HomeActualitéNouvèl an kreyòl

Nouvèl an kreyòl

Published on

Archives

Mezon transfè yo ap volè dola kliyan yo

Depi kèk jou, kliyan ki ale chache lajan nan mezon transfè yo, an Ayiti, ap rele anmwey, paske responsab yo refize ba yo lajan yo an dola ameriken jan ke fanmi yo k ap redi nan dyaspora a voye li pou yo. Responsab mezon transfè yo ap fòse kliyantèl la pran transfè yo an goud e se yo menm ki defini ki to y ap ba ow pou kòb la an goud. Nan sans sa a, otorite ki nan leta a, lanse yon batay kont mezon transfè sa yo, nan kad batay k ap mennen pou bloke to echanj goud la, fas ak dola a. Jean Baden Dubois, gouvènè Bank Repiblik Dayiti (BRH) fe konnen li kontan pou dekrè ki pibliye nan jounal Ofisyèl Monitè, nan dat 16 jen, ki modifye dekrè 1989 la, sou fonksyonman mezon transfè yo. Pou li menm, dekrè sa bay plis pouvwa ak BRH pou li kapab gen kontwòl sou fason mezon transfè yo ap mache. Daprè yon ankèt ki fèt pa otorite monetè an Ayiti, li montre pil ak pakèt pwofi responsab mezon transfè sa yo fè sou do konsomatè yo. Nan lane 2019 la, dyaspora ayisyen te fè transfè plis pase 3 milya dola ameriken nan peyi a.

 

120 goud pou 1 dola

Enflasyon an kontinye ap galope, kote pri pwodwi premye nesesite pa sispann monte byen chè nan tout kwen peyi a. Jounen jodi a 1 dola ameriken se 120 goud ayisyen ke li ye nan diferan kwen peyi Dayiti. Pandan ke to echanj nan Bank Santral (BRH) li se 111 goud pou 1 dola ameriken, kek mezon transfè afiche 120 goud pou 1 dola ameriken pou acha an goud yon pwodwi ki gen tikèt dola ameriken sou li.

 

Rate gaz tounen pi rèd

Tank mesye pouvwa sa yo je chèch. Pandan rate gaz la ap taye banda nan tout kwen peyi a, otorite an plas yo ap fè konnen ke rate gaz la se yon rate atifisyèl li ye, komkwa gen gaz se mache nwa aktè yo ap fè ak li. Responsab BMPAD la, Paul Ignace Saint-Fleur, akize konpayi k ap vann gaz yo an Ayiti, komkwa se yo ki responsab afè rate gaz sa sou mache lokal la. Misye fè konnen ke konpayi ki te pote 250 000 baril gaz la pa t kapab bay machandiz sa a depi 16 jen, paske pa gen kote pou stoke li. Li di ke konpayi sa yo pa menm kapab resevwa kantite gaz yo reklame, lè konsa, bato a oblije rete pandan 8 jou nan rad la, leta ayisyen, lè konsa, dwe peye kòm penalite 20 000 dola amériken.

 

Tande pawòl yon dirijan politik Odasye

Nan deba k ap fèt depi kèk jou sou dire manda Jovenel Moïse k ap pran fen swa nan 7 fevriye 2021 ou 2022, ansyen premye minis Evans Paul alyas K-Plim di li gen mo pa li pou li di. Ansyen premye minis nan pouvwa PHTK a fè konnen se dyalòg ki pou rezoud pwoblèm sa a. Misye mande moun k ap fè politik nan peyi a pou yo vini chita dyaloge pou yo evite yon kriz sou dosye fen manda prezidan Jovenel la. Li mande Jovenel Moïse ak dirijan opozisyon an pou cheche, nan dyalòg, yon konnsensis politik.

 

Kowonaviris la fè tout moun pè ale lopital

Majorite Ayisyen kounye a refize ale lopital, depi yo gen yon pwoblèm, akoz maladi kowonaviris la k ap vale teren an Ayiti. Moun gen yon gwo laperèz k ap bat yo, akoz pawòl k ap pale komkwa, depi yon moun gen kowonaviris, si li ale lopital, l ap mouri. Pawòl tafya sa yo k ap sikile nan tout sant sante nan peyi a, fè moun yo pi pè toujou e yo refize mete pye yo devan lopital.

 

Ayiti, kowonaviris la ap mache

Ayiti anba plis pase 4 mil kretyen vivan ki gen tan trape kowonaviris la. Gen tan gen 73 moun ki ale pou peyi san chapo, dapre otorite laboratwa nasyonal yo. Estatistik sa yo pa pran yon bann lòt moun ki mouri, yon fason sispèk, nan divès kwen nan peyi a. Kounye a depi yon moun mouri nan peyi a, yon fason sispèk, fanmi li di se akòz yon ti malèz. Teyori ti malèz la sa a, se li k ap mache nan peyi a, kounye a. Depatman Lwès la, se li menm ki gen plis moun ki trape kowonaviris la (3 434) anviwon 80% nan kontaminasyon an.

