, tankou: ensekirite, lavichè ak enflasyon.

Arestasyon Jean Iva Domond, prezime ansasen Jean Marcson Romelus (11 zan), pou tèt 2 twa grenn mango

Polis Nasyonal Ayiti te arete, dimanch 26 jyen an, Jean Iva Domond, nan Bizoton 51, komin Kafou, pou swadizan enplikasyon li nan ansasinay yon adolesan 11 zan, Jean Marcson Romelus, pou tèt de twa grenn mango li ta ranmase nan lakou lakay akize a. Lapolis arete e akize Jean Iva Domond pou posesyon ilegal zam afe. Daprè enfòmasyon preliminè yo, Jean Iva Domond, 66 lane, te rekonèt li touye Jean Marcson Romelus, dimanch 19 jyen 2022 nan maten, nan Morne Ogé, lokalite Jakmèl. Jean Iva Domond te konfese krim li, li te eksplike ke yon gwoup moun te atake l lakay li e li te tire Jean Marcson Romelus ak yon bal nan tèt.

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button