acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

SDP kont SDP : André Michel, Marjory Michel … ak Nenel Cassy, Ulrick St-Cyr … dozado

Kako sal nan mitan SDP pa lave an fanmi ankò men, se nan mitan laprès ak sou rezo sosyo politisyen SDP yo deside lave kòt kabann ak ranyon sal yo a. Se ansyen senatè Nenel Cassy ki lanse premye tweet la. Li te ekri: «Akò 11 Septanm lan mouri», nan madi 2 dawout la. Ansyen Senatè Nenel Cassy, klèman, mande Premye Minis ayisyen an, Ariel Henry pou revoke manm Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) ki nan gouvènman li an. Li te deklare nan nan emisyon «Le rendez-vous avec Volcy Assad», jedi 4 dawout la, SDP kite akò 11 Septanm, e se demokratikman yo te fè chwa sa a, kote nan direktwa 8 manm ki konn pran desizyon pou SDP, gen 4 ki te vote pou kite akò a, 3 pou yo rete epi gen yon sèl ki fè abstansyon. Misye Cassy te ale pi lwen nan mikro Gazette Haïti, pou li di si Marjory Michel, André Michel ak Ricard Pierre pa retire kò yo nan akò sa a, yo pral ede PHTK tounen sou pouvwa a, e yo ka nan sitiyasyon pou yo ka menm al jwenn PHTK.

Kontrèman ak deklarasyon sa a, lòt bout nan Sektè Demokratik ak Popilè a, tankou André Michel, Marjory Michel ak aktyèl minis Planifikasyon an, Ricard Pierre, afime nan yon nòt pou laprès, «SDP a reyitere dezi li pou kontinye goumen pou aplikasyon konplè Akò 11 Septanm 2021 an, paske SDP kwè akò sa a gen ladan l tout revandikasyon popilè yo, ak fondamantal lit pèp ayisyen an…» Marjory Michel, André Michel ak aktyèl minis Planifikasyon an, Ricard Pierre, ekri nwa sou blan, yo renouvle atachman yo ak akò 11 septanm lan epi yo pote tout solidarite yo ak Ariel Henry.

Majorite manm ak òganizasyon Sektè Demokratik ak Popilè (SDP), nan yon konferans pou laprès jedi 4 dawout la, di yo rekonèt yon sèl lidè nan SDP, se ansyen senatè Nenel Cassy.

Sitiyasyon divisyon nan mitan SDP, se egzanp vivan yon pati ou yon regwoupman politik san disiplin e san liy ideolojik klè. Chak patikilye sa yo, ki te nan mouvman sosyal yo oswa nan pati politik ayisyen yo, toujou bliye aplike ou respekte règ moral oswa liy konduit ofisyèl pati yo ladan l lan. Eske SDP te genyen yon liy ideolojik espesifik nan òganizasyon an? Ki ajanda yo te defini, lè yo t ap rantre nan Akò 11 Septanm lan? Repons lan nan men yo.

Operasyon lapolis nan Croix-des-Bouquets ak nan Depatman Latibonit: 36 otaj libere, 9 kidnapè mouri

Lapolis te libere, jedi 4 out 2022 sa a, sis (6) otaj, pami yo: yon (1) Fransè, pandan yon operasyon ki te fèt nan Terre-Blanche, nan komin Croix-des-Bouquets, nan bastyon ansyen lidè gang nan Remi yo konnen sou non «Kòlèg», ki te mouri mèkredi 3 out 2022, nan echanj kout zam ak lapolis. Otaj sa yo te sekestre pandan plizyè jou nan yon kay ki te pou ansyen pwisan chèf gang «Kòlèg», yon ansyen manm enfliyan nan òganizasyon kriminèl «400 Mawozo».

Gwomòn: 9 bandi pèdi lavi yo, 30 otaj libere

Yon lòt kote, nan depatman Latibonit, 9 bandi pèdi lavi yo nan echanj kout zam tou ak Lapolis, pandan yon operasyon nan komin Gwomòn, depatman Latibonit, sou wout pou ale Pòdepè.

