acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Bandi ame atake yon bis nan Matisan: 2 moun blese ak yon moun mouri

Se nan nivo Matisan 7, Bandi ame atake, lendi 30 me 2022 a, bis konpayi Voix des Anges ki t ap soti Pòtoprens pou ale Okay, daprè sindikalist Changeux Méhu. Bilan: 2 pasaje blese ak Stevenson Théodore, yon jenn gason 19 lane, mouri anba bal bandi yo. Lidè APCH la, Changeux Méhu, denonse atak la e li kontinye ankouraje chofè ak pwopriyetè bis pou evite zòn sa a ke Leta abandon pou gang yo, depi jen 2021.

Gwo tansyon devan rezidans prive PM Ariel Henry, nan okazyon lansman pwogram peze gaz

Jedi 26 me a, pandan gouvènman an t ap lanse pwogram peze gaz nan rezidans ofisyèl premye minis la nan Musseau, plizyè dizèn moun t ap patisipe, an menm tan, nan yon sit-in pou denonse ensekirite a men tou pou mande aplikasyon akò 11 septanm ak chanjman nan tèt meri yo. Anndan rezidans prive PM Ariel Henry, sou figi minis yo, moun te ka wè laperèz ak panik devan kout zam detanzantan ki t ap sonnen nan vwazinaj la. Se ak anpil difikilte yo t ap pale sou diferan pwojè ki vize ede moun vilnerab yo ki anba fenomèn ensekirite, grangou ak dezas natirèl.

Deyò a yon gwoup sitwayen pwòch estrikti politik Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) t ap bat chal bari dèyè gouvènman Ariel Henry. Lapolis, sou bò pa li, te gaye sitin lan avèk vyolans. Lapolis te tire gaz lakrimojèn pou dispèse foul la. PNH kraze sitin lan ak gaz, men okenn arestasyon pa t fèt.

Ayiti-kidnapin: PNH libere vennsèt (27) timoun lekòl nan yon bis

Yon patwouy lapolis libere nan Carrefour – New-York, madi 24 me 2022 sa a, vennsèt (27) timoun lekòl, pami yo 14 tifi, bandi ame te kidnape nan yon bis nan zòn Meyer, dapre yon videyo sou sit ofisyèl PNH la. Lapolis pa anonse okenn arestasyon e ni yo pa di si te gen afwontman ant bandi ame yo ak patwouy lapolis la, nan moman liberasyon bis lekòl la.

Alternatiba-Haïti ap vanse

Mouvman Nasyonal Sitwayen pou Klima, Alternatiba-Haïti, pase vitès siperyè nan enplantasyon Kontra pou yon lòt anviwònman ak yon lòt sosyete an Ayiti. 59 reprezantan gwoup lokal Mouvman Nasyonal Sitwayen pou Klima, Alternatiba-Haiti, ki soti nan 8 depatman peyi a, fè premye rankont kòdinasyon nasyonal yo pou ane 2022 a, soti 20 rive 22 me, nan Papay, Depatman Sant lan. Nan rankont sa a, yo tabli estrateji pou pote Dokiman Kontra pou yon lòt Anviwònman ak yon lòt Sosyete a bay kominote kote y ap evolye yo, dekwa pou yo ka ranmase l kòm zouti travay sou teritwa yo.

Nan kòdinasyon sa a, ki se reyinyon pi gwo enstans mouvman an, reprezantan gwoup lokal yo, ki soti nan plis pase 30 komin nan peyi a, wè nan analiz yo yon konjonkti politik, ekonomik, sosyal ki malouk anpil. Popilasyon an ap viv yon kriz 7 tèt, kote enkonpetan, piyajè nasyonal ak entènasyonal, koriptè ak kowonpi patante, kidnapè ak gangstè kriminèl menase egzistans tout enstitisyon peyi a, kraze fòs pwodiksyon ak ekonomi peyi a, pouse do pwofesyonèl yo, fè popilasyon an viv ak kè kase epi tiye rèv tout pitit peyi a.

Se poutèt sa Kòdinasyon Mouvman Nasyonal Sitwayen pou Klima a, Alternatiba-Haiti, wè li nesesè pou travay ak dokiman Kontra sa a komanse fèt prese-prese. Se pou sa, patisipan yo te reflechi ansanm nan Papay, sou kijan yo pral kole zepòl ak lòt patnè epi sèvi ak Kontra pou yon lòt Anviwònman ak yon lòt Sosyete a, kòm zouti pou, nan tan k ap vini yo, yo rive fòme sitwayen yo, mobilize yo pou yo ka angaje kandida yo sou 5 liy kontra sa a, ak pou yo chwazi sila yo ki rantre yonn ou plizyè nan 25 mezi Kontra a nan pwogram yo. Konsa, nan reyinyon Kòdinasyon Nasyonal sa a, Mouvman Nasyonal Sitwayen pou Klima, Alternatiba-Haiti, bat bravo pou travay Gwoup lokal Alternatiba-Valyè, Alternatiba-Karis, Alternatiba-Monbenkwochi ak Sant Kiltirèl Devlòpman Karis (SKDK) deja ap fè nan depatman Nòdès la. Nan sans sa a, 3 gwoup lokal sa yo deja òganize deba piblik sou Demokrasi ak Sitwayente, Biyodivèsite ak Klima, 1e ak 2zyèm liy Kontra a. Kanta SKDK, se premye patnè ki vin alye Mouvman Alternatiba-Haiti an, nan travay sa a.

