acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Antre lekòl ranvwaye pou 3 oktòb

Nan yon nòt pou laprès, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse, apre desizyon Konsèy Gouvènman an te adopte vandredi 26 out 2022 a, ouvèti ane akademik pou 2022-2023 a fikse kounye a pou lendi 3 oktòb 2022. Rantre lekòl te deja fikse pou 5 septanm 2022. Men, apre presyon kominote edikasyon ak popilasyon an te bay, Ministè a te oblije fè bak sou dat la e li te ranvwaye l pou yon mwa. Ministè a pral pibliye, nan yon ti tan, nouvo kalandriye ane lekòl la. Men, nan yon mwa, èske paran yo ap gen tan pare pou fè fas kare ak lavichè a?

Ayiti-koripsyon: ULCC dekouvri 500 milyon goud detounen

Direktè Jeneral Inite Lit Anti-Koripsyon an (ULCC), Mèt Hans Jacques Ludwig Joseph, remèt bay lajistis, jedi 25 out sa a, yon douzèn rapò ankèt sou «fè pwouve» nan koripsyon. Dapre envestigatè ULCC yo, yo dekouvri zak detounman pwopriyete piblik, acha ilegal, detounman fon, move jesyon, abi ak rakèt nan biwo: Fon Devlopman Endistriyèl (FDI), meri Petit-Goâve, Fò-Libète, Anse-Rouge, St-Raphaël, Cerca-Cavajal, Lycée Joseph Pierre Sully de Maïssade, Jij depè seksyon Nò Gonayiv, Mesye Staniel Rejis.

Léon Charles akize kòm raketè ak responsab ki fè trafik enfliyans

Daprè ULCC, depi desanm 2020 pou rive fevriye 2021, plis pase 18 milyon goud te depoze sou kat debi polisye ak anplwaye sivil, malgre yo te revoke yo. Ansyen Direktè Léon Charles te bay polisye ak manm estaf administratif PNH yo avantaj san rezon. Inite Lit Anti-Koripsyon (ULCC) akize Léon Charles kòm responsab move jesyon kat debi a, e lajistis dwe mete aksyon piblik an mouvman kont li.

Marie Margareth Fortuné fè fòtin li sou do Leta

Ansyèn direktris jeneral Lotri Leta Ayisyen, Marie Margareth Fortuné Daudier, detounen 40 milyon 940 mil goud nan lajan Leta Ayisyen e li fè rakèt tou, nan kad yon kontra, pou plis pase 269 milyon goud. ULCC mande pou arete tou, frè l, Jean Moïse Fortuné, kòm konplis nan dwèt long siperyè.

Magouy nan Lekòl Dwa ak Ekonomi nan Gonayiv

Ant septanm 2019 ak oktòb 2020, Cheddlie Cherenfant ak Roland Paphius vòlò 8 milyon 531 mil 740 goud sou kont Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Gonayiv genyen nan labank, ak konplisite Romain Jacques, Charlemond Louidor, Aimy Marcel Olivier Jean-Louis, Jacob Philémon, daprè rapò Inite Lit Anti-Koripsyon (ULCC). Mèt Hans Jacques Ludwig Joseph, nan non ULCC, mande biwo komisè gouvènman an pou li pouswiv ansyen gwo fonksyonè, ajan piblik ak pesonalite politik sa yo, pou koripsyon e paske yo vyole lalwa. Nan menm jou a, Mèt Joseph te soumèt tou bay otorite jidisyè yo plizyè demann pou yo pouswiv yon seri palmantè ak majistra ki pa t deklare byen yo.

Lapolis lage koukouwouj dèyè direktè kolèj Saint-Pierre, Pè Fritz Désiré

Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) lanse yon manda arestasyon, madi 24 out 2022 a, kont ansyen prezidan komite pèmanan Legliz Episkopal Ayiti (EEH) e aktyèl direktè kolèj Sen Pyè a, Pè Fritz Désiré. Manda sa a lanse, apre Pè Désiré boude plizyè envitasyon DCPJ ki te envite l. Lapolis vle tande li pou swadizan patisipasyon li nan dosye trafik zam ak minisyon ki enplike EEH la.

Lapolis arete kontab Legliz Episkopal Ayiti a

Jean-Gilles Jean-Mary, kontab Legliz Episkopal Ayiti a, te jwenn arestasyon l, madi 23 out 2022 a, nan kad dosye trafik zam ak minisyon sou waf Otorite Pòtyè Nasyonal la (APN) ki enplike legliz sa a. Lapolis dekouvri plizyè dokiman, ki soti depi 2017 pou rive 2021, kontab la te siyen pou bay otorizasyon pou debouse lajan ki soti nan kont Legliz Episkopal la pou ale sou kont yon trafikan zam entènasyonal, Direksyon Santral nan Lapolis Jidisyè (DCPJ) ap chache aktivman. Pou kounye a, yo kenbe kontab Jean-Gilles Jean-Mary nan prizon, jiskaske yo transfere l bay otorite konpetan nan zafè a.

