acceuilActualitéCoup d’oeil sur le mondeNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout

Voye Jovenel ale

Sektè Demokratik e Popilè pran laprès, jou lendi 7 desanm 2020 an, nan Dèlma 60, pou fikse pozisyon li sou konjonkti peyi a, epi tou, pou pwofite mande popilasyon an pou pran lari pou voye Jovenel Moïse ale. Nan okazyon konferans pou laprès sa a, Fernando Duclaire fè konnen ke Jovenel Moïse soufri demans, li gen yon foli diktate, ak koze dekrè l ap pran yo. Nan sans sa a, militan politik la envite popilasyon pou li revòlte. «Nou envite popilasyon pou li revòlte, nou envite popilasyon an pou l soulve kont Jovenel Moïse, paske se inakseptab. Nou pa ka aksepte sa anndan peyi a. Fòk Jovenel Moïse konnen tan sa a, li evolye».

Ebens Cadet, ki se dirijan pati: «Nou Konsyan» e ki se manm Sektè Demokratik la tou, te pran lapawòl tou. Li ale nan menm sans ak Fernando Duclaire, pou mande popilasyon an soulve kont Jovenel Moïse pou sa k ap pase yo. «Nou teni a di popilasyon an pou kòmanse leve kanpe, paske se sèl posiblite pou chanje kondisyon de vi y ap viv ladan l lan. Se kontinye leve kanpe, di se twòp atò, paske jodi a, peyi a disfonksyonèl. Li p ap dirije, paske gen pwoblèm gouvènans, koripsyon». N ap raple w ke manm Sektè Demokratik yo anonse y ap enstale yon gouvènman tranzisyon, le 7 fevriye k ap vini la a, e manda gouvènman sa dwe bout an 2023.

Kidnapè yo ap frape

Magdala Louis jwenn liberasyon l, granm bone, madi 8 desanm 2020 an. Kidnapè yo te pran li, jou dimanch 6 desanm, nan aswè, pandan li t ap soti nan yon gradiyasyon, nan otèl Karibe. Kidnapè yo lage l sou Channmas a 1 nè, maten an, ak chofè a, Michel Châtaigne, se li menm ki te mennen l vini nan zòn lan. Chofè moto a fè konnen yo bat Magdala Louis, limen balèn anba pye l, men yo pa vyole l, jan kidnapè yo te fè kwè Magdala ap ba yo sèvis. Magdala pa t bay lajan, men chofè a fè konnen, fanmi li te bay kòb. Men l te di li p ap ale san Magdala Louis, si yo pa lage l tou. Magdala, pou kounye a, pa ka pale, se te y ap fè pou li, epi lajwa kay anpil moun.

Kanaval nan Pòdpè

Jou dimanch 6 desann lan, nan vil Pòdepè, pandan l t ap patisipe nan yon festival anndan vil sa a, prezidan repiblik la, Jovenel Moïse, fè sitwayen nan vil sa a konnen ke kanaval nasyonal la, se lakay yo l ap òganize an 2021. Touswit apre deklarasyon prezidan an, Ministè Kilti twite maten an, pou l anonse ke kanaval nasyonal la ap fèt 14, 15 ak 16 fevriye 2021 an, nan vil Pòdepè. N ap raple w, depi 2018, prezidan Jovenel Moïse òganize yon vrè kanaval, depi l sou pouvwa a, se te nan Pòtoprens. Pouvwa a sou 2 ane kanaval yo toujou bòykote. Opozisyon an, etidyan ak plizyè lòt sitwayen toujou opoze ak kanaval yo, ki toujou mete pouvwa a nan ti soulye li pou li fè yon bon kanaval. N ap raple w tou, opozisyon an mande Jovenel Moïse ale pou 7 fevriye 2021. Anpil moun ap mande tèt yo ki jan òganizasyon kanaval sa a pral fèt, si se pa nan menm kontèks kriz sosyopolitik yo ki ka debouche sou yon bòykotaj. Nap swiv…

Fineray ofisyèl pou Mèt Gérard Gourgue

Pouvwa Leta a deside ofri Mèt Gérard Gourgue yon fineray ofisyèl, apre yo te fin tonbe dakò ak fanmi defen an. Youn nan pitit fi Mèt la, Marina Gourgue, ansyen Sekretè deta, te pale nan mikwo laprès pou bay plis detay sou dewoulman seremoni finèb potorik avoka defansè dwa moun, sitou sou rejim bout di Duvalier yo:

«Mèt Gérard Gourgue ap gen fineray nasyonal. L ap gen pou chante jedi maten, nan legliz Christ-Roi. Ekspozisyon ap fèt bò 8 tè nan maten. Fineray la gen pou l chante a 9 vè». Se deklarasyon Marina ki fè konnen Palè Nasyonal ak Premye Minis Jouthe Joseph te kontakte l.