SKDK deja mete pwomosyon dokiman sa a nan pwogram aktivite regilye yo epi kòmanse mete sou pye plizyè platfom sitwayen nan divès seksyon ak lokalite komin Karis lan. Selon Kontra sa a, sitwayen yo, ansanm ak pretandan dirijan yo, gen pou pran angajman sou mezi ki nan 5 liy : Klima ak Biyodivèsite, Demokrasi ak Sitwayènte, Jistis sosyal ak Solidarite, Administrasyon Piblik, Ekonomi. Lansman Dokiman sa a te fèt 8 septanm 2021 e se rezilta travay 2 lane GAFE ak preske 1000 sitwayen nan 10 depatman peyi a. N ap jwenn vèsyon kreyol ak franse a sou sit GAFE a.

Chanje sistèm lan, pa deregle klima a

Mwa Nasyonal Sitwayen pou Klima, Alternatiba-Haïti, pase vitès siperyè nan enplantasyon Kontra pou yon lòt anviwònman ak yon lòt sosyete an Ayiti!

Frédéric Marcelin Nèg ki te mennen «Batay kont Bank» Crédit Industriel et Commercial jouk li kapote l

Ayiti te pran yon kout panzou nan kreyasyon Bank dAyiti, nan men Crédit Industriel et Commercial CIC. Kreyasyon Bank Nasyonal dAyiti te pote yon espwa pou Ayiti ki ta dwe ede li kreye envestisman, bati wout, lekòl e latriye, e se te an gran panpan, fedatifis, banbòch nan salon larepiplik pou te selebre kreyasyon bank lan, 25 septanm 1880 sou prezidan Lysius Salomon. Men apre dans, tanbou lou. Ayisyen rapidman reyalize ke yo te twonpe yo. Bank Nasyonal pa t ofri sitwayen ayisyen ak biznis li yo nan peyi a, ankenn kont epay. E menmsi estati bank lan te pèmèt yo te prete konpayi yo lajan, jan Ayisyen te toujou espere, nan dosye labank lan, yo te dekouvri nan Achiv Nasyonal, nan Roubaix te montre klèman se te raman sa te rive e oubyen sa pa te janm rive fèt.

«Non, se pa ak kalite Bank dAyiti sa a, jan li t ap fonksyone a, ke Ayisyen te ka espere Ayiti pral kanpe», se sa Minis Finans Ayiti, Frédéric Marcelin, te ekri pou kanpe anfas bank lan. Frédéric Marcelin vin pi gwo detraktè bank la. Mesye Marcelin te goumen anpil, pandan plizyè lane, pou retire kontwòl li nan men aksyonè Parisyen yo.

Men ki moun Frédéric Marcelin te ye ? Ayisyen konnen Frédéric Marcelin kòm lòtè plizyè roman, tankou : «Thémistocle Epaminondas Labasterre, La Vengeance de Mama et Marilisse». 2 nan roman sa yo te sèlman prezante defo sosyete ayisyen an, dapre kèk kritik. Men ki moun Frédéric Marcelin te ye an reyalite ? Frédéric Marcelin te fèt Pòtoprens nan dat 11 janvye 1848 ou 1850. Li te soti nan yon fanmi komèsan e li te grandi nan zòn biznis nan kapital la. Li te yon biznisman, jounalis, romansye ak politisyen. Li te eli 2 fwa depite.

An 1874, sou gouvènman Domingue, li te eli nan Chanm Depite e aprè, li te ale an egzil. Lè li retounen, an 1882, Marcelin te eli ankò Depite Pòtoprens. Lè sa a, li te yon manm Pati Nasyonal la. Marcelin te dirije, an 2 fwa, Depatman Finans lan soti nan 1892 rive an 1894, sou prezidan Hippolyte ak sou prezidans Nord Alexis 1905 pou rive 1908. Apre gouvènman Alexis te tonbe an 1908, Marcelin te pran egzil ankò pou Lafrans, kote li te chita ekri ak pibliye dènye zèv li yo. Li te mouri nan Pari, an 1917, kote li antere.