Ki moun ki bay lapolis Ayiti lisans pou touye?

Madi 23 dawout 2022, etidyan nan inivèsite Pòtoprens te fè yon rasanbleman devan lokal inivèsite sa a, an memwa kamarad yo, Sarahdjie Desenclos, bandi te ansasinen sovajman, wikenn pase a, nan Kwadèboukè, an konpayi manman l, Josette Fils Desenclos, ak sè l, Sherwood Sondjie Desenclos. Pou eksprime kòlè ak chagren yo, etidyan yo monte yon barikad sou wout la, pou paralize trafik nan Ruelle Rivière. San vyolans, pou repons ak pwotestasyon etidyan yo, lapolis itilize anpil britalite pou kraze mouvman pasifik sa a. Polisye yo te voye anpil gaz lakrimojèn sou etidyan yo e sa te pwovoke anpil panik nan mitan yo, kote gen etidyan ki te pèdi konesans, selon kèk temwen. Pandan 2 jou, popilasyon nan Okay, Okap, Jakmèl, Tigwav, Pòtoprens … pwoteste kont pri lavi a ki ogmante, ensekirite, rate gaz e yo mete barikad nan diferan lari nan vil sa yo. Nan Pòtoprens, tankou nan pwovens yo, lapolis te itilize gaz lakrimojèn, bal avètisman e tire ak bal reyèl, a wotè dòm, pou reprann kontwòl lari a e pou kenbe lòd nan site a, men a ki pri ?

Èske PNH gen lisans pou blese ak touye manifestan?

Vyolans inapropriye lapolis, inakseptab. Kote anpil fwa, popilasyon konn fè lwanj sou pwofesyonalis lapolis nan batay kont bandi yo, fwa sa a, se menm popilasyon sa a lapolis blese e blese yo mòtèlman, selon nouvo diskou Pòtvwa PNH la.

Lapolis nasyonal chwazi itilize fòs lanmò olye yo ta itilize lapawòl pou anpeche vyolans sa yo

Nan Okay, nan yon fiziyad mòtèl, lapolis pwovoke lanmò 3 manifestan. Yo touye ak bal Woodler Mésidor nan Kafou Laval. Nan Okay, ajan BLTS yo blese mòtèlman, yo ansasinen Fernio Noël nan Dexia 6, ak yon twazyen moun yo pa rive idantifye. Pandan 2 jounen sa yo, lapolis blese plis pase kenz moun. Pandan premye jou manifestasyon yo, Judelin Michel, yon adolesan 16 zan, te pran yon bal nan janm dwat li. Omwen senk moun blese madi 23 out 2022 a. Pandan dezyèm jounen mobilizasyon an kont ensekirite ak lavi chè nan Jakmèl, senk blese sa yo, se Darley Content, Jeff Timothée, Jude Désir, Ardan Sauveur ak Denis Lainé. Temwen rapòte tou 3 blese ak bal, pandan menm jounen an, nan Okay. Nan Tigwav, yon moun te blese. Nan Pòtoprens, yo te konte plizyè moun blese nan premye jounen pwotestasyon yo. Apre evènman sanglan sa yo, okenn envestigasyon pa louvri kont polisye fotif yo pou «vyolans entansyonèl ki lakòz lanmò». Yo pa mete ofisye BLTS yo nan Okay nan gadavi epi IGPN pa chache tande pou ki sa yo komèt krim gratis sa a yo. Lajistis nan peyi a pa deside mennen ankèt sou «vyolans ekspre ke yon moun ki gen otorite piblik egzèse, ki lakòz lanmò, san entansyon pou te bay li» ak «vyolans ekspre, yon moun ki gen otorite piblik egzèse, pou blese yon moun kap manifeste». Lapolis kontinye itilize vyolans pou kraze manifestayon nan peyi a, san yo pa janm santi yo enkyete pa IGPN ak lajitis, kòm kidire yo gen pèmi pou blese ak touye moun kap manifeste pasifikman, sou tout teritwa peyi a. Ki kote yo resevwa lòd sa yo? Èske se nan men Komisè a, responsab twoup ki sou teren an, chèf lapolis la ou byen nan men otorite defakto yo? Se lalwa ki pou detèmine responsablite yo. Vyolans ilegal lapolis nasyonal nan manifestasyon yo, se bagay ki systemik epi koòdone pa yon seri chèf tou-pwisans ki pa gen okenn respè pou demokrasi ak dwa moun. Depi kreyasyon PNH la pou ranplase lame dAyiti, lapolis sèvi ak menm metòd epi pratik lame a, pou kraze nan san: mach, sitin ak manifestasyon. Se sèl pwotestasyon gouvènmantal yo ki pa konn sibi britalite ak vyolans PNH la, e nou pa mande tèt nou pou ki sa?

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button