HomeHot NewsNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Anviwon 10 jenn gason milat atake epi agrese Mèt André Michel, akòz batay li di li te mennen kont PHTK

Li te anviwon 2 zè di matin, lè André Michel ak yon gwoup zanmi, apre yo te finn amize yo, t ap kite nan lanmwuit samdi 30 avril pou rive 1ye me, yon klib branche, «ASÙ», nan otèl Karibe (Petyonvil), kote plizyè endividi te kanpe aktivis politik la epi agrese li anndan yon asansè. Yo menn te rapòte ke li te resevwa anpil kou. André Michel, li menm, fè konnen :«Anviwon 10 jenn gason milat agrese m. Yo di m mwen bat kò m twòp. SDP pa vle peyi a tounen nan vye koze milat ak nèg nwè ankò. Mwen pa gen pwoblèm koulè ak PHTK. Mwen gen pwoblèm ak PHTK, paske yo fè 10 zan y ap kraze peyi a, yo mete gang nan tout peyi a epi yo ogmante mizè pep la».

André Michel denonse tou yon tantativ asasina li ta sibi, nan yon nòt li mete deyò pou eksplike fè yo. Li rapòte ke yo te atake l vèbalman, men André Michel pa rekonèt yo te atake l fizikman, sa ta vle di yo pa t bat li. Sepandan, li eksplike ke yon gwoup milat patizan PHTK ki te atake l vèbalman, li di li «te kontan evite yon beny san nan Karibe, gras ak lidèchip li». Enfòmasyon ki ta sikile sou entènèt la te anonse yo te bat li epi yo te menm kase tèt li, «yon video ki t ap sikile sou rezo sosyal yo t ap montre mak san yo te di se te san Mèt Andre Michel. Pou kounye a, pyès moun pa konnen si aktivis politik ak pòtpawòl SDP a ap pote plent kont X.

Kote Ariel Henry, Kote Elbe? Y ap touye moun nan Plenn lan, èske lavi moun nan Plenn lan konte?

Pa menm yon tweet, pa yon pòst pou Premye Minis defakto Ariel Henry ta voye senpati li bay viktim nan Plenn yo, pandan li ta tou pote solidarite li bay fanmi Etidyant Osny Zidor, bandi kriminèl te touye anba bal, nan yon ti bis, jou ki te samdi 23 avril 2022. Sou paj Facebook ak tweetè otorite yo, pa gen okenn siy ki montre lapatri an danje. Ni direktè jeneral PNH la, ni minis Enteryè ak Lajistis, ale wè pou pou Premye Minis Ariel Henry, ta vinn devan popilasyon an pou vin anonse yo yon seri mezi yo pran ou yo pral pran pou fè fas ak deteryorasyon klima sekirite, depi 4 jou, nan diferan katye nan Plenn lan. Yon ventèn moun mouri ak yon lòt ventèn blese, plizyè kay piye ak boule, plis pase 5000 moun fòse kouri kite kay yo nan Plenn lan, nan endiferans total pi gwo otorite Leta yo.

«Biwo Pwoteksyon Sitwayen (OPC), leve vwa li pou denonse silans ak inaksyon premye minis Ariel Henri ak chèf la polis Frantz Elbe ki gen misyon pou pwoteje popilasyon sivil nan katye Butte-Boyer, Croix-des-Missions, Marecage ak Mapou». Pwotektè Sitwayen, Renan Hédouville, kondane inaksyon oswa silans dirijan aktyèl yo ki reflete yon fòm sinik oswa mepri yo genyen pou dwa moun, sitou dwa a lavi ak sekirite. Biwo Pwoteksyon Sitwayen an rekòmande pou pi wo otorite Leta yo pran responsablite legal yo pou pwoteje lavi ak byen sitwayen yo, sou teritwa nasyonal la, ann akò ak angajman sou dwa moun yo te siyen nan nivo rejyonal ak entènasyonal.

Otorite lapolis yo pa menm an mezi pou yo founi yon bilan sou swadizan operasyon y ap mennen nan Kwadèmisyon. Nan detrès popilasyon an, gen yon seri kesyon k ap poze. Kote Ariel Henry ? Kote Elbe ? Èske yo toujou la ? Èske la vi moun Laplenn konte?