Frédéric Marcelin anti Bank Nasyonal D’Ayiti

Dezyèm mwatye 19yèm syèk la te dwe yon opòtinite imans pou Ayiti. Lè sa a, te gen gwo demann mondyal pou kafe, pwodiksyon ki estriktire ekonomi lokal la, ap fleri. Nan lanmè Karayib la, Kosta Rika ap pwofite. Richès li soti nan kafe pou konstwi lekòl, sistèm dlo egou ak premye rezo ekleraj elektrik minisipal nan Amerik Latin lan.

Ayiti, yon lòt bò, ap peye gwo taks ak lajan kafe li an. Li t ap peye yon doub dèt bay Lafrans, dabò, bay ansyen esklavajis li yo, apre sa, bay bank CIC. Lè Marcelin te Minis Finans sou Nord Alexis (1905-1908), menm jan ak Alexis, li te fache lè yo te wè administratè franse nan Bank Nasyonal Ayiti te sezi lajan pou eseye fòse Leta aksepte chak manda li yo. Marcelin te ekri yon lèt nan jounal Le Nouvelliste, pou l te di ke Ayiti ta pito mouri grangou pase nou sede; Leta a ta revoke chat bank la pou fè l tounen kòm trezò nasyonal li; men te gen tan toujou pou relouvri chita pale yo. Relasyon an tèlman inegal, li endiye, ke nan «Bank Nasyonal d Ayiti, sèl kote ki rezève pou Ayisyen yo, se te moun ki te sou kès pou pran reset», anplwaye sa yo ki responsab pou kolekte peman nan men kliyan yo.

«Dapre pawòl ofisyèl yo, nou vin di menmsi se bank la ki te lakòz pwoblèm nou yo, li pa t ap ede nou rezoud yo. Olye de sa, li te vle pwofite imilyasyon nou, lè li te eseye fòse nou siyen yon amnisti jeneral. Nou te reziste. Nou te gen laviktwa. Men a ki pri ? 10 milyon nouvo bòdwo papye ak ekonomik ki te rine n». Pawòl Marcelin.

Nan lane 1903, otorite ayisyen yo te kòmanse akize Bank Nasyonal la paske li faktire nou twòp, li te chaje nou ak enterè, e li t ap travay kont enterè peyi a. Men, bank la raple yo yon detay enpòtan: se yon konpayi ki anrejistre an Frans, kidonk li konsidere tribinal ayisyen yo pa ka jije yo. An repons Marcelin te deklare: «Nou ka afime ke se te yon sakrifis nesesè pou lajistis, pou yon kòz sakre, iminan nan lwa ki pwoteje nou kont bank koupab la. Demen, lè listwa ap ekri, li pral eksplike ke bank la te gen men l sou kès Leta a, lè li te enpoze nou {yon chwa:} wont oswa grangou. Pèp Ayisyen te chwazi grangou.

Misye Marcelin pa dekouraje konvenk palman an pou l repran kontwòl trezò piblik la. Ayiti finalman genyen dwa pou enprime pwòp lajan li, epi peye pwòp bòdwo li. An janvye 1908, Pierre Carteron, reprezantan Lafrans an Ayiti a, rankontre ak Marcelin epi li ankouraje li retabli relasyon nòmal ak bank lan. Marcelin refize. Li di : si pou Bank Nasyonal d Ayiti a ta kanpe sou pye l, fò l ta kòmanse travay pou devlopman ekonomik peyi d Ayiti.

Nan yon nòt Carteron te ekri, li di : se yon bagay ki kab posib. Natirèlman, premyèman fòk Ayiti ta remèt Lafrans kontwòl trezò piblik li. Li ajoute : «Mete sou sa ou bezwen lajan. Kote w pral jwenn lajan ?»

Dapre sa Carteron ekri ak men pa li, li te sispèk Marcelin pa t ap janm dakò ak sa. Donk li ankouraje kòlèg li yo a Pari pou yo prepare yon nouvo plan.

Apati eksperyans li, Marcelin te espere ap chache yon akò onorab ak rantab pou tou lè de. Yon antant ki t ap mete fen definitivman nan move konpreyansyon ant Bank lan ak pèp ayisyen an. Paske yon fwa ke li revoke yo {estati li a pou sèvi kòm yon trezò piblik], mo «nasyonal la», nan non li te konnen depi plis pase yon ka syèk, pa p a la mòd ankò.

Ak detèminasyon pa gen chenn ki pa kraze

Bank Nasyonal dAyiti kraze apre gwo batay Frédéric Marcelin, Minis Finans Nord Alexis, pou te rapatriye souvrente Bank lan, an Ayiti, a travè aksyon konkrè ak plizyè liv ak atik li te pibliye tankou: La Banque nationale d’Haïti: une page d’histoire. Paris: Impr. Kugelmann, 1890; Port-au-Prince: Fardin, 1985.

Nouvo enstitisyon sa a ouvè pòt li an 1910, ak yon ti chanjman nan non an: Bank Nasyonal Repiblik d Ayiti. Lafrans te gen enterè toujou nan bank lan men, apre 30 ane, Crédit Industriel et Commercial pa t la ankò.

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button