HomeNouvèl kout an kreyòlAyiti: Nouvèl an kreyòl

Ayiti: Nouvèl an kreyòl

Published on

Archives

Ayiti: Nouvèl an kreyòl

Yon bebe 4 mwa mouri anba bal

Bandi ak zam, ki sou lòd chef bandi yo rele Ramos, alyas « Lanmò 100 jou », touye ak bal, yon ti bebe ki te gen selman 4 mwa. Krim sa a rive nan Papay, yon lokalite nan komin Gantye, nan jou lendi 3 dawout 2020 an. Bandi te debake pou kidnape yon ti bis Pap-padap, men chofè a pa kanpe. Bandi yo simen bal sou bis la e ti bebe sa a, ak tout manman li, pran bal e mouri san bat. Plizyè lòt moun ki te nan bis la pran bal tou e yo te blese. Pami yo, chofè a. Yo te kouri ak yo nan lopital. Krim sa a tris anpil. Tout moun ap mande men kote lapolis ye, paske mesye sa yo ap touye inosan depi kèk tan, san anyen pa janm rive yo. Si se te pou ale kraze manifestasyon, ale bay gaz nan manifestasyon kont rejim an plas la, Lapolis pa t ap manke reponn prezan.

 

Men tizè pouvwa a

Jude Edouard Pierre, ki se majistra komin Kafou a, deklare li p ap bay demisyon li, toutotan li pa fini ak tout travay li te kòmanse yo. Misye deklare li wè klè nan jwèt moun k ap mande li pou li bay talon li nan meri a. «Li regrèt pou moun sa yo k ap mande demisyon li a. Ke sa deranje yo ou pa, men li menm, li chwazi Kafou».

 

Jeremi: bandi vyole yon ti jenn fi 17 lane

Nan lannwit vandredi 7 pou louvri samdi 8 dawout 2020, nan yon lokalite ki rele Choran, ki nan 3yèm seksyon Jeremi, bandi ame fè kadejak sou anpil fi. Yo menm vyole yon ti jenn fi 17 lane. Bandi ame sa yo rantre pandan lannwit la, nan plizyè kay kote, kou yo fini mare gason yo jwenn nan kay yo, sou menas zam, yo fè kadejak sou medam yo, pami yo: yon ti jenn fi 17 lane. Apre yo fini fè zak sa yo, yo bwote tout bagay enpòtan yo jwenn nan kay yo.

 

Netwayaj nan vil Okap Ayisyen

Popilasyon nan vil Okap, ki se dezyèm vil peyi Dayiti, lanse yon kokennchenn operasyon pou lave figi vil Okap ki sal pase yon peny tidan. Dimanch 9 dawout la, otorite minisipal nan Okap, ansanm ak DINEPA e ak lòt enstitisyon nan vil la, lanse yon gwo operasyon pou netwaye vil Okap. Operasyon sa a te lanse nan kad preparasyon k ap fèt pou 350yèm anivèsè Vil Okap k ap rive nan kèk jou.

 

670 kg dwòg BLTS ak Gadkot sezi nan komin Pò-Sali

Jedi 6 dawout 2020 an, ajan Biwo Lit Kont Dwòg (BLTS) ak Gadkòt nan depatman Sid la, sezi yon chaloup ki te gen 2 gwo motè e ki t ap pote 670 kg mariwana. Pandan operasyon sa a, ajan Lapolis yo rive mete men sou 2 Jamayiken ki te nan chaloup sa a.

 

Otorite yo menase pou pini komèsan yo

Nan yon kominike ki pote dat 7 dawout 2020, ministè Komès ak Endistri mande tout moun k ap vann nan peyi a, pou mete tout pri yo an goud, pa an dola meriken. Desizyon sa a dwe respekte daprè arete ki te pran nan dat 18 septanm 2018 la.

 

Site Solèy: moun ap tonbe anba bal bandi

Moun pa sispann tonbe anba bal bandi nan komin Site Solèy. Gwo batay toujou ap kontinye ant gwoup ame ki gen nan tèt li Iscar, ak gwoup ame Ti Gabriel, pou kontwòl plis teritwa. Popilasyon sivil inosan pa sispann tonbe anba bal bandi sa yo, chak jou Bondye mete. Dapre Rezo Nasyonal K ap Defann Dwa Moun (RNDDH), fòk genyen, pou pi piti, 50 moun ki mouri anba bal bandi nan Site Solèy, pou sèlman mwa jiyè 2020 an.

Emmanuel Saintus

Lire la suite : Centre Georges Henri Honorat /Atelier d’Arts

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Kreyol

Gang yo kontinye ap touye moun an Ayiti Soti 2021 rive 2024, se anviwon 400...

Kreyol

Men konsta yon sitwayen ayisyen Lidè Politik ayisyen yo pran *lajan peyi* a, chanje yo...

Pati Popilè Nasyonal (PPN) denonse plan lanmò Kò Gwoup la

Pati Popilè Nasyonal salye laprès pale, ekri, televize ak medya an liy yo, pou...