HomeDroitkreyol

kreyol

Published on

Archives

16 avril: Jounen Mondyal lit kont esklavaj timoun
Ayiti siyen e ratifye Konvansyon Inivèsèl Dwa Moun ak Konvansyon Entènasyonal Dwa
Timoun, men, jiskaprezan timoun yo kontinye ap sibi tout kalite vyolans. Zantray Fanm Kreyòl
mande n reveye konsyans nou, pou n kore dwa timoun yo nan peyi a. Ansanm, an n fè yon feso
pou Lajistis, Zafè Sosyal (IBSR), Lapolis ak tout lòt enstitisyon ki konsène yo, fè travay yo pou
timoun yo ka jwi tout dwa yo, san fòskote.
Sispann matirize timoun yo, espesyalman tifi yo. Sispann eksplwate yo, mete yo lekòl e
entegre yo nan sosyete a. Fòk timoun yo epanouyi pou n devlope peyi a.
Yon malonèt ki genyen restavèk lakay li, pa yon byenfetè. Li se yon kriminèl. Fòk nou
derasinen move pratik e move lawon sa yo nan sosyete a. Bay timoun yo aksè ak opòtinite n dwe
yo!
MENFP la anonse enskripsyon elèv yo nan egzamen ofisyèl nevyèm ane Fundamental
Nan kad yon konferans pou laprès, minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la,
Nesmy Manigat, te bay jedi 13 avril 2023 a, li anonse enskripsyon pou elèv nevyèm ane
fondamantal yo ap ka fèt, sòti vandredi 14 avril la pou bout 7 me, men se lekòl ki anrejistre deja
sou sit ministè a, nan kad operasyon anrejistreman anliy la, k ap ka fè sa. Operasyon deklarasyon
anliy la, ki te demare pou lekòl prive tankou piblik yo, 27 mas pase a, ap bout 28 avril k ap vini
la a.
«A pati vandredi 14 avril 2023 sa a, tout lekòl, piblik tankou prive, ki gen tan fè
deklarasyon yo sou platfòm entènèt ministè a (www.menfp.gouv.ht), ap kapab demare avèk
pwosesis enskripsyon kandida pou egzamen ofisyèl 9yèm ane fondamantal yo». Sa a se
deklarasyon minis Nesmy Manigat pandan konferans pou laprès la.
Daprè eksplikasyon responsab yo, se 2 pwosesis k ap fèt an menm tan: lekòl k ap
anrejistre tèt yo pou jis 28 avril, epi menm lekòl ki fin anrejistre yo, ki ap gen posiblite enskri
timoun yo pou egzamen, soti vandredi 14 avril pou rive 7 me. «Lè yon lekòl fin deklare tèt li, l
ap tou jwenn otorizasyon Direksyon depatmantal edikasyon kote li ye a, pou li enskri elèv 9yèm
ane fondamantal yo. Si li posib, li kapab fè enskripsyon an pandan youn ou plizyè jou.»
Minis Edikasyon Nasyonal la ankouraje lekòl yo, ki poko deklare tèt yo, pou yo fè sa
prese prese. Si yo gen difikilte, yo kapab chèche sipò nan biwo distri eskolè yo ou byen nan
direksyon depatmantal yo, daprè sa l di, pandan l souliye: «Ane sa a, p ap gen « ka espesyal »,
paske se platfòm ministè a k ap gen pou jere kesyon an, e l ap fè sa pou tout lekòl ki suiv tout
etap pwosesis la.»
Depi responsab la fin fè deklarasyon lekòl la, l ap resevwa tousuit yon mesaj elektwonik
k ap di l li gen otorizasyon pou antame pwosesis enskripsyon kandida yo. Se nan menm moman
sa a, li va resevwa gid ki va ede l nan diferan etap pwosesis la.
Direktè Biwo Nasyonal Egzamen Leta yo (BUNEXE, an franse), Renan Michel, raple ke
travay enspektè lekòl yo pa chanje. «Responsab lekòl yo ap toujou depoze fòmilè enskripsyon yo
nan DDE yo, ansanm avèk fich ki pwouve yo peye labank pou chak elèv ki pral patisipe nan
egzamen sa yo. Kantite kòb lekòl la peye a dwe koresponn ak kantite elèv la», daprè detay li bay.
Frè enskripsyon an se mil goud. Okenn elèv ki nan 9yèm ane fondamental, nan kèlkeswa
lekòl li ye anndan peyi a, pa dwe peye yon santim an plis pou enskripsyon sa a, daprè sa otorite
MENFP yo fè konnen.
Responsab yo nan ministè a, pandan konferans pou laprès sa a, te ensiste anpil pou
mande dirijan lekòl yo pou yo genyen nan men yo, lè y ap fè enskripsyon an, akdenesans elèv
yo, yon fason pou evite erè fèt nan non, siyati ak nan dat nesans yo.

Lapli ap vide an Ayiti
Finisman semenn sa a, ap toujou gen bon jan aktivite lapli, ki mache ak loray, divès kote, nan
peyi d Ayiti. Kantite lapli ak loray sa yo ap fè tè yo resevwa plis dlo, pase nesesè. Sa fè dlo yo
debòde, dlo yo desann bridsoukou anpil kote nan peyi d Ayiti, sitou nan depatman Latibonit, Nip
ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Se pou sa, responsab oubyen espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan yo, fè konnen pou
tout sila ki rete nan zòn difisil yo, nan zòn malè pandye yo, kote ki ka gen inondasyon yo, tout
moun nan zòn sa yo, dwe veyatif anpil, respekte konsiy sekirite yo, nan moman lapli ak loray sa
yo.
Se avètisman sa a, espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an bay. Mas lè a toujou chaje
ak imidite epi gen lòt boulvès nan tan an, sou gwo zile Karayib yo, finisman semenn sa a. Se yon
sitiyasyon, k ap lakòz bon jan aktivite lapli byen fò, k ap mache ak loray, sou depatman Nòdès,
Nò, Plato Santral, Latibonit, Sidès, Grandans, Nip ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten
Pòtoprens lan. Jan sa ye, depi kòmansman mwa avril 2023 a, lapli a tonbe anpil, byen fò, sou
plizyè katye, nan depatman lwès la, sitou lannuit jedi 13 avril 2023 a.
Evens Eliacin

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...