Bawo Pòtoprens  ap pare pou salye memwa Mèt Gerard Gourgue

Nan ti lapwoli madanm Marina Gourgue te gen ak laprès, jounen lendi 7 desanm lan, nan Pòtoprens, konsènan fineray Mèt Gérard Gourgue ki travèse, nan dat 4 desanm pase a, ansyen sekretè Deta a fè konnen ke Bawo Pòtoprens ap jwe yon gwo wòl nan òganizasyon fineray ene yo, patriyach bazòch la, ki kite yon gwo vid nan mitan fanmi sa a. Marina Gourgue anonse fanmi an ap resevwa nan otèl Montana, mèkredi 9 desanm, soti 4 trè pou rive 6 zè, tout zanmi ak sila yo ki gen lapenn, nan sikonstans disparisyon Mèt la, ki apenn fete 95 rekòt kafe e ki t ap soufri pandan kèk tan ak yon enfeksyon irinè. Li te rann dènye souf li sou kabann lopital Kanapevè.

Moun Mòn Dede ak Lali di yo bouke ak fenomèn kidnaping la

Yon van tansyon soufle nan Pòtoprens, nan zòn Avni Poupla ak Lali, jounen lendi 7 desanm 2020 an. Lari bloke, anwo pa monte, abitan zòn sa yo leve vwa yo pou denonse kidnaping ki fèt dimanch 6 desanm, sou mayestwo Dickens Princivil, 56 lane, ak sou Magdala Louis, machann pikatchou, 33 lane, ki pa rantre lakay yo, apre nèg ame, abò machin, pote yo ale epi reklame gwo sòm lajan pou liberasyon otaj sa a yo. Popilasyon an te kanpe an bandisyon pou reklame liberasyon otaj yo, san kondisyon. Moun te ka konstate zòn wo Lali ak avni Poupla paralyze. Sitiyasyon sa a lakoz gwo blokis nan sant vil la.

Yon latriye moun Leyogàn manifeste kont dekrè Jovenel Moïse yo

Yo te plizyè santèn moun ki te manifeste nan vil Leyogàn, jounen lendi 7 desanm 2020 an, pou pwoteste kont dividal dekrè prezidan jovenel Moïse pran nan tèt peyi a, an absans palman ayisyen an ki disfonksyonèl depi dezyèm lendi mwa janvye 2020 an. Manifestan yo pa t mete dlo nan bouch yo pou kritike aksyon pouvwa a ap komèt nan tèt peyi a. Yo lonje dwèt sou chèf Leta a, mouche Jovenel Moïse, yo akize ki fin wè mò, pou tabli yon diktati nan peyi a. Ansyen depite, avoka Mèt Jean Danton Léger, te nan tèt mouvman sa a ki t ap reklame retrè dividal dekrè Jovenel Moïse yo. Manifestan yo te trè an kòlè. Yo pa t manke simen dezagreman, bloke wout epi boule kawotchou: yon seri zak dènye dekrè Jovenel Moïse la kondane kòm zak «teworis». Manifestan yo fè konnen yo pa rekonèt zafè dekrè ki vle redui libète moun genyen, aloske manman lwa peyi a, Konstitisyon 29 mas 1987 la, konsakre yo. «Rèv monachi Jovenel la pa p reyalize. Anplis de sa, manda konstitisyonèl li ap bout nan 2 mwa, e li dwe ale, vle pa vle. Pèp ayisyen pa p pèmèt yo tabli yon lòt diktati nan peyi a», daprè manifestan yo.

Konstitisyon Jovenel Moïse ki nan kouti a, dwe pare 26 fevriye 2021

Nan moman zak ensekirite yo ap ogmante, zak kidnaping yo pa sispann, otorite nan Leta a pa tande, yo pa wè, yo kenbe king ala ganach pou chanje manman lwa peyi a ki, selon chèf Leta a, mouche Jovenel Moïse, reprezante yon pak pou koripsyon. Komite Konsiltatif ki di l endepandan (CCI/KKI) prezidan Jovenel Moïse te pran desizyon mete sou pye san akò klas politik la, anonse, jounen lendi 7 desanm lan, nan kad yon konferans laprès, konstitisyon tou nèf la ap pare nan dat 26 fevriye, lane 2021 k ap vini la a.

Yo te pwofite prezante yon kalandriye travay komite a pou rès ane a. Menm kalandriye sa a prevwa ke se nan dat 26 fevriye 2021, rapò final travay komite a ap pibliye. Mouche Naud Pierre ki t ap bay detay, fè konnen nan mikwo laprès, swa nan dat 4 ak 8 janvye 2021, avan pwojè konstitisyon tout nèf la gen pou pase anba men kèk gwo ekspè, pou bay dizon yo. Anpil moun di, fwa sa a, yo pa p espektatè, y ap moute teren an pou jwe nan jwèt sa a…

Emmanuel Saintus / Jean Baptiste Genson

Articles Similaires

Back to top button
Social Media Auto Publish Powered By : XYZScripts.com