acceuilActualitéNewsreel

Frantz Louis Juste mande bloke kont bandi yo

Ansyen Komisè gouvènman Pòtoprens lan, Frantz Louis Juste, mande responsab ; Facebook, Instagram, Twitter ak YouTube, pou bloke kont Jimmy Cherisier alyas Barbecue, Bousta John, Dorisca Robert akòz y ap mal itilize plafòm sa yo pou teworize popilasyon sivil la…

Bandi ame atake lekòl Mè Boudon

Yon paran elèv mouri, yon elèv pran bal nan pye. Tout dènye detay sou sa k pase yo. Mè La Charité de Saint-Louis, tout moun konnen sou non Mè Boudon, konnen jodi a yon moman tansyon nan lakou li, zòn 1nè 40 nan laprèmidi, kote endividi moun pa rive idantifye tire yon paran ki ale mouri sou kabann lopital Medsen San Fwontyè ki nan avni Charles Sumner. Pandan zak sa a, yon elèv pran bal nan pye, sekirite lekòl la pran bal tou, li ap pran swen. Enfòmasyon sou plas fè konnen se yon paran ki gen yon pitit li nan lekòl la ak youn nan Kolèj Marie-Anne. Li te pase pran sa nan Marie-Anne lan epi l ap monte Boudon pou ale dèyè lòt la. Rive nan espas lekòl la li kouri rantre paske li sispèk yo t ap swiv li. Nan lakou a gen 2 endividi moun pa rive idantifye ki te gen tan ap tann li epi bal plizyè katouch. Nan moman sekirite yo t ap eseye riposte, gen youn ki pran katouch k ap pran swen lopital epi yon elèv, ki te chita ap tann paran l, touche nan pye tou, selon eksplikasyon yon pwofesè espas la ki pa t deside revele non l. Paran sa a, byen avan li ale mouri sou kabann lopital, di yon pwofesè sere timoun li yo pou li, paske li konnen l ap mouri kanmèm. Li ale rann souf li nan lopital Medsen San Fwontyè ki nan Avni Charles Sumner. Apre aksyon an, ajan DCPJ te rive sou plas pou fè konsta.

Selebrasyon Jounen Entènasyonal lang ak kilti kreyòl

Soti 1983 rive ane 2021 an, sa fè deja 38 lane depi divès kominote kreyolofòn toupatou sou latè ap selebre Jounen Entènasyonal lang ak kilti kreyòl. Desizyon sa a te vini nan objektif pou pèmèt tout moun sou late, ki itilize lang sila a, jwenn plas yo epi ka pale lang yo libelibè, tout kote, san fòskote.

Jodi a, si nou gade byen kote nou soti ak kote nou ye, n ap remake gen gwo jefò ki fèt pou pèmèt lang kreyòl la layite kò li. Yon lòt bò, nou dwe rekonèt, ak objektivite, gen kèk zòn retisans toujou. Nan ka pa nou, nan peyi Ayiti, nou fè fas ak anpil pwoblèm nan anpil espas.

Se pou sa, pou mwa oktòb 2021 an, Akademi Kreyòl Ayisyen pote tèm sila a: «Lang Kreyòl tout kote, san fòskote!» Tèm sa a, daprè responsab AKA yo, reflete sitiyasyon nou, kòm pèp ki fè fas ak yon reyalite sosyo lengwistik latwoublay, alòske n ap viv kòm pi gwo kominote kreyolofòn nan monn lan.

Lè Akademi Kreyòl Ayisyen pote tèm: « Lang kreyòl tout kote, san fòskote! » se pa yon souwè. Se plis pase sa. Se pito yon rapèl, yon fwote memwa, yon mesaj ki dwe atire atansyon tout moun – tout sektè kit se lekòl, legliz, inivèsite, sant rechèch, konsila ak anbasad Ayiti ki tabli nan divès kwen sou latè, pou yo enplike yo nan fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an epi kore devlòpman li.

Nan divès Anbasad Ayiti nan lòt peyi, fòk Anbasadè peyi Ayiti ankouraje etranje pale lang lan, menm jan Ayisyen nan dyaspora ap fè gwo jefò pou aprann pitit yo pale ak ekri kreyòl, se mete sant aprantisaj pou ede, Ayisyen tankou etranje, konnen ak pale kreyòl.

Se yon okazyon pou Akademi Kreyòl Ayisyen salye Ayisyen toupatou. Li di yo bòn fèt lang ak kilti kreyòl, pandan li envite yo pote kole pou lang kreyòl la rive tout kote san fòskote. Se yon kondisyon esansyèl pou pèmèt yon demen miyò pou Ayisyen: nan inite, nan konpreyansyon yonn ak lòt, nan aprann tout bon vre san jako repèt nan systèm edikasyon an, nan pwogrè syantifik ayisyen kòm pèp.

Nan okazyon 28 oktòb la, AKA p ap bliye salye tout pèp kreyolofòn sou latè, nan Karayib la ak nan Oseyan Endyen an ak tout Inivèsite ak Adminstrasyon peyi etranje ki ap pouse etid sou lang kreyòl oswa ki bay lang kreyòl yon nivo ofisyèl ousnon administratif.

Ayiti se lidè kreyolofoni nan lemonn, Akademi Kreyòl Ayisyen asire nou li ap travay di pou kore devlopman lang kreyòl la, pou li toujou jwe wòl lidè li. Akademisyen yo mete ak konkou konseye konsiltatif yo ak sipò tout patnè AKA pou yo travay pou yo founi peyi a zouti referans li bezwen pou lang kreyòl la sèvi nan tout domèn, san fòskote.

AKA ap travay pou pote liy politik lengwistik peyi a nan Leta, jan Konstitisyon an mande sa. Ayisyen toupatou, AKA di nou: Bòn fèt lang ak kilti kreyòl!

Viv Lang kreyòl ! Viv Ayiti!

Durosier Wilner

Articles Similaires

Back to top button

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker