acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Ariel Henry se yon aryennafè

Jovenel Moïse nonmen pa arete nan jounal Le Moniteur, lendi 5 jiyè a, yon nouvo premye minis ki se doktè Ariel Henry, ki ranplase nan pòs sa a, doktè Claude Joseph ki te la pa enterim.

«Kèlkeswa moun Jovenel Moïse chwazi pou mete premye minis, se yon aksyon ilegal », selon avoka André Michel. Mèt André Michel, ki se pòt pawòl Sektè Demokratik ak Popilè a, fikse pozisyon l. Avoka a raple yon ényèm fwa ke manda Jovenel Moïse fini depi 7 fevriye 2021. Nan sans sa a, Mèt André Michel kalifye Jovenel kòm yon “usurpateur de titre” ki ta vle di li pa prezidan lejitim. «Tout aksyon Jovenel Moïse poze, ilegal», daprè André Michel ki te kontinye pou di Sektè Demokratik la pa nan negosiyasyon, kowabitasyon, eleksyon avèk Jovenel Moïse. Pòt pawòl Sektè Demokratik la kwè ke Jovenel Moïse reprezante yon danje pou peyi a. Pou kore sa l di a, li fè referans ak desizyon pouvwa a pran yè pou bay dechaj ak tout ansyen PM epi minis ki t ap jere lajan Petwokaribe, alòske konstitisyon an di kijan pou yon minis ak PM jwenn dechaj, selon deklarasyon avoka militan an.

Pi lwen, Mèt André Michel nan deklarasyon l yo, montre li pa menm bay atansyon ak kesyon nouvo premye minis Jovenel Moïse nonmen a. Toutfwa, li voye yon pinga bay moun ki twouve yo nan opozisyon, sosyete sivil la ki ta ap pare pou ta ale pran pòs nan nouvo gouvènman ki pral monte a, epi avèti yo ke kreyon pèp la pa gen gòm.

Ki Jistis lap mande la

Ministè kondisyon Feminin ak Dwa Fanm mande lajistis pou fè limyè sou dènye asasinay ki fèt Dèlma 32 ak Kriswa (Akasya). Ministè Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm, nan yon nòt pou laprès li mete deyò ki pote siyati minis Marie Giselhaine Monpremier, dekri sitiyasyon ensekirite peyi a ap viv dènye moman sa yo, pale sou sa k te fèt nan lannuit 29 pou louvri 30 jen, epi mande lajistis peyi a pou fè limyè sou zak asasinay sa yo. Nan kòmansman nòt sa, Ministè Kondisyon Feminin, pa entèmedyè titilè li ki se madam Giselhaine Monpremier, konstate peyi a ap rantre pi fon pi plis. Yon sitiyasyon, daprè minis la, ki lakoz anpil moun pèdi lavi yo, kote timoun, jèn, granmoun, gason kou fi pa epanye. Nòt sa te pwofite, aprè anviwon senk jou aksyon sa pase, pou mete aksan sou fiziyad Dèlma 32 ak nan Kris Rwa, asasinay ki fèt sou jounalis Diego Charles ak militant Marie Antoinette Duclaire, nan lannuit 29 pou louvri 30 jen. Sa k rive a, minis lan kwè ke peyi a kontinye pèdi moun ki kwè nan yon demen miyò, manman ak papa pitit k ap chache lavi… Epi li kontinye pou di Marie Antoinette Duclaire te kwè nan yon sosyete kote gason ak fanm dwe jwi menm dwa ak privilèj. Minis la kontinye pou l di, anndan nòt sa a, ke lanmò Netty se yon gwo pèt pou peyi Dayiti, pou lit fanm yo ak militant feminis yo. Minis Monpremier estime lanmò jounalis Diego Charles, militant Marie Antoinette Duclaire ak rès moun Dèlma 32 yo vin mete gwo latwoublay nan lespri popilasyon an ki deja ap viv yon moman difisil. Se te okazyon pou minis la mande tout aktè pou pran chimen dyalòg ki, daprè li, kapab degaje yon konpwomi politik ki ka garanti yon bon klima sekirite. Pou fini nòt sa a, minis Kondisyon Feminin ak Dwa Fanm lan mande lajistis pou pran tout mezi pou fè limyè sou dosye sa yo.

Yon elèv tante tiye tèt li

 Nan lekòl Mè Boudon, yon elèv tante tiye tèt li, paske li pa pase. Yon elèv ki nan NS1, ki rele Hillary Salomon, nan mè Charite Sen-Lwi, anpil moun konnen sou non mè Boudon, te tante swiside tèt li, lendi 5 jiyè 2021, pandan yo t ap bay kanè.

Yon videyo, ki t ap sikile sou rezo sosyo yo, montre elèv la an inifòm, sou tèt lekòl la, kanpe pou voye kò l anba. Sa ki te fè anpil moun afole, rele anmwe, paran lòt elèv ki te twouve yo nan espas la. Sè Yverose Lazarre t ap eksplike pou fè konnen elèv sa a pa t arive fè mwayèn jeneral ke lekòl la mande a. Li fè yon mwayèn 4,42 premye fwa, yon lòt mwayèn 5,51pou 2zyèm kontwòl epi yon lòt mwayèn 4,95. Mwayèn sa yo pa t rive bay mwayèn jeneral lekòl la mande a pou monte nan klas siperyè, kote bilan total pa l la, se 4,83, pandan ke pou lekòl la, mwayèn jeneral la dwe 5,50 daprè eksplikasyon direktris la.

Se la tou elèv la pete pòt li monte, li pran dènyè etaj lekòl la epi fè tantativ pou mete fen ak lavi li, san ke responsab lekòl yo pa t okouran li t ap pwodui aksyon sa. Manman an, ki te sou plas te eseye ramne li a la rezon, élèv yo tou ta pral fè l kalme li, nan lide pou pa kite l pwodui aksyon tiye tèt li an.

Gen swivi sikolojik ki gen pou fèt pou li, toujou daprè sè Yverose Lazarre, paske lekòl la gen espesyalis pou sa.

Anndan lekòl la, lè w pa pase, prensip la, yo fè w double epi pran randevou ak paran w, si l deside fè pitit li double oubyen chache lòt lekòl pou li.

Bdouby Nobert

Articles Similaires

Back to top button