 

Ministè Edikasyon Nasyonal ap pale

Depi pandemi kowonaviris la antre nan peyi a, nan dat 19 mas ki pase a, gwo chèf yo te pran desizyon pou te fèmen tout bagay, pami yo lekòl la, kote tout pòt lekòl rete fèmen nan tout kwen peyi a pou jouk kounye a. Nan sans sa a Ministè Ledikasyon nasyonal pran desizyon, atravè yon platfòm nimerik ki rele Pr@tik ki pèmèt ak kèk timoun, ki gen mwayen yo, swiv kou yo sou platfòm nan e, kounye a, yo pral pèmèt ke kou sa yo difize nan televizyon nasyonal Dayiti (TNH) depi lendi pou rive vandredi apati 10h nan maten.

 

Kolonèl Serge Bourdeau mouri

Ansyen kolonèl Serge Bourdeau ale nan yon lòt vi, jou madi 16 jen 2020 an. Serge Bourdeau, se te ansyen kòmandan Aviyasyon, nan ansyen Fòs Lame Dayiti ki te kraze nan lane 1994, aprè retou ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide nan lekzil.

 

Ti Gwav, pwofesè yo pa kapab ankò

Pwofesè ak direktè lekòl nan Ti Gwav ap rele anmwey yo pa kapab kenbe ankò. Madi 16 jen, pwofesè ak direktè lekòl, nan Ti Gwav, fèmen pòt Biwo enspeksyon eskolè a, pou fòse otorite yo peye yo 4 mwa salè ke yo dwe yo depi nan pwogram blòf PSUGO a ke pouvwa PHTK te mete sou pye. An plis, yo mande pou Jovenel Moïse ba yo sibvansyon li te pwomet pwofesè yo. Yo di nèg sa twò mantè.

 

Okap: Operasyon Demoli Shada

Otorite minisipal nan vil Okap Ayisyen kraze katye popilè ki rele Shada nan vil Okap, kote depi kèk lane bandi ak zam pa sispann troke kòn yo nan blòk sa a ak group brigan parèy yo ki nan yon lòt katye ki rele Nan Bannann. Depi asasina polisye UDMO nan katye Shada a, nan jou mèkredi 11 jen an, otorite nan meri Okap te pran desizyon pou demoli katye sa a, kote bandi te fè li tounen basyon yo, pou touye inosan, vòlè afè moun.

 

Arestasyon yon ansyen polisye

Yon ansyen polisye jwenn arestasyon li anba men brigad Afè Kriminèl, mèkredi 17 jen, pandan yon operasyon ajan sa a fè nan katye Pèleren 4 ak 5. Ansyen polisye sa a pote non Aristil Makerly. Li se moun ke lajistis konnen déjà, paske yo te arete li nan lane 2014 pa Ajan DCPJ yo pou konplisite nan evazyon ak vòl machin. Pandan arestatsyon sa a, plizyè materyèl tankou zam ak lajan te sezi pa lapolis, nan kay misye te ye a. Lapolis sezi 10 chemiz inifòm lapolis, 1 vès taktik, 1 fizi T65, 2 fizi 12, 1 pistolè Taurus ki gen yon chajè 15 bal, 4 chajè T65 ranpli ak 171 bal, 11 katouch kalib 12, 205 bal kalib 7,62, 1 chajè fizi M14, 1 jilè pabal, 1 kas balistik, 13 pè minòt, 2 radyo kominikasyon, 1 jirofa, 2 570 dola ameriken ak 21 250 goud.

 

Pouvwa ap prepare represyon

Mesye sou pouvwa yo pa sispann, denye jou sa a, yo vizite komisarya polis yo, fè fo pwomès ak polisye yo, yon fason pou prepare teren an, an ka yon soulèvman mas yo k ap kroupi nan lamizè, grangou kowona. Nan sans sa a, premye minis defakto Jouthe Joseph ap mache vizite komisarya polis kote li te fè yon kout pye nan UDMO ki sou Channmas pou foure je gade kouman ajan polis sa yo ap fonksyone. PM Jouthe fè konnen se sou lòd prezidan Jovenel Moïse li demare vizit sa yo. E misye pwomèt ajan yo materyèl woulan, ekipman e li pral regle afè kou dat la rive yo pa kapab touche nan lè a.

Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...