Gouvènman dominiken mande pou yo louvri yon ankèt sou kidnapin diplomat Carlos Guillen Tatis

Gang «400 mawozo» kidnape, vandredi 29 avril nan aprè-midi, nan Croix-des-Bouquets, diplomat dominiken, Carlos Guillen Tatis, konseye agrikòl nan anbasad Repiblik Dominikèn an Ayiti, pandan li t ap retounen nan peyi l, nan machin li. Jounal Dominiken, El Dia, konfime enfòmasyon an, ki fè konnen kidnapè yo kontakte fanmi otaj yo ansanm ak otorite dominiken yo. Dapre Radio Kiskeya, kidnapè yo ta mande 500 mil dola ameriken pou libere diplomat dominiken an. Kidnapè yo te lage yon lòt moun ki te nan machin lan ak diplomat dominiken an. Nan yon tweet, Anbasad Dominikèn nan Pòtoprens mande pou yo louvri imedyatman yon ankèt sou kidnapin diplomat Carlos Guillen Tatis, nan lide pou yo libere l an sekirite.

Disparisyon jounalis Carl Dieudonne : Asosyasyon Jounalis Ayisyen Aletranje (AJHE) koube l byen ba devan depouy Carl Dieudonne

Asosyasyon Jounalis Ayisyen Aletranje apran ak lapenn, lanmò kòlèg Carl Dieudonne ki te mouri dimanch 24 avril 2022, lakay li. Carl Dieudonne se te yon jounalis byen koni nan laprès ayisyen an. Carl prete sèvis li nan anpil medya, tankou: Telemax, Signal FM, Radio Mega, Radio Zenith. Carl te trè apresye e respekte nan mitan kòlèg li yo ak jounalis nan jenerasyon li yo, pou konpetans li, bon konprann li, sans responsablite li, ak sitou imè li. Nan Sal Nouvèl kote li te kolabore, li te toujou fè efò pou l fè kamarad li yo ri, menm nan moman strès nan peyi nou an.

Tout moun ki te gen chans rankontre l, yo te apresye karaktè jovial li ak bon karaktè l. Toujou nan yon bon atitid, Carl te renmen ri ak ankouraje lòt moun fè menm jan an. Carl Dieudonne te respekte tout moun. Menm lè li pa t anfòm ak yon moun, li te eksprime dezakò li avèk respè e avèk sajès. Carl te reve wè Ayiti chanje pou l vin tounen yon peyi kote tout Ayisyen ta ka viv kòm sitwayen. Carl ale san li pa wè chanjman sa a.

Nou konnen konfrè a te malad, men nou pa t ap atann li t ap pati byen bonè konsa. Manb AJHE yo pwostène yo devan depouy konfrè dinamik sa a. Nou mande fanmi li, madanm li ak pitit li pou yo aksepte kondoleyans ki pi sensè ak respè nou yo.

Lagè gang nan Pòtoprens : popilasyon nan plenn Cul-de-sac toujou poko ka rantre lakay yo

Sitiyasyon an rete trè difisil nan plenn Cul-de-sac la ak nan Croix-des-Bouquets, ki anba gwo lagè ant 2 gwoup: «400 Mawozo» ak «Chen Mechan», ki toujou ap kontinye nan lès kapital la, 6 jou apre eklatman vyolans yo nan katye tankou: Santo, Marin, Bon-Repos, Shada, Croix-des-Missions oswa Butte-Boyer. Lapolis te deplwaye sou sèn afwontman an, ak soutyen fòs lame a. PNH la te kòmanse yon operasyon depi jedi 28 avril pou eseye mete bandi yo deyò epi pèmèt popilasyon an rekòmanse aktivite li yo. Dapre sa lapolis di sou Facebook li, yo ta touye plizyè manm gang, yo te arete plizyè lòt ki sispèk manm gang 400 mawozo. Twa ofisye lapolis ta blese tou.

Apen operasyon sa yo fini epi polisye rantre nan baz yo, popilasyon an lage 2 bra balanse nan men gang 400 mawozo ki tounen pou vin fè repreazay. Omwen de moun ta blese ak bal, vandredi 29 avril la. Bandi yo boule plizyè machin nan Tabarre, Michaud ak Latremblay epi boule kèk kay nan Butte Boyer. Sitiyasyon sa a anpeche popilasyon sivil la retounen lakay li. Anpil nan yo al pran refij nan Canaan ak sou plas piblik nan Tabarre e latriye…

Gwoup travay sekirite a mande pou gouvènman an deklare yon eta dijans, pou yon peryòd yon mwa, pou fè fas ak vyolans gang ame yo.

Ronald Léon

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...