" "
acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Kisa ki te rive yon jou tankou jodi a?

  • 28 jiyè 1915, jou Marine ameriken yo te debake an Ayiti. 107 tan deja.
  • Nan dat 28 jiyè 1915, twoup ameriken yo te debake Pòtoprens, kapital peyi Dayiti, pou retabli ofisyèlman estabilite ak sekirite nan Premye Repiblik Nwa nan tan modèn lan. Yo pral rete la pou prèske ven lane, jiska 1934.

Asasina prezidan ayisyen an, Vilbrun Guillaume Sam, yon bon fo pretèks

  • 27 jiyè 1915, Jeneral Oscar Étienne, yo te rele tou Challoska, ki te Kòmandan Militè Pòtoprens, te bay lòd pou masakre 167 prizonye politik yo te fèmen nan kacho Penitansye Nasyonal la. Nan apremidi, popilasyon an mache pran Chaloska, rache e trennen rès kadav la nan lari Pòtoprens, pandan yo t ap kouri dèyè prezidan Vilbrun Guillaume Sam ki kouri al kache nan Anbasad Lafrans la.
  • 28 jiyè 1915, apre lantèman prizonye politik yo, popilasyon an rantre anndan Anbasad Lafrans, pran diktatè a, pase li alenfinitif epi foul moun yo pran rès kò a, trennen li nan lari nan kapital la.
  • Nouvo deblozay sa a bay Tonton Sam yon rezon pou yon entèvansyon militè. Nan apremidi 28 jiyè 1915, prezidan ameriken an, Woodrow Wilson, te voye 330 Marine ameriken pou debake nan Pòtoprens, an Ayiti, pou pwoteje enterè ekonomik ameriken yo. Bato de gè, Washington, te antre nan pò Pòtoprens, nan Bizoton.

Nan aswè, twoup Marine yo te pran pozisyon nan kote kle yo. Pou jistifye dwa pou foure bouch yo nan zafè lòt, diplomasi Washington te mete devan prensip imanitè. Se vre? Se pa piyay !

Men, anreyalite, depi fen lane 1880 yo, Ameriken te kontinye manifeste dezi ekspansyonis yo nan Amerik Latin lan e sitou nan Amerik Santral ak Karayib la. Tonton Sam te deside aplike Doktrin Monroe a nan rejyon an.

  • An 1898, yo fè entèvansyon kont Espay, pandan Lagè Endepandans Kiba e okipasyon militè zile sa a dire jiska 1902.
  • Depi 1898, yo pran kontwòl Pòtoriko.
  • Kreyasyon atifisyèl Eta Panama, an 1903, se te travay yon gwoup kolonbyen sesesyonis ak sipò Etazini. Pou asire sekirite kanal la, yo te mennen yon operasyon militè pou okipe zòn kanal sa a, menm ane a.
  • An 1905, yo te fè yon operasyon polis entènasyonal nan Nikaragwa.
  • An 1907, Ameriken yo te pran kontwòl dwan Repiblik Dominikèn.
  • An 1909, se tou pa Ondiras.
  • An 1912, dezyèm entèvansyon, yo te tounen fè yon okipasyon militè nan Nikaragwa (1912-1924).
  • An 1914, Marine yo te mete pye sou tè Meksiken, yo te debake nan Veracruz.
  • An 1915, se te okipasyon an Ayiti.
  • Apre sa, yo te ale an Repiblik Dominikèn an 1916.
  • An 1917, Etazini te achte Zile Vyèj yo nan men Danmark.

Tout aksyon gwo ponyèt sa yo, anvan e apre debakman 1915 lan, te pwouve ke, nan epòk sa a, Etazini te gen yon plan jeneral pou asire li pran kontwòl estratejik Karayib la ak Amerik Santral la.

Yo pa t vini pou ede non-plis

Tou suit apre militè yo, konpayi Ameriken yo te debake sou zile a epi yo te akapare kèk nan resous lokal yo (plantasyon). Yo restore kèk enfrastrikti zile a tou: wout, klinik, lekòl, epi mete kantite reyalizasyon sa yo nan dèt ekstèn Ayiti, san yo pa di konbyen kòb sa te koute. Anplis de sa, yo aliyen lajan lokal la, goud la, sou dola a.

Enstitisyon peyi a, bank, ladwàn elatriye tonbe anba men administratè ameriken, atravè trete septanm 1915 yo te enpoze Ayiti pou te pran kontwòl aparèy administratif, bank yo, politik prete lajan ak politik pou ogmante taks yo.

Yo kraze Palman an. Yon sèten, Franklin Roosevelt, ansyen Sou Sekretè Lamarin, menm ekri yon nouvo Konstitisyon pou Leta Ayisyen. Se konstitisyon sa a ki te aboli, pou yon premye fwa, atik ki te entèdi etranje yo posede byen imobilye nan peyi a. Yo kreye lwa pou yon etranje genyen tè nan peyi a tou.

