HomeNouvèl kout an kreyòlNouvel kout an kreyòl : 9 Septanm -2020

Nouvel kout an kreyòl : 9 Septanm -2020

Published on

Archives

Jovenel di pri pwodwi premye nesesite yo pral bese

Nan kad 6yèm edisyon Dyalòg Kominotè prezidan Jovenel Moïse te lanse, li deklare nan jou ki te dimanch 6 septanm 2020, pwodwi premye nesesite yo dwe bese, paske dola ameriken ap desann. Jovenel mande premye minis defakto li a, Joseph Jouthe, pou pran mezi nan sans sa a, pou kase fe pri pwodwi yo k ap monte tèt nèg nan peyi a.

Militè dominiken mete dife nan ranyon kontrebann

Vandredi 4 septanm 2020, inite espesyalize pou sekirite fontyè terès (CESFRONT) boule yon pil ak pakèt rad ke yo sezi nan kontrebann ki sòti nan peyi Dayiti pa rivyè Masak. Yo te sezi rad sa a yo pandan kèk operasyon militè sa yo te mennen. Jeneral José Manuel Durán fè konnen operasyon sa yo fenk kare fèt pou batay kont aktivite ilegal sa yo, sou fontyè a.

CLAC ouvè nan komin Sen Mak ankò

Samdi 5 septanm, aktivite Sant Lekti ak Animasyon Kiltirel (CLAC), nan Sen Mak, retounen pou lapli bèl. Anpil jenn gason ak jenn fanm te patisipe nan atelye ekriti, powèm ak slam. Responsab DNL (Direksyon Nasyonal Liv) ki te la, pwofite envite lòt jenn ki pa t la yo, pou vini enskri nan bibliyotèk la, nan jou madi ak vandredi, apati 9vè pou 12 zè et samdi de 3zè pou rive 8tè pm.

Pil fatra bloke sikilasyon an

Pil fatra ki monte men wotè sou wout pis la, kote menm moto pa t kapab travèse, oblije otorite minisipal ki nan komin Delma yo, fè yon entèvansyon nan bout komin ki pa sou jiridiksyon yo. Pil fatra ki te monte men wotè te bloke wout pis / Delma e li te anpeche tout sikilasyon machin. Nan sans sa a, vandredi 4 septanm 2020, sèvis asenisman nan vwari komin Delma te oblije leve pil fatra a pou debloke sikilasyon an.

Gang ap goumen pou teritwa

Nan komin Taba, gwo kout zam pete nan vandredi 4 septanm 2020, kote plizyè gwoup gang t ap batay pou pran kontwòl plis teritwa. Se konsa, vandredi 4 septanm 2020, nan komin Taba, patikilyèman nan Bit Bwaye, Kwadèmisyon ak Marekaj pete kout bal youn ak lòt. Pou piti, yon moun mouri ak anpil lòt blese anba bal.

Sendika lapolis nan Lari

Kòm yo te anonse, plizyè polisye te pran lari pou manifeste nan lendi 7 septanm 2020 an. Sou inisyativ sendika lapolis la (SPNH-17), plizyè polisye te frape pye yo sou beton an pou mande otorite sou pouvwa a tande vwa yo. Yo t ap denonse revokasyon pòtpawòl sendika a. Yo mande jistis pou polisye ki asasine e yo mande liberasyon Jean Pascal Alexandre ki fèmen nan Penitansye Nasyonal depi nan dat 14 me, pou akizasyon asasina, ensandi kriminèl, destriksyon byen piblik ak konplo kont lasite Leta.

Yon lòt sibtiti komisè Gouvènman nan Fò Libète

Premye minis de fakto a, Joseph Jouthe, fè konnen nan yon lèt li voye bay Mèt Peterson St-Fleur kòm sibtiti komisè gouvènman pre tribinal premye enstance nan Fò Libète (depatman Nòdès), ke pwomosyon sa a ap derape ,nan jou li prete sèman.

Solda dominiken bare fontyè

Nouvo prezidan dominiken an, Luis Abinader, bay lòd ak lame dominiken pou bare anwo bare anba pou anpeche Ayisyen pase sou fontyè a. Prezidan dominiken an fè konnen ke li pran desizyon sa a pou zak vyolans yo k ap miltipliye toupatou nan peyi Dayiti ak manifestasyon kont gouvènman an ki ap demare nan peyi Dayiti.

Prezidan Abinader deklare li deja pase lòd ak jeneral divizyon, Carlos Luciano Díaz Morfa, ki se nouvo minis Defans dominiken an, pou voye ranfò militè sou fontyè a, pou asire sekirite teritwa dominiken an.

N ap raple ke te gen plis pase 11000 solda dominiken ki te deja ap layite kò yo sou fontyè dominiken an. Anplis, yo enstale sou tout longè fontyè a, materyèl teknolojik tankou : kamera, dwon, vizyon noktin, enfrawouj, elikoptè, plis fòs espesyal, pou batay kont imigrasyon ak kontrebann.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Kreyol

Gang yo kontinye ap touye moun an Ayiti Soti 2021 rive 2024, se anviwon 400...

Kreyol

Men konsta yon sitwayen ayisyen Lidè Politik ayisyen yo pran *lajan peyi* a, chanje yo...

Pati Popilè Nasyonal (PPN) denonse plan lanmò Kò Gwoup la

Pati Popilè Nasyonal salye laprès pale, ekri, televize ak medya an liy yo, pou...