HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Ansyen senatè Carl Murat Cantave pa t prezante l nan biwo komisè gouvènman Pòtoprens la

Ansyen senatè Carl Murat Cantave, ki te envite, lendi 7 jyen an, nan biwo komisè gouvènman Pòtoprens la, pa t parèt. Li di li pa t resevwa envitasyon nan men komisè adjwen gouvènman an, Jeanty Souvenir.

Ginette Lundy, ki te travay lakay li kòm menajè, te pote plent fòmèl pou atak ak agresyon fizik kont doktè Cantave. Pou defann tèt li, ansyen senatè Carl Murat Cantave denonse yon asasina politik, sosyal ak pwofesyonèl ki pwograme kont li.

Dominikani: minis Anviwonman an mouri ansasinen anba bal zanmi li, Miguel Cruz

Orlando Jorge Mera, minis Anviwònman dominiken an, mouri ansasinen, lendi 6 jyen an, nan biwo li. Se te yon avoka renome epi yon pwofesè inivèsite ki te gen apikilti ak espò kòm pastan li. Jorge Mera fèt Santiago de los Caballeros, li gen 55 lane. Li te elve nan yon fanmi ki dedye pou politik. Li se pitit Salvador Jorge Blanco ki te Prezidan Repiblik Dominikèn, ant 1982 ak 1986. Minis la mouri ak plizyè kout bal, e se yon zanmi danfans li, Miguel Cruz, ki ta tire li. Cruz te toujou yon kolaboratè politisyen an. Li te gen bon jan lyen sere ak prezidan an.

Jorge Mera te gen 16 zan, lè papa l te vin chèf leta a, e li te kondisip prezidan aktyèl la, Luis Abinader. Yo te gen yon relasyon sere sere. An reyalite, papa Abinader, defen politisyen ak biznisman José Rafael Abinader, te sekretè finans nan gouvènman papa Jorge Mera a. An 2014, Abinader, Jorge Mera ak plizyè ansyen manm Pati Revolisyonè Dominiken an (PRD), te fonde Pati Revolisyonè Modèn (PRM), epi, uit ane apre, yo te rive pran laprezidans lan.

Se yon fanmi ki pwofonde nan politik. Istwa yo nan lavi politik nan Sendomeng konstan – sè li, Dilia Leticia, se minis annapre nan ministè administratif nan prezidans lan, pitit gason li, Orlando Jorge Villegas, se yon depite. Vèv li a, Patricia Villegas, yon avoka ak patnè nan kabinè avoka ansyen prezidan Jorge Blanco te fonde, te nonmen anbasadè nan Brezil, an 2021.

Lapolis nasyonal arete Fausto Miguel de Jesús Cruz de la Mota yo idantifye kòm ansasen Minis Anviwònman an, Orlando Jorge Mera, ke li touye ak bal nan biwo li. Pwokirè piblik la louvri yon ankèt sou dosye a.

Prezidan Abinader gen lapenn pou lanmò minis Orlando Jorge Mera e li anonse «Gouvènman an ak prezidans lan rete a dispozisyon fanmi an, pou nenpòt bagay yo ka bezwen.»

Matisan 1 an, se laterè pou transpòtè ayisyen : 25 chofè mouri, 50 ka anlèvman…

Gang k ap goumen nan papòt sid Pòtoprens genyen yon lane depi y ap twoke kòn yo, mèkredi premye jen an. Batay ant gang rival nan «Village-de-Dieu, Ti Bwa ak Gran-Ravin», pou kontwole 3zyèm sikonskripsyon Pòtoprens la, kontinye ap fè viktim nan mitan popilasyon sivil la. Se pa milye, abitan yo te oblije kouri kite kay yo pou yo pran refij nan sant espòtif Kafou a, nan diferan plas piblik nan zòn lan oswa nan kay prive. Depi premye jen 2021, lapolis pa janm rive reprann kontwòl katye sa yo ki tounen «zòn non dwa». Men se transpòtè ayisyen ki peye pi gwo chay la, pandan 12 mwa laterè sa a. 25 chofè pèdi lavi yo, 50 lòt, bandi ak zam te kidnape yo.

Bilan an lou, pou transpòtè ayisyen yo

Ansasinay, anlèvman, detounman bis vin tounen yon bagay nòmal nan Matisan, dapre Duclos Benissoit, koòdonatè jeneral Mouvman Ini Transpòtè Ayisyen (MUTH). Pou mesye Benissoit, gang ki te kontwole wout nasyonal nimewo 2 a abitye louvri kout zam sou bis yo. Pandan eskonbrit sa yo, 25 chofè mouri ansasine, 102 lòt blese, gen 50 anlèvman, 300 vehikil detounen ak 10 lòt boule e sèvi pou bare wout la. Li swete otorite yo jwenn yon mwayen pou rezoud pwoblèm lan.

4 altènatif pou kontoune blokis gang Matisan enpoze itilizatè wout nasyonal nimewo 2 a

Dwa pasaj nan wout la, yo dwe peye

Pou evite wout Matisan, popilasyon oblije itilize plizye altènatif. Sèten chofè bis ak motosiklèt oblije peye yon dwa pasaj kote bandi yo ki te machin pase, men li pa toujou san danje. Sèten gwoup, ki pa resevwa kòb pa yo, konn atake otobis sa yo kanmenm.

Itilizasyon wout anndedan, apye ou sou moto

Sila yo, ki dwe ale nan okipasyon yo chak jou nan zòn metwoplitèn lan, oblije itilize wout Tikajou, Tara’s oswa Sen Jid, ki nan trè move kondisyon. Trajè pou rive Pòtoprens apati wout sa yo, ka koute jiska 1 500 goud, nan moto-taksi. Moun ki gen mwens ou ki pa gen lajan, travèse a pye.

Trafik ayeryen pouse kou djondjon

Trafik ayeryen ap fleri, pandan yon lane bandi nan Matisan paralise twonson wout sa a. Tikè ale Pòtoprens/Cayes la vann kounye a 250 dola ameriken. Prèske menm pri pou Jérémie ak Jacmel, dapre Le Nouvelliste. Trafik ayeryen pa toujou fèt anba kontwòl ak siveyans otorite ayeryen peyi a. Plizyè aksidan mòtèl, deja rive nan sans sa a.

Transpò sou lanmè

Blokis gang Matisan an anpeche livrezon pwodwi fèt nan kapital la. Pou ale nan Gran Sid la, plizyè antreprenè te lanse inisyativ pou kreye trafik ant pò Otorite Pòtyè Nasyonal (APN) nan Pòtoprens ak pa Lamarin Dayiti nan Kafou. Ti bato, ki gen anviwon kenz plas, pral gen pou transpòte pasaje, soti Kafou pou ale anba lavil Pòtoprens.

N ap raple 14 fevriye 2022 a, premye minis Ariel Henry te pwomèt e li te bay garanti twonson wout Matisan ki mennen nan gran Sid la, PNH pral pran kontwòl li, malgre fèb mwayen lapolis. 5 mwa apre, gang ame nan «Village-de-Dieu, Ti Bwa ak Grand-Ravin» kontinye ap teworize abitan Matisan yo ak moun ki itilize wout nasyonal nimewo 2 a, san lapolis pa janm metrize bandi sa yo.

Ronald Léon

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...