13 lòt bandi blese, 3 endividi jwenn arestasyon yo. Lapolis libere 30 otaj epi sezi tou 8 motosiklèt. Men nòt lapolis pa di si yo te sezi zam bandi yo. Polis Nodwès anonse depi madi 2 dawout la, tout aktivite reprann nòmalman sou wout ki mennen Pòdepè a.

Depi kèk jou, lapolis lanse yon kanpay kont gang ame atravè peyi a an patikilye nan Croix-des-Bouquets kote gang 400 Mawozo enpoze popilasyon yon klima laterè.

Bandi ak zam lage Edner Décimé, jounalis AlterPresse/AlterRadio

Jounalis Edner Décimé, jwenn liberasyon li, vandredi 5 out 2022, apre 20 jou li pase nan men ravisè li yo, dapre AlterPresse/AlterRadio, medya li ap travay la, ki pa bay okenn detay sou kondisyon yo te lage travayè laprès la. Sepandan, bandi yo te mande yon gwo sòm lajan pou te lage li. Nouvèl sa a se yon gwo soulajman pou fanmi Décimé ak laprès, an jeneral, ki te gen kè sote pou jounalis la ki gen pwoblèm sante.

Gang ame ki opere anba lavil la, te kidnape, dimanch 17 jiyè 2022, nan Delmas, 9 moun, pami yo: Edner Décimé fils.

Egzamen ofisyèl yo: pwofesè ak korektè kanpe koreksyon nan Lise Pétion-Ville, pou pwoteste kont kidnaping Bazelais Morose

Vandredi 5 out 2022 sa a, koreksyon kopi egzamen ofisyèl yo te kanpe nan Lycée national de Petion-Ville pou pwoteste kont kidnaping youn nan moun k ap korije fèy egzamen yo.

Sispansyon travay sa a fèt pou mande liberasyon, san kondisyon, Bazelais Morose, pwofesè korektè nan sant koreksyon Lise nasyonal Pétion-Ville, bandi te kidnape, mèkredi 3 out la, nan Delmas.

Yo denonse atitid minis Nesmy Manigat nan dosye sa a e menase pou bòyikote rantre lekòl la, pou mwa septanm lan, si ministè a pa degaje l pou fè libere Bazelais Morose.

Yon lòt fwa atis Fantom menase l ap tire Carel Pedre

Nan yon bout videyo ki dire 2 minit, Carel Pedre poste sou paj li, nou ka remake atis Fantom, k ap viv depi kèk tan nan peyi vwazen an, ki di anpil gwo mo kont Carel Pedre epi Frantz Duval. Li menase, yon lòt fwa ankò, l ap touye animatè ayisyen an. Nan videyo sa a, rapè a rantre nan manman Frantz Duval ak Carel Pedre. Videyo sa a vini aprè Sumfest fin fèt epi Haïti en Folie ki t ap fèt Kanada. «Carel, ou mouri deja nan menm. Ou wè, si nèg yo pa tiye w, mwen pa rele Fantom», se konsa atis la te voye menas yo atravè videyo sa a, yon lòt moun t ap filme. Pi lwen, nan entèvansyon li yo, li kalifye redaktè an chèf Le Nouvelliste la mas***, li ensiste l ap tiye Carel. «Carel gen pou mouri nan men m, m ap kase kou chaw*** sa».

Carel Pedre nan yon ti kout mesaj ki akonpaye videyo sa li poste a, raple l ap resevwa menas sa yo depi avril 2020. «Atak yo kòmanse depi avril 2020. Yo pase de jouman, ti menas, a bay baton. Kounye a, se bay bal, touye ak kase kou… Kòm nou tout gen pou ale, m ap tann jou pa m lan», se konsa animatè a te reyaji.

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button