" "
acceuilActualitéInsécurité & BanditismeNouvèl kout an kreyòl

Ensekirite : PNH touye twa swadizan kidnapè nan Turgeau

Lapolis touye twa swadizan kidnapè, lendi 21 fevriye 2022, to pre legliz Sakre-Kè, lè yo t ap eseye kidnape yon timoun lekòl. Lapolis te detounen tantativ kidnapin apremidi a nan Turgeau, gras ak vijilans popilasyon an ak yon patwouy ki te sou plas nan yon zòn nan Turgeau ki repite pou anpil zak kidnaping, depi kèk tan.

Repiblik Dominikèn derape konstriksyon yon miray sou fwontyè li ak Ayiti, yon miray «zenofòb ak rasis» dapre, Oganizasyon defansè imigran yo

Pwojè sa a, se yon kloti an beton ki gen 164 km longè k ap pral pèmèt yo «kontwole» imigrasyon ilegal ak krim, daprè prezidan dominiken an, Luis Abinader, ki inogire travay miray sou fwontyè l ak Ayiti a, dimanch 20 fevriye 2022 a. Prezidan Repiblik Dominikèn la, Luis Abinader, te pwomèt konstriksyon miray sa a, depi yon lane. Mesye Abinader te deklare, pandan yon seremoni, baryè sa a «pral benefisye tou lè de peyi yo, paske li pral pèmèt yo kontwole pi efikasman, komès bilateral, kontwole pwoblem migrasyon e pou goumen kont mafya, trafik moun, pou goumen kont trafik dwòg ak komès ilegal zam». Travay yo pral koute 31 milyon dola epi l ap dire nèf mwa. Premye etap la ki te lanse dimanch sa a, ap fèt sou 54 kilomèt «nan zòn ki pi peple yo ak pi sansib sou fwontyè a», dapre prezidan an. Yon dezyèm etap pral pwolonje kloti a sou 110 kilomèt. Miray sou fwontyè a ap fèt nan 164 sou 380 kilomèt fwontyè ant de vwazen yo ki pataje zile Ispanyola a. L ap gen prèske 4 mèt de wotè ak 70 mirador kote lame ap monte pou siveyans. Mi an ap an beton ame, kote yo pral mete yon estrikti metalik ki pral gen 3,90 mèt wotè ak 20 santimèt epesè.

Oganizasyon defansè imigran yo kritike konstriksyon miray la, yo di li pral lakòz anpil zak «zenofob ak rasis». Majistra Dajabon, Santiago Riveron, deklare nan Ajans frans-Près ke li pa dakò «ak kalite miray sa a», paske «miray reyèl la se nan ekonomi an » ak nan koripsyon li ye, li akize «sòlda yo pran ant 100 oswa 200 pesos [$2 oswa $4]» sou chak imigran ilegal ayisyen. Prezidan Repiblik Dominikèn lan, Luis Abinader, te rele Premye minis ayisyen an, Ariel Henry, pou li te mete l okouran de konstriksyon miray la.

Konferans donatè entènasyonal : pwomès, pwomès de fon pi rèd

Prèske 2 milya dola ameriken nesesè pou rekonstriksyon rejyon Sid la, men donatè yo pwomèt Ayiti sèlman 600 milyon dola pou rekonstriksyon Gran Sid la ki te devaste anba tranblemanntè 14 out la. Gouvènman ayisyen t ap atann yon lapli lajan ki t ap pral tonbe sou tèt yo, nan kad konferans donatè entènasyonal pou rekonstriksyon Gran Sid ki te devaste nan tranblemanntè 14 out 2021 an. Jan yo te anonse l, Premye Minis Ariel Henry, manm kabinè ministeryèl li a ak patnè òganizasyon entènasyonal yo, te lanse konferans donatè entènasyonal la pou jwenn mwayen pou kontribiye nan rekonstriksyon Gran Sid la ki te devaste nan tranblemanntè sa a. Gen nan yo ki te sou plas gen lòt ki te sou videyo konferans.

Nan diskou li a, Premye Minis Ariel Henry di rankont entènasyonal wo nivo sa a, se yon etap enpòtan pou konstriksyon penensil Sid la. Li anonse gen 4 sektè priyoritè pou yo ta manyen prese prese, tankou kesyon pwodiksyon, sektè sosyal, ak enfrastrikti.

De 600 milyon dola èd donatè entènasyonal yo te pwomèt pou rekonstriksyon depatman Sid, Nip ak Grandans lan, lè yo rive nan konferans lan, gouvènman ayisyen an ak ofisyèl Nasyonzini yo anonse objektif la fikse a la bès. Yo bezwen $ 454 milyon dola, apeprè 25%, ki ta pèmèt yo lanse rekonstriksyon plizyè santèn lekòl ki andomaje ou byen kraze ak plizyè douzèn lopital ak sant sante ak plizyè milye kay ki te detwi nan tranblemanntè 14 out la.

Apre anons donatè yo, Ariel Henry te deklare pwomès èd la kòm «yon gwo nouvèl», se te yon bèl elan solidarite e li te di li rekonesan anvè Chèf Deta yo ak lidè òganizasyon entènasyonal ak rejyonal yo ki te rasanble nan Pòtoprens ak nan videyo konferans.

