acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Omwen 8 moun mouri, pami yo: twa manm nan fanmi Desenclos

Yon fiziyad te lakòz anviwon 8 moun mouri, samdi 20 out 2022 a, nan zòn Cité-Doudoune, nan Croix-des-Bouquets. Pami viktim yo, genyen yon manman ak de pitit fi li yo, ki te akonpaye ak de lòt moun nan yon machin, ak twa chofè taksi motosiklèt ki te sou plas, nan moman aksyon sa a.

Daprè yon sous, se yon tantativ kidnaping ki te ala baz trajedi sa a, ki lakòz lanmò senk moun ki te abò yon machin Suzuki Grand Vitara ki t ap eseye sove anba yon kidnaping. Malfra yo, alye gang 400 Mawozo, te louvri kout zam sou veyikil la. Apre yo fin touye 5 moun yo, yo mete dife nan machin lan. Twa chofè taksi motosiklèt ki te ozalantou, resevwa plizyè katouch e te mouri sou plas.

Yo poko rive idntifye 2 lòt moun ki te nan machin lan ak 3 chofè moto yo. Men, selon kèk temwen, se 2 pitit ak madan Mèt Jean Simson Desenclos ki ta peri nan trajedi sa a.

Twòp lanmò: Direksyon Sant Etid Segondè (CES) rele byen fò pou «sispann enfami a», apre asasina Sondjie Desenclos

Direksyon Sant Etid Segondè choke e an kòlè, apre disparisyon brutal yon ansyen nan lekòl la, Sondjie Desanclos, viktim samdi maten, ansanm ak yon sè li ak manman li, nan yon asasina vyolan, lach, avèg ak inimen, teworis 400 Mawozo yo te komèt nan Site Doudoune, nan Croix-des-Bouquets, sou pezib sitwayen sa yo. Yon nòt pou laprès, ki soti nan Direksyon Sant pou Etid Segondè, fè konnen Sondjie Desenclos te etidye nan CES, soti nan 7yèm Ane Fondamantal, rive nan Terminal depi 2007 pou rive 2013. Ki jan nou menm, edikatè ki te envesti tan nou, nanm nou, lanmou nou pou lòt moun, pou nou bati modèl vèti sa a ki t ap fleri pandan l ap tann Bèl sezon li, èske nou ka rete soud ak bèbè? Se sa nou te ka li, nan nòt sa a. Direksyon Sant Etid Segondè rele byen fò e ak tout vwa li pou mande pou yo «bloke dezonè sa a».

Koukouwouj dèyè gang «400 Mawozo» ap kontinye nan peyi a

Tomazo: Lapolis nasyonal pa chome dènye jou sa yo e yo deside kontinye trake manm aktif gang 400 Mawozo yo. Nan Tomazo, pandan yon echanj kout zam ak Lapolis, de (2) prezime bandi nan gang 400 Mawozo mouri anba bal e PNH mete anba kòd, Vierge Joseph, alyas «Tiboun», yon manbo e yo sispèk li se konkibin chèf gang «Lanmò San Jou». Daprè premye enfòmasyon yo, Vierge Joseph ta mete kay li a dispozisyon «Lanmò San Jou» ki ta sove kite Kwadèboukè.

Yon lòt kote, nan Jakmèl, Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) nan Sidès arete, madi 16 out 2022 a, Mathieu Thomas ak Albert Laury, 2 manm asosyasyon kriminèl «400 Mawozo» a. Lapolis sezi e analize 2 telefòn, yon Samsung Galaxy A02S ki te nan men bandi sa yo ki pwouve telefòn sa a te pou Davidson Rozier, yon moun yo te kidnape 25 janvye 2022, nan Tabarre 49, nan zòn Eddy One, nan yon Jeep Laredo blan. Viktim nan te pase senk (5) jou nan men moun ki te kaptire l yo, epi yo te peye yon ranson 565 000 mil goud pou libere l. Dezyèm telefòn la, yon Samsung Galaxy J6+, te pou Madan Nicole Noël. Bandi yo te vòlè l nan machin li, nan Santo 17.

N ap raple lapolis te deja arete nan Mibalè, 5 endividi manm aktif gang 400 Mawozo ki te al pran refij nan yon otèl sou wout 9, pou evite tonbe sou TIMAGALI.

Pouki sa, bridsoukou, Etazini vle pran nouvo mezi pou kwape trafik zam ak Ayiti?

Majorite Ayisyen sezi tande ak wè, depatman Sekirite Nasyonal Etazini òganize yon konferans pou laprès nan Miami, mèkredi 17 out la, pou anonse mezi y ap pran pou kwape trafik zam k ap fèt ant Etazini ak Ayiti, dapre radio Vwa Lamerik (VOA).

Plizyè enstitisyon ameriken tankou: ATF, Lapolis Miami Dade ak minis Jistis Etazini patisipe nan konferans sa a, bò kote Depatman Sekirite Nasyonal, (HSI), pou di yo konstate, «kounye a», genyen yon gwo trafik zam ilegal ant Etazini ak Ayiti k ap ogmante. Ajan Salisbury konstate se zam gwo kalib, tankou zam sniper, kalib 50, epi mitrayèt, k ap antre nan peyi a. E pirèd ankò, «je yo louvri pou wè» zam sa yo gen kapasite pou yo koze anpil dega.

