acceuilActualité

Nouvèl kout an kreyòl

Tout gen foli lidè, mas pèp la nan grangou

Yon ansanm òganizasyon ak pèsonalite nan depatman Latibonit la prezante peyi a yon pwopozisyon pou yon tranzisyon. Fas ak jan sa ap pase, depi aprè lanmò prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a, sa ki kite anpil pawòl anpil ki fè poko ka gen okenn konsansis, yon gwoup sitwayen anndan Latibonit prezante yon dokiman final sou yon pwopozisyon pou yon tranzisyon koupe fache, selon sa ki ekri anndan dokiman sa a ki vin jwenn redaksyon an. Selon manb siyatè yo, tranzisyon sa dwe aji sou 2 gran aks ki se konjonktirèl ak estriktirèl.

Nan dokiman sa a, pou aks konjonktirèl la, siyatè yo mande pou elimine tout dekrè anti konstitisyonèl Jovenel Moïse te pran yo, retounen sou lòt desizyon ki pran dèyè do lalwa, libere prizonye politik, elimine franchiz yo elatriye…

Nan aks estriktirèl la, dokiman sa a pwopoze pou yo manyen chantye politik, ekonomik, sosyal, edikatif, jistis, kiltirèl ak fiskal. Yo estime fòk gen yon mezi ki pran (pou redrese chantye sa a yo).

Yo swete pou gen 14 ministè sèlman epi pwopoze yon Konsèy Kontwòl Nasyonal (KNN) ki pou kontwole aksyon gouvènman tranzisyon an. Konsèy sa a dwe gen 22 moun ki repati konsa: 2 manb nan chak 2 depatman epi 2 manb nan dyaspora a, sa ki vin bay 22 manb.

Yo fini pou di ke yo rete ouvè pou tout diskisyon sensè ki enskri nan demach pou jwenn yon solisyon ak kriz peyi a ap travèse a.

Sware omaj pou Netty ak Diego

Yon gwo sware omaj te òganize nan memwa Marie Antoinette Duclaire, tout moun konnen sou non Netty, ak jounalis Diego Charles. KOVIL, ki se Kolektif Omaj Viktim Leta yo, te òganize samdi 31 jiyè a, nan restoran Yanvalou, avni N, yon gwo seremoni omaj pou militant Marie Antoinette Duclaire ak jounalis Diego Charles ki te tonbe anba bal nan Kriswa, ri Akasya, nan fen mwa jen an. Nan jaden Yanvalou a, ki te ranpli pou l krake, pa t gen kote pou pike zepeng. Zanmi pwòch, zanmi laprès, kolaboratè te reyini pandan moman sa a, pou vin swiv omaj ke estrikti a pran inisyativ pou l te òganize.

Pou demare omaj sa a, se atis Farah Joseph ki te louvri sware a, lè l t ap entèprete im nasyonal peyi a an kreyòl. Vwa l te chame tout piblik la ki te kanpe pandan l t ap chante a. Touswit apre, Cisco ak Pawòl Tanbou te kreye animasyon nan woule tanbou, kote yo t ap jwe tanbou epi bay bon son yo te chwazi pou sa, pou woule nan sikonstans lan. Yon gran sè Diego Charles, ki pa t ka fè deplasman an, te voye yon odyo. Nan son sa a, li t ap eksplike pakou Diego, ki moun frè li a te ye epi jan li te renmen lavi. Kèk moun ki te konn Marie Antoinette Duclaire oubyen te gen chans kolabore ak li, te pran lapawòl nan sikonstans lan pou di men kiyès moun ki te Netty a. Anpil nan yo dekri l kòm yon konbatant, yon moun ki pa t pè mouri, an menm tan tou ki te renmen lavi, ki t ap goumen pou chanjman ak byennèt lòt moun.

Okap : inisyativ pou renove ansyen kay kote Anténor Firmin t ap viv

Yon gwoup jèn inivèsitè, ki gen nan tèt yo Guesly Michel, pran inisyativ pou renove ansyen kay kote Anténor Firmin t ap viv nan Okap, pou fè l tounen yon espas kiltirèl. Kay sa a twouve l nan Ri 18 I-J. Nan sans sa a, inisyatè yo lanse yon petisyon. Nan yon ti pale avèk Guesly Michel, responsab inisyativ la fè konnen se nan lide pou valorize patrimwàn peyi a, pou ankouraje aktivite kiltirèl ak entèlektyèl, pou fyète moun Okap ak pou mete Anténor Firmin nan dimansyon gwo entèlektyèl mondyal li ye, selon detay li bay redaksyon an.

Durosier Wilner

Articles Similaires

Lisez aussi
Close
Back to top button