Men nou konnen se pwomès de fon, si yo vini vre, ki pa p janm anba kontwòl Leta ayisyen, k ap jere inikman pa ofisyèl Nasyonzini nan yon fon fudisyè kote ajans finansman sa yo enkapab pou fè swivi envèstisman alontèm yo. Sonje kòb CIRH ki pa t janm pèmèt rekonstriksyon Pòtoprens, apre tranblemanntè 12 janvye a.

Travayè ak ouvriyèz tekstil ayisyen yo manifeste, yon fwa ankò, pou mande ogmantasyon salè

Plizyè milye travayè tekstil ayisyen te pran lari Pòtoprens, jedi 17 fevriye a, pou mande yon pi gwo salè, yon semèn aprè lapolis peyi d’Ayiti te kraze manifestasyon yo ak gaz lakrimojèn. Manifestan yo mande bon kondisyon travay nan men konpayi ayisyen k ap ekspòte rad nan magazen Ozetazini. Travayè yo ap chèche yon ogmantasyon salè a 1500 goud (USD 15) pa jou. Yo vle soti nan salè aktyèl la: 500 goud (USD 5), yo kalifye de salè tibèkiloz. «Avèk 500 goud pa jou, san okenn sibvansyon gouvènman an, nou pa ka satisfè bezwen nou yo, pandan pri machandiz debaz yo, pri transpò ap ogmante.» Se deklarasyon Dominique St-Éloi, kowòdonatè Inyon Nasyonal Travayè Ayisyen yo. Mesye St-Éloi te deklare ke si direktè faktori yo pa reponn, y ap mande gouvènman Ayiti pou ogmante salè minimòm lan. Manifestan yo te rasanble, yon fwa ankò, nan alantou pak endistriyèl Sonapi a, e yo pran direksyon ministè Afè Sosyal pou yo te al delivre yon mesaj pou otorite ayisyen yo. Men yo te vin kare bare ak yon baraj lapolis ki te anpeche yo al kanpe devan ministè Afè Sosyal la. Sou tout pakou a, manifestan yo t ap voye toya sou Roberde Celine alyas Bob C, prezantatè jounal premye okasyon nan Radio Karayib ki te pozisyone li kont ogmantasyon salè ouvriye ak travayèz yo.

Jounen moblizasyon kont salè tibèkiloz; ouvriye ak travayè yo delivre yon gwo mesaj bay Premye minis defakto a

Manifestasyon travayè yo te derape nan zòn wout ayewopò devan Konpayi Nasyonal Pak Endistriyèl (SONAPI), nan nò kapital la. Ouvriyèz yo, travayè yo te reklame ajisteman salè minimòm lan a 1500 goud, e denonse gouvènman an ki vle mete sèlman 25 goud sou salè 500 goud lan. Manifestan t ap chante: «aba salè tibèkiloz, Ariel Henry, men travayè. Jete w.»

Polis Nasyonal Ayiti (PNH) nan nivo Delmas 21, gaye manifestasyon ak gaz lakrimojèn ak kout bal an lè. Manifestan yo, ki te plizyè santèn travayè, te reziste. Malgre gaz ak kout bal, yo te al regwoupe rapid rapid sou wout Delmas a. Yo te pran direksyon Musseau nan kay ofisyèl premye minis defakto a, Ariel Henry, pou yo te kapab delivre mesaj yo a.

Sendikalis Dominique Saint-Éloi dénonse konpòtman agresif ak vyolan polisye yo e raple yo ouvriye yo gen dwa pou manifeste e reklame pi bon kondisyon pou lavi yo. Yo fè konnen yo pa p aksepte 25 goud la.

4 òganizasyon sendikal pami yo CNOHA, pote plent kont polisye ki te agrese fizikman ouvriye yo. Yo swete enspeksyon jeneral lapolis pral pran mezi kont tout polisye fotif yo.

Negosyasyon ant Ariel Henry ak siyatè Akò Montana; reyinyon avòte akòz yon kesyon de reta…

BSA di li disponib pou kontinye diskisyon politik yo, men sou sèten kondisyon. Yon fwa ankò, delegasyon gouvènmantal ak alye li yo, siyatè Akò 11 septanm lan, pa t alè nan rankont lendi 14 fevriye a, pou yo te ka diskite sou kriz ayisyen an. Yo te genyen 40 minit reta nan vandredi 11 fevriye. Nan lendi 14 fevriye, apre 25 minit ap tann nan yon sal vid, pou kont yo, delegasyon Biwo Siveyans Akò Montana te oblije kite rezidans ofisyèl la. Nan yon lèt yo te adrese PM Ariel Henry, yo denonse yon teknik yo di ki montre Ariel Henry ak alye li yo pa gen okenn respè pou yo ak peyi a.

Siyatè Akò Montana fè konnen gouvènman an pa gen volonte pou enstore yon klima favorab pou yon vrè dyalòg

Nan yon lèt li adrese P. M. Henry, BSA di li disponib pou kontinye rankont politik yo, men ak sèten kondisyon. Biwo Siveyans Akò Montana mande pou Ariel Henry kanpe sou kreyasyon KEP la ak Asanble konstitiyant lan. Yo dwe kanpe sou nominasyon ilegal jij Kou Kasasyon yo. Anplis de sa, Ariel Henry dwe deklare li disponib pou lajistis, yon fason pou retire tout dout ki plane sou tèt li, nan dosye asasina Jovenel Moïse la. Finalman, BSA a mande pou rankont lan fèt nan yon teren net, nan yon otèl pou 2 pati yo kapab pataje kou lotèl la, an 2 pati egal.

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button