acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Pou pipiti, 4 moun mouri ak plizyè blese nan yon terib aksidan nan Miragwan

Yon pick-up, ki t ap pote kèk fidèl, te chavire samdi 15 janvye sa a, nan «Fort reflechi», nan Miragwan. Dapre yon premye bilan, 4 moun mouri e plizyè lòt moun blese nan aksidan sa a. Temwen yo fè konnen machin lan te frape yon poto elektrik, anvan li chavire e yo rapòte yo te transpote blese yo nan lopital Sainte-Thérèse nan Miragwan.

Kongrè ameriken mande pou Depatman Deta louvri yon ankèt sou asasina prezidan ayisyen an

Kongrè Ameriken an bay lòd pou louvri yon ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moïse nan mwa jiyè 2021 an. Sena te adopte lwa sa a, jedi swa, e bay Depatman Deta twa mwa pou l pwodui yon rapò ki sipoze bay yon «deskripsyon detaye» sou sikonstans ki antoure asasina sa a.

Rapò sa a dwe gade si pa gen okenn enjerans ak entèferans nan ankèt ofisyèl sou asasina prezidan an epi yo dwe chache konnen èske gouvènman ameriken pa t gen moun li te anplwaye nan tan pase yo, kòm youn nan otè zak kriminèl la.

Ansyen Senatè John Joël Joseph peye 12 000 dola ameriken pou li sove kite Ayiti e li ofri polisye jamayiken yo $ 2 milyon dola pou yo pa arete l

Ansyen senatè opozisyon an ann Ayiti, John Joël Joseph, youn nan sispèk ki ta patisipe nan touye ansyen prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021 an, te kite Ayiti ak fanmi l sou lanmè. Operasyon chape poul sou bato pou Jamayik la koute l 12 000 dola ameriken. Pandan arestasyon li nan yon vilaj ki rele St-Elizabeth, nan Jamayik, li te eseye kòwonp polisye ki te vinn arete l e li te ofri polisye jamayiken yo $ 2 milyon dola pou yo kite ale.

Dapre envestigatè yo, ansyen senatè John Joël Joseph te akonpaye ak madanm li ak de pitit li yo, youn nan yo gen 18 tan. Li te debake nan vil Warminster, tou pre Alumina Partners, nan sikonskripsyon St-Elizabeth, nan Sidès Jamayik. Li te konn peye regilyèman moun nan kominote sa a pou kenbe idantite l sekrè. Li te «vinn chache yon lavi miyò isit la». Dapre sous Sunday Observer, ansyen lejislatè a te sipliye ofisye polisye yo pou yo pa voye l tounen Ayiti e li deklare ke «y ap touye li si yo ta retounen l nan peyi l».

Fritz Alphonse Jean byen akeyi desizyon Somè Louisian la ki deziyen l prezidan pwovizwa

Ekonomis, Fritz Jean, di li byen kontan e li onore pou tèt delege Somè Louisian yo te chwazi li kòm prezidan tranzisyon an. Li swete inisyativ sa a pa p sèvi tankou yon eleman diskòd ant Ayisyen yo. Li kwè fòk tout moun pale ak tout moun. Mesye Fritz Alphonse Jean di li toujou rete atache ak Akò Montana a e anonse li pral depoze pyès li, jounen lendi 17 janvye a, nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon (KNT), kom kandida pou Platfòm sosyete sivil la.

Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) mete anba kòd youn nan sòlda gang 400 Mawozo yo

Ajan lapolis yo arete, jedi 13 janvye 2022 sa a, nan vil Kwadèboukè, Rousseau Louissaint, youn nan sòlda gang 400 Mawozo yo. Arestasyon sa a fèt nan moman «Lanmò Sanjou» t ap pare pou enstale Rousseau Louissaint, kòm nouvo chèf nan ri Falaise.

Premye Minis Ariel Henry mete kanpe yon komite refleksyon sou òganizasyon kanaval ane sa a

Nan fen Konsèy Gouvènman an, Premye Minis defakto, Ariel Henry, nan mitan «epidemi tigrip ak tifyèv la», deside fòme yon komite refleksyon sou òganizasyon kanaval 2022 a. Komite sa a ap fòme ak reprezantan Ministè Kilti ak Kominikasyon, Touris ak Endistri, Sante Piblik ak Popilasyon, Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon. Sekretè Jeneral Prezidans lan, Doktè Josué Pierre-Louis ap prezide komite sa a. Poutan, nan kòmansman mwa janvye a, Majistra Eduardo Paes te anonse li anile, yon fwa ankò, defile Kanaval Rio de Janeiro 2022 a, akòz epidemi kowona virus la k ap vale teren nan peyi Brezil. Kòmkwa chak peyi pa mete priyorite yo menm kote.

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button