acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Ayiti-ensekirite: afwontman ame ant Chen Mechan ak 400 Mawozo, 2 gwoup ame nan plenn lan

Dimanch, 24 avril 2022, gwo tansyon te gaye nan katye Butte-Boyer, Santo, Shadda ak Croix-des-Missions. Anpil anpil katouch t ap tire nan katye sa a yo, kote gang ame «Chen Mechan ak 400 Mawozo» ap goumen ak zam, pou kontwòl teritwa. Bilan an ta sanble lou anpil, selon rezidan lokalite yo. Pou jounen lendi 25 avril la, plizyè ri nan zòn sa a yo, bloke ak barikad pou anpeche gwoup «400 Mawozo» vinn enstale yon nouvo chèf bandi.

Osnie Zidor, etidyan nan medsin, mouri ansasinen nan yon bis

Osnie Zidor, yon etidyan nan Fakilte Medsin ak Famasi ak Lekòl Nòmal Siperyè, nan seksyon syans natirèl Chimi, nan UEH, mouri samdi 23 avril 2022 sa a, andedan yon bis. Selon temwen yo, Osnie Zidor, 26 zan, te pran yon bal nan kou e, malerezman, li pa t chape. Sikonstans sou kòman Osnie Zidor ta pran bal la, poko klè. Dapre kèk temwen, se mesye ame yo, sou yon motosiklèt, ki ta louvri kout zam sou yon bis, sou wout Bois-Verna. Men gen lòt enfòmasyon ki ta fè kwè se nan echanj kout bal ant 2 gwoup sou motosiklèt, ki ta lakòz viktim lan te pran yon bal mawon nan kou, nan bis la. Lapolis dwe louvri yon ankèt pou detèmine ki moun ki touye li? Ak ki zam yo touye li? Nan ki sikonstan lanmò sa a rive? E pèmèt paran viktim lan jwenn jistis.

22 avril 1922 – 22 avril 2022 : Jacques Stephen Alexis t ap gen 100 tan

22 avril 2022, Ayiti selebre santyèm anivèsè nesans youn nan potorik ekriven nan literati Ayisyen ak gran militan kominis: Jacques Stephen Alexis (1922-1961). Jacques Stephen Alexis te fèt 22 avril 1922, nan Gonayiv, pandan okipasyon ameriken an Ayiti. Li se pitit istoryen, romansye, otè dramatik ak diplomat, Stephen Alexis ak Lydia Nonez, desandan papa fondatè Ayiti, Jean-Jacques Dessalines.

Jacques Stephen Alexis, se te yon romansye, odyansè, eseyist ak doktè ayisyen, ki te lekòl nan Kolèj Stanislas, nan Pari, ak nan Enstitisyon Saint-Louis de Gonzague, nan Pòtoprens. Byen bonè, Alexis te patisipe aktivman nan lavi kiltirèl ak politik, kòm avangad nan batay pèp ayisyen an. Lè li te gen (16) sèz zan, li te manm pati kominis la. Yo te konsidere l tankou siksesè nasyonalis maksis, Jacques Roumain, apre li te vin konfime pwòp vizyon lirik ak pwoletaryen li, sou yon «reyalis mèveye», inikman ayisyen.

Li te konn itilize plizyè non, pou li ekri, tankou: Jacques la Colère, pou jounal radikal La Ruche. Li te kontribye dirèkteman nan jete gouvènman Élie Lescot, atravè Revolisyon 1946 la.

Alexis te evolye nan sèk radikal, goch, sireyalist, ekzistansyalis ak mouvman negritid antiyè. Apre sa, li vwayaje atravè Ewòp, Mwayen Oryan, Larisi ak Lachin, pou rankontre gwo lidè mouvman goch ak kominis, nan epok sa a, tankou: Mao Zedong, Khrouchtchev, Ho Chi Minh, e li te tounen zanmi Che Guevara.

Jacques Stephen Alexis mouri san yon tonb. Opozisyon radikal li kont rejim François Duvalier a te fòse Alexis kite peyi Dayiti an sekrè, an 1960, pou Kiba. Nan lane 1961, Jacques Stephen Alexis, lè sa a, li te fondatè e lidè nan Parti d’Entente Populaire, te deside debake an kachèt nan Mòl Sen Nikola, ak yon ti gwoup 4 geriya. Tonton makout ak militè yo ki t ap tann li, yo te kaptire l, tòtire l, yo rapòte yo disparèt li, epi pwobableman yo touye l, san pèsonn pa t konnen, ak sètitid, sikonstans lanmò e ki kote yo te mete kò a. Li te gen 39 van, lè sa a.

Anpil òganizasyon politik, inivèsite ak manm nan sosyete sivil la, tankou Anba zanmann kay Sonson Mathurin, Rasin Kan Pèp, UNNOH te rann ekriven ak militan maksis sa a, yon omaj byen merite, nan mete kanpe plizyè aktivite sosyo politik ak kiltirèl nan peyi a.

Men kèk nan zèv li yo :

Compère Général Soleil, Gallimard (1955);

Les Arbres musiciens (1957);

L’espace d’un cillement (1959);

Romancero aux étoiles (1960);

L’étoile Absinthe, suivi de Le léopard (2017);

Manifeste du Parti d’Entente Populaire (PEP)

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button