HomeActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Tansyon, apre asasinay etidyan Grégory Saint-Hilaire

Gwo tansyon eklate nan fakilte Dwa af Syans Ekonomik, jou samdi 3 oktòb la. Etidyan nan fakilte te mobilize pou mande jistis pou kòlèg yo, Grégory Saint-Hilaire, yon ajan Palè Nasyonal, sou zòd chèf li, Dimitri Hérard, touye ak yon bal nan do. Menm ajan gad Palè sa yo, bare anwo bare anba, pou te anpeche lòt etidyan, ki te la yo, mennen Grégory lopital pou l te gen tan pran swen ka li te mande. E li te mouri sou plas.

Nan kad mobilizasyon etidyan pou mande jistis pou Grégory, Lapolis debake, vide bal ak gaz nan tout zòn lan. Menm matènite lopital jeneral te bonbade ak gaz lakimojèn pa ajan UDMO ki te vini fè tyoul pouvwa a.

N ap raple, depi se pèp la oubeyn etidayn ki pran lari pou manifeste, mande jistis, Lapolis, Ajan UDMO, toujou la, prezan, pou tire sou yo ak ba yo gaz. Men depi se G9 ak Fantòm 509 ki nan lari, yo mèt ap tire, kraze brize w pa wè kote Lapolis ak UDMO pase. Ke pèp la ak militan konsekan, k ap batay tout bon vre, pran nòt e konprann pou pran bon jan dispozisyon, nan kad batay y ap mennen kont sistèm mafya sa a.

Pa gen gaz nan ponp yo

Gwo liy machin nan plizyè ponp nan kapital la, Potoprens, akoz gaz ki pa genyen nan ponp yo. Nan jou vandredi 2 oktòb, machin kanpe fè gwo blokis nan divès kwen nan Potoprens, kote ki genyen ponp yo. Anpil moun ak galon jòn ap fè lese frape pou yo jwenn yon ti losyè gaz nan ponp, pou mete nan moto yo ak fè lòt sèvis yo.

Kinton Louis ap bay manti

Alòske fatra achete lajan kontan tout kwen ak rekwen nan kapital la ak zòn anviwonnan yo, direktè Sant Nasyonal Ekipman an, Kinton Louis, deklare yo deja ranmase plis pase 30 000 mèt kib fatra ak labou nan kapital la, Potoprens. Ala pawòl mezanmi! Nan Matisan, gwo blokis akoz fatra ak dlo labou, depi lapli fè yon ti farinen. Epi, mesye Kinton Louis ap pale konsa! Fatra fè kenken nan tout kwen kapital la, pou direktè Sant Nasyonal Ekipman an ap pale di se san kanpe y ap travay. Pou yon ekip moun ap travay konsa, san kanpe, epi fatra pran kapital la, san kanpe konsa. Ala pawòl.

Jovenel Moïse chita pale ak raketè yo

Vandredi premye oktòb, prezidan Jovenel Moïse chita pale ak yon gwoup moun ki nan sektè soutretans an Ayiti. Chita pale sa a te fèt sou konjonkti sosyo-ekonomik yo ak mezi ki pran pou pèmèt envestisman fèt nan peyi a. Lè dola t ap maspinen goud la, mesye raketè soutretans sa yo pa t janm reyaji. Yo te kontante yo fè milyon yo. Kounye a goud la ap pran yon ti souf anba souflèt dola ameriken an, ebyen, mesye soutretans sa yo menase pou yo revoke ti anplwaye yo, si dola kontinye ap bese devan goud la. Yo mande pou dola monte pi rèd ankò.

Vòt CBTPA

Mèkredi 30 septanm, Sena ameriken an vote, nan lannwit, renouvèlman CBTPA (patenarya komèsyal ak Basen Karayib). Renouvèlman sa a fèt pou 10 lane. Sa kab pèmèt moun k ap vini envesti an Ayiti yo, nan prezan ou fiti, jwenn yon ti tan pou chita kò yo. Sena ameriken an apwouve lwa sa a, kèk jou apre Chanm Reprezantan an te fini fè li.

Pwemye minis Jouthe ap fè pwomès

Jedi pwemye oktòb nan koumansman nouvel ane fiskal (2020-2021) pwemye minis Joseph Jouthe deklare volonte li genyen san kanpe pou batay kont: koripsyon, redisyon kont, ranfòse ak sekirize pwopriyete fonsye, aseni finans piblik ak rapouswiv ak koupe e redwi bidjè nan sans rediksyon finansman monetè defisit nan Bank repiblik Dayiti. Bò kote Bank Repiblik Dayiti (BRH), otorite enstitisyon an deklare ke y ap mete lajan sou mache chanj la, apati pwemye oktòb, yon fason pou kenbe to chanj la, yon ti jan stab.

An Ayiti, kadejak pa sispann

457 moun vyole pandan peryòd pwemye jen pou bout 31 dawout dapre sa sistèm nasyonal sante deklare kote gen 164 fanm yo vyole, 235 ti moun ak 58 gason. Nap raple soti pwemye mas pou bout 31 me te gen 531 moun kite sibi kadejak.

Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...