Ayiti sou anbago, zam toujou rantre a gogo

Depi fen ane 1990 yo, Ayiti anba anbago sou zam. Se Etazini ki te mete l, apre koudeta nan san, militè yo te fè kont Prezidan Jean Bertrand Aristid. Men malgre restyriksyon sa a, zam tout kalib toujou kontinye rantre nan peyi a, e gran majorite zam ilegal yo soti nan Sid Florid. Sèvis La Dwan ak Pwoteksyon Fwontyè Etazini, pou rejyon Miami a, se te yon veritab paswa pandan 30 dènye ane ki sot pase la. Enstisyon ameriken yo ta kite komès sa a fèt san twò gwo sipèvisyon, paske lalwa ameriken pa entèdi moun achte zam. Depi ou ka montre yon lisans federal pou sa, okenn verifikasyon pa nesesè pou destinasyon reyèl yo. Yo pa bezwen konnen si se pou chase gwo jibye ou byen al depoze yo nan men gang ann Ayiti pou teworize popilasyon an. Komès sa a pa gen moral, li avèg tou, depi li respekte prensip kapitalis òf ak demand lan.

Pandan 30 lane ki sot pase yo, otorite ameriken yo pa t fè okenn jèfò pou bloke ekspòtasyon zam ilegal nan pò ameriken yo. Ladwan pa t enspekte kago ak koli k ap pase, swa sou bato ou byen nan avyon, an diresyon Ayiti. Se te lekòl lage, baryè lib pou zam ilegal rantre, san bri san kont, sou teritwa ayisyen.

Kisa ki chanje nan politik ameriken yo?

Li enposib pou konnen ki kantite zam ilegal ki deja rantre nan peyi a, pandan 30 dènye ane yo, e anpatikilye, sou 10 zan administrasyon PHTK, Marthelly ak Moïse la. Tanzantan, lapolis ak ladwan ayisyen ap sezi kèk kantite zam ak minisyon. GunPolicy.org, (yon sit k ap bay enfòmasyon, peyi pa peyi, sou zafè zam afe), te estime, an 2017, Ayiti genyen yon total 291 000 zam afe (legal kou ilegal) ki te nan men sivil yo. 4 tran apre, an 2021, CNDDR di ta genyen 500 000 zam ilegal ki an sikilasyon sou teritwa a ak plis pase 3 000 moun ame ki afilye ak yon gang, yon ogmantasyon, apeprè de 58,20%. Ki sa ki chanje nan politik ameriken pou te bloke trafik sa a ? An reyalite, anyen menm. Depi 17 avril 2009, Etazini te mete kanpe Inisyativ Sekirite Basen Karayib la (Caribbean Basin Security Initiative, CBSI), yon plan Daksyon pou Koperasyon nan zafè Sekirite ant peyi nan Karayib la ak Etazini. Se yon seri aksyon ki ta pèmèt Eta Karibeyen yo batay kont krim ak vyolans nan rejyon an. Caribbean Basin Security Initiative (CBSI) ap travay pou reduyi trafik ilegal ti zam ak gwo zam, ogmante sekirite e anpeche krim ak vyolans kay jèn moun. 12 zan apre, okenn nan objektif sa yo pa rive atenn. Pandan tout tan sa a, kote Ameriken yo te ye? Se kesyon sa a Pierre Esperance poze, pou montre ti souke kò administrasyon ameriken an pa inosan. Se rezilta batay òganizasyon dwa moun yo te fè pou te denonse Etazini kòm pwen depa trafik zam ak minisyon, ki pa t fè anyen pou te anpeche tout kantite zam sa a yo rantre ann Ayiti.

Anpil obsèvatè avize ap mande pou ki sa se jodi a otorite ameriken deside sèvi ak tout zouti yo genyen a dispozisyon yo, pou idantifye e sezi zam, pyès pou zam ak minisyon a destinasyon Karayib la, an patikilye ann Ayiti. Eske sa makonnen ak kidnaping 16 sitwayen ameriken ann Ayiti, ane pase a ? Eske chanjman sa yo rantre nan kad pwosesis pou twoup etranje debake nan peyi a ?

Espò: Grenadye yo (U-14) chanpyon tounwa Karayib la

Seleksyon gason, kategori U-14 la, reyalize «back to back», dimanch 21 out 2022 sa a, li ranpòte chanpyona a, 2 gòl a 0 sou Pòtoriko. Jackson Saintilnord te ouvri eskò a pou ekip foutbòl ayisyen an, nan 12zyèm minit lan. Antre nan jwèt la nan 2yèm mitan an, Angelo Lauré vin bay 2zyèm gòl la, nan 63zyèm minit. Gras a viktwa sa a, Grenadye-espwa yo kenbe tit chanpyon Karayib la, pou kategori U-14 la.

Nap raple, edisyon 2022 Inyon foutbòl Karayib la (CFU) te dewoule, soti 13 pou rive 22 out 2022, nan Repiblik Dominikèn. Grenadye yo ranpòte tounwa a san yo pa pran yon sèl gòl, alòske yo make 24 gòl, nan 5 match.

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button