" "
acceuilActualitéInsécurité & Banditisme

Kreyol

Liberasyon Sherlson Sanon
Apre 10 lane fèmen nan Penitansye Nasyonal, Sherlson Sanon rive jwenn liberasyon li, apre
plizyè èd tan li pase nan yon odyans asiz kriminèl sans asistans jiri, nan Pakè Potoprens, jou
vandredi 20 janvye 2023 a
Odyans sa a te òganize avèk jij Gabard Antoine, ki te fè ofis dwayen, ak Mèt Rolex
Mérové ki te jwe wòl Ministè piblik. Sherlson Sanon te gen sou do li 2 chèf akizasyon:
Asosiyasyon malfektè ak deklarasyon kalomnyèz.
Liberasyon Sherlson Sanon se yon viktwa pou lajistis ayisyèn, dapre sa avoka, ki t ap
defann ansyen prizonye a, fè konnen. Sherlson Sanon te eksplike devan tribinal la li viktim de
yon konplo Direktè Ekzekitif RNDDH la (Réseau National Défense de Droits Humains),
Pierre Espérance. Viktim lan pwomèt l ap gen pou bay yon konferans ak laprès, nan pwochen
jou yo, nan lide pou bay tout detay sou dosye li menm ak Pierre Espérance ki ta lakoz li pase
10 lane nan prizon. Nap raple lapolis te arete Sherlson Sanon nan dat 1 ye janvye 2013.
DGI ak AGD ap klewonnen lajan yo kolekte, pandan mas pèp la nan grangou
Pandan DGI (Direction Générale Impôt) ak AGD (Administration Générale des Douanes) ap
klewonnen yo kolekte plis taks nan dènye tan sa yo, pou ranpli kès Leta, tout moun wè aklè
peyi a nan plis ensekirite, mizè, grangou, mwens anplwa, Lopital an grèv, medsen ak pwofesè
paka touche. Antouka, kisa lajan sa yo regle? Se kesyon sa yo, Smith Jacques poze, nan kad
yon konferans li t ap fè, lendi 23 janvye 2023 a.
Etazini tankou pate cho pou refijye
Dapre sa Depatman Deta Ameriken fè konnen, gen yon nouvo pwogram ki rele «Welcome
Corps» ki prale mete anplas. Prezidan ameriken an, Joe Biden, vle pèmèt 125 000 refijye vini
Etazini, pandan egzèzis 2023 a. Sitwayen ameriken yo kapab mete ansanm pou esponsorize
moun. Pou premye ane a, otorite ameriken yo fè konnen yo vle rekrite 10 000 ameriken, pou
fè rantre 5 000 refijye.
Ansyen polisye Alex Amstrong Dumorné tonbe anba bal
Ansyen polisye Alex Amstrong Dumorné, prezime chef gang ki t ap opere nan lokalite
Briztou, nan Komin Petyon-Vil, li te blese mòtèlman, nan echanj kout zam ak lapolis,
mèkredi 18 janvye 2023. Endividi sa a te gen avi rechèch kont li, pou enplikasyon li nan zak
kidnaping, asosiyasyon malfektè ak asasinay, selon lapolis.
Yon lòt kote, lapolis nan Depatman Latibonit anonse arestasyon Spencer Virgile,
Normil Joseph ak Asnel Simon, mèkredi 18 janvye 2023, nan Tirivyè Latibonit. Lapolis
rekipere nan men towo sa yo: yon fizi daso M4, yon pistolè ak plizyè katouch kalib 5.56.
Selon sèvis ransèyman PNH la, prezime bandi sa yo ta gen lyen ak Baz Gran Grif ki tabli baz
yo nan Tirivyè Latibonit.
Bandi ap touye polisye san pwoblèm
Vandredi 20 janvye 2023 a, 4 polisye tonbe anba bal bandi, nan komin Petyon-Vil, kote
bandi, ki fè pati baz chèf gang Vitelhomme, te pote boure sou plizyè katye pou te kapab pran
kontwòl blòk sa yo, apre lanmò chèf gang, Alex Amstrong Dumorné.
Madi 17 janvye polisye Dudley Lafond, 25 yèm pwomosyon nan PNH la, tonbe anba bal
bandi, epi polisye Jonathan Jolicoeur, 27 yèm pwomosyon, blese nan kad yon atak ame bandi fè
sou yon bakòp polis, nan sant vil Pòtoprens. Bandi yo ale ak kadav polisye Dudley Lafond ki
mouri ansasinen, nan kad atak sa a. N ap raple nan mwens pase 10 jou, gen anviwon yon
dizèn polisye ki mouri anba bal bandi.
Politik Je chèch ak Je chèch

Nan kad yon konferans pou laprès, mèkredi 18 janvye a, Kowalisyon Nasyonal Siyatè Akò 11
septanm ak 21 desanm (CNSA) di yo salye siyati dokiman Konsansis Nasyonal ant Premye
Minis Ariel Henry ak diferan dirijan estrikti politik nan peyi a ki rive akouche Wo Konsèy
Tranzisyon an (HCT).
Mam Kowalisyon an mande lokatè Primati a, Ariel Henry, pou enstale HCT a san pèdi
tan, epi mete sou pye yon nouvo gouvènman ki kapab reponn a bezwen popilasyon an.
Cossy David, youn nan dirijan Kowalisyon an, fè kwè nouvo gouvènman, k ap gen
pou monte a, dwe travay nan tèt kole ak HCT a pou òganize bonjan eleksyon nan peyi a, nan
objektif pou remete kanpe tout enstitisyon etatik yo.
Emmanuel Saintus


Articles Similaires

Back to top button