acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Lajistis bay Pè Frantz Cole «yon delè piblik pou kèk èd tan», pou l parèt nan DCPJ

Pou yon dezyèm fwa, Pè Frantz Cole, youn nan dirijan Legliz Episkopal Ayiti a, te boude envitasyon Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) pou vandredi 12 out 2022 a. Anketè DCPJ yo vle entèwoje prela a, nan kad ankèt sou kontenè ki te gen zam ak minisyon yo te dekouvri nan Ladwàn Pòtoprens la. Pè Frantz Cole pa t mete pye ni li pa t voye reprezantan li. Komisè gouvènman Pòtoprens lan, Me Jacques Lafontant, te deklare prela a gen mwens pase ven tèd tan pou li rapòte l bay DCPJ. Sinon, Pè Frantz Cole «riske pèdi dwa li.»

Asasinay ansyen senatè Yvon Buissereth: viktim nan pa gen anyen pou l wè ak Toto Bòlèt

Nan yon antrevi ak Gazette Haiti, ansyen depite Okay, Jean David Genesté, demanti tout enfòmasyon ki ta fè kwè ansyen direktè EPPLS la, Yvon Buissereth, ta yon alye Toto Bòlèt. Li fè konnen viktim lan pa menn rekonèt Toto, alevwa pou li ta alye l nan kad konfli teryen nan Laboul. Viktim lan ta prale Okay, atravè wout Tara’s, pou evite wout Matisan ki bloke depi plis pase yon lane. Ansyen palmantè a te dwe ale nan dezyèm vil peyi a pou l vizite manman l, yon oktajenè, ki soufri alzaymè.

Ansyen Sekretè Deta Fòmasyon Pwofesyonèl, Jean David Genesté, nan mikro Gazette Haiti te eksplike tou, Yvon Buissereth pa t gen okenn gad sekirite, ni li pa t gen zam e li ajoute Joseph Ronald Momplaisir, 28 lane ki te nan machin li epi ki mouri tou, se manm fanmi madanm li.

N ap raple, apre zak ansasinay, samdi 6 out 2022, sou Direktè Jeneral Konpayi Piblik pou Pwomosyon Lojman Sosyal (EPPLS) la, Yvon Buissereth, nan zòn Laboule 12, anpil moun tankou ansyen palmantè ak ansyen prezidan Jocelerme Privert, te leve vwa yo pou kondane move zak kriminel sa a. Premye Minis Ariel Henry, sou kont Twitter li, pwomèt pou pouswiv bandi k ap simen laterè nan peyi a.

Kanada apwouve pèmi ekspòtasyon pou blende transpò twoup, pou Ayiti

Konbyen blende? Konbyen sa koute? Pou ki sa blende sa yo? ,Blakawout total. Abityèlman, se minis Afè Etranjè peyi Kanada ki apwouve lavant machin blende lejè, blende transpò twoup, bay yon lòt Eta nan mond lan. Daprè jounal Le Nouvelliste, Gouvènman Kanada apwouve, mèkredi sa a, pèmi ekspòtasyon pou transpò pèsonèl militè ou polisye nan blende pou Ayiti.

Se vre, materyèl sa yo, PNH te manke yo anpil nan batay kont laterè gang, yo byenvini nan sosyete a. Se ak anpil kè kontan popilasyon resevwa nouvèl la, kòm kidire se blende yo, pou kont yo, tankou ti Magali, ki pral rezoud batay kont gran banditis ak kriminalite nan peyi a.

Pou kisa blende sa yo?

Trete Nasyonzini an di okenn Eta «pa dwe otorize transfè zam […] si li gen konesans, nan moman yo mande otorizasyon an, ke zam sa yo oswa materyèl militè sa yo ta ka itilize pou komèt jenosid, krim kont limanite, vyolasyon grav Konvansyon Jenèv 1949, yo pa dwe sèvi ni pou fè atak kont sivil, ni òt krim lagè».

Se petèt pou sa Gouvènman Ottawa te pran tan li e pran tout prekosyon sa yo, anvan li te bay premye pèmi ekspòtasyon blende pou transpò twoup, paske nenpòt sitwayen kanadyen ka ale devan  tribinal pou bloke ou denonse kontra sa yo, si dwa sivil yo ta vyole.

Blende k ap rantre an Ayiti yo ta dwe sèvi pou batay inikman kont ensekirite. Èske gouvènman ayisyen an ka bay garanti blende sa yo, PNH pa p itilize yo kont popilasyon sivil k ap manisfeste pasifikman nan lari?