An 1915, Admiral Caperton sezi epi te vann kat bato de gè ayisyen, pou $14 000 ak yon konpayi Ameriken ki te revann yo nan New York pou $500 000. Pwofi a te distribye nan mitan akolit yo e pa gen okenn prèv ki montre 14 000 dola yo te van bato yo, te ale jwenn Trezò ayisyen an (Suzy Castor).

Kiltirèl: 2 lejand nan mizik ayisyen ale! Joe Charles ak Jean-Claude Dorsainville kite nou

Joe Charles, youn nan pi gwo basis ki make mizik ayisyen pandan ane 80 ak 90 yo, mouri jedi 28 jiyè 2022, nan Atlanta, Ozetazini.

Pandan yon gwo e bèl karyè mizikal kòm atis, Joe te jwe nan yon pakèt gwoup mizik, tankou: Tropicale Combo, Tabou Combo, Caribbean Sextet, Wanga Nègès, Zeklè, kajou, Lakansyèl, pou finalman li al ateri nan Top-Vice.

Nan menm jou a, nan Harlem Hospital nan Nouyòk, ozalantou 9 p.m., Jean-Claude Dorsainville fè vwal pou peyi san chapo. Jean-Claude Dorsainville se te otè, konpozitè ak chantè Bossa Combo ak Accolade De New York. Li se konpositè mega tib Notre Dame ak Bossa Combo, yon gwo omaj pou manman «Notre-Dame-de-L’Assomption

Jean-Claude Dorsainville, a.k.a Ti Rools, te fèt yon lendi, jou ki te 24 jen 1946. Antèman Charlie ap chante 13 out 2022, dapre Mario De Volcy.

Se yon pèt konsiderab pou mizik Ayisyèn lan, ak konpa a ki fete 67 tan egzistans li. Kondoleyans ak tout fanmi Joe Charles ak Jean-Claude Dorsainville.

Dife kriminèl nan Katedral tranzisyon Pòtoprens

Vyolans anba lavil Pòtoprens pran yon lòt nivo, jou mèkredi 27 jiyè 2022 sa a. Manm gang yo mete dife nan yon pati nan katedral tranzisyon an, nan Pòtoprens. Dapre temwayaj yo, se ta manm gang Krache Dife ki ta pwovoke dife a. Pè Marc Henry Siméon, responsab kominikasyon Achidyosèz Pòtoprens la, fè konnen 20 pousan nan legliz la boule. Li te ajoute: «Se yon dife orijin kriminèl». Pou bandi yo te mete dife anndan legliz la, yo te oblije kraze fasad devan an epi penetre pou yo kapab komèt zak malonèt sa a. Dapre yon bilan pasyèl, se pòt yo, yon pati nan plafon an ak ban yo ki boule.

Se gras ak ponpye, apre yon dezyèm tantativ, apre kout bal yo te bese, yo te rive etenn dife a, dapre Pè Marc Henry Siméon.

Katedral kolonyal, yo rele tou ansyèn katedral la, te bati an 1771 epi li te dechouke pandan tantativ koudeta Roger Lafontant an, 7 janvye 1991. Ansyèn katedral te genyen yon gwo enterè mystik pou rejim divalye a e te genyen yon gwo chaj senbolik nan istwa peyi Dayiti, dapre sosyològ Rachel Beauvoir-Dominique, nan yon ti liv li ekri ki rele: « L’Ancienne Cathédrale de Port-au-Prince : perspectives d’un vestige de Carrefour ».

Ant 1884 ak 1914, yo te rive konstwi Katedral «Notre-Dame-de-L’Assomption». Apre anviwon dizan travay, li te inogire 20 desanm 1914 e li te detwi pandan tranblemanntè 12 janvye 2010 la.

Se sou rès Katedral kolonyal ou ansyèn Katedral ki te dedye pou Sen Jak, nan ri doktè Aubry, yo te konstwi Katedral tranzisyon Pòtoprens lan, ki te inogire yon samdi 22 novanm 2014.

Jij Walter Wesser Voltaire nonmen pou mennen ankèt sou dosye Me Robinson Pierre-Louis a

Jij Walter Wesser Voltaire nonmen pou mennen ankèt sou dosye Me Robinson Pierre-Louis a. Dwayen Tribinal premye enstans Pòtoprens la, Bernard Sainvil, voye jete aksyon an habeas corpus ki te fèt pou libere Me Robinson Pierre-Louis a. Jij Bernard Sainvil mande avoka Me Pierre-Louis yo, pou yo al revandike dwa kliyan yo a, devan yon kabinè enstriksyon. Me Robinson Pierre-Louis, Sekretè Jeneral Konsèy Asosyasyon Bawo Pòtoprens ak Federasyon Bawo Ayiti, te jwenn aretasyon li, vandredi 22 jiyè 2022, apre Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) te finn tande l.

Lajistis ap pouswiv li poutèt li te enplike nan liberasyon Fritz Jean Rélus ak Jonas Georges, yo te arete nan kad yon kagezon zam ak minisyon nan kontrebann ke otorite yo te sezi, 1ye jiyè 2022 a, nan Ladwann Pòdpè, nan depatman Nòdwès.

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button