Dapre yon ekspè an sekirite, ki pa vle nou site non l, li te mande èske blende sa yo pa pral tonbe nan men lame dayiti remobilize ki te genyen yon pase represif epi antidemokratik.

Blende k ap vini yo pa ta dwe ale nan men gang G-9 pou atake popilasyon Bèlè, jan anpil moun nan katye sa a konn denonse lapolis ki konn bay kèk manb gang sa yo ki itilize l pou atake popilasyon sivil nan Bèlè.

Kèk ekspè lese konprann, si sa ta rive, Ottawa kapab echwe nan obligasyon legal li pou asire ke ekipman sa yo pa dwe itilize kont sivil yo, jan sa konn fèt nan peyi nan mwayen oryan yo.

Konbyen blende? Konbyen yo koute?

1 blende, 2 blende, 10 ou byen 20 blende? Antouka, okenn moun pa konnen kantite k ap vini an. Minis Enteryè, Liszt Quitel, te defann desizyon fòs polis la pran pou achte machin blende yo, san presize konbyen e ki bagay espesyalman yo kapab fè avèk yo. Li te fè konnen sou Gazette Haiti, se lapolis ki te chwazi ekipman sa yo o Kanada e, yo menn nan egzekitif la, yo peye pou transpòte yo e pou menm fè mentnans sou ekipman yo. Kounye a y ap tann bon rezilta nan men PNH, apre ekipman sa yo antre an Ayiti.

Menm si mentyen lalwa ak lòd tounen yon travay ki vinn pi konplèks atravè peyi a, men li ta enpòtan pou Leta te founi detay sou kontra sa a, a konbyen milyon ou milya dola kontra sa yo ta estime.

Selon yon ekspè, gen plizyè kalite blende. Li espere machin blende sa yo ap sèvi pou polisye yo kapab pran refij anndan yo, nan sèten sitiyasyon grav, pou evite debak ki te pase nan Site Letènèl la rive ankò. Yo ka sèvi nan sitiyasyon priz otaj, ou byen lè bandi ap tire sou polisye yo.

Veyikil fòs polis yo achte a, eske se 4 ou 6 wou yo genyen, epi èske y ap ka itilize nan vil oswa nan yon anviwonman riral ou byen anndan bidonvil yo? Li te ajoute tou, pa gen okenn presizyon sou sa.

«Eske Veyikil sa yo pral itilize pou pwoteje polisye yo pandan operasyon kont gang ki kache epi ap vide kout bal sou lapolis, èske se pou ede al libere otaj, viktim kidnapin ou byen pou kraze manifestasyon ki pa vyolan?»

Konbyen polisye yo kapab pote? Èske li fèt tou pou operasyon ofansif? Èske l ap ekipe ak yon lans grenad, men l ap gen twou pou kite tirè pwofesyonèl yo aji san danje?

Li kwè tou pa t gen okenn danje pou Leta ayisyen te bay espesifisite ekipman sa yo san li pa ta retire avantaj lapolis pou genyen batay kont gang yo.

Li espere veyikil yo achte yo entegre yon pòs kòmand ki ka dirije dronn, yon machin ki gen kamera pou fòs polis yo pa bezwen ekspoze tèt yo deyò a.

Misyon prensipal blende sa yo, pou li menm, se ta pou pwoteje ekip entèvansyon li yo anba bal lènmi yo, fasilite evakyasyon otaj oswa blese pandan yon atak.

Gouvènman an pa t vle divilge kantite machin blende konpayi an dwe bay yo e ak ki konpayi yo te siyen e ki espesifisite blende sa yo.

Blakawout total nan achte ekipman sa yo louvri wout pou koripsyon fèt, swa nan gwosi pri yo swa nan detounen materyèl pou lòt aktivite sekirite prive.

Li poze tèt li kesyon ak ki bidjè transaksyon sa yo fèt e ki agiman finansye ki konvenk Ayiti achte nan men Kanada. Pou ki se pa Etazini, Lachin ou Lafrans?

Apre akizisyon ekipman sa yo, ki politik Leta ayisyen ap mete kanpe pou chanje vizaj katye sa yo, pou pèmèt moun yo viv pi byen ak nan diyite e pa ki te lajan sal tante yo?

Ronald Léon

Articles Similaires

Lisez aussi
Close
Back to top button