HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Lagè nan Site Solèy

Anviwon yon trantèn moun mouri ak senkant blese, dapre Majistra prensipal Site Solèy la, Jean Hislain Frédéric.

Komin Site Solèy yon lòt fwa ankò tonbe anba yon gwo vyolans san parèy. Afwontman yo te eklate gran bonè vandredi 8 jiyè nan maten ant gang rival ame yo.

Katye Brooklyn ti Gabriel Gpèp kanpe anfas gang ame nan Boston ak Belekou Iska ak Matias ap dirije ki lye ak G9.Dapre Majistra prensipal Site Solèy la, Jean Hislain Frédéric anviwon 30 moun mouri ak plizye lòt moun blese.

Daprè li, gang yo opere defason metodik ,yo fè kadav sitwayen disparèt, swa yo boule oswa antere kadav pou yo pa kite tras.

Majistra Frédéric presize lajistis ak lapolis absan nan Site Solèy depi dezan e bandi yo òganize pwòp teritwa yo, se yo ki jwe wòl lajitis e se yo ki regle konfli ant fanmi yo.Bandi sa yo nan tout kan yo anpeche sitwayen yo deplase lib pou soti nan yon katye ale nan yon lòt.

Site Solèy se yon komin ki trè pòv e ki gen anviwon 300,000 rezidan (2009) e li sitiye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens an Ayiti. Site Solèy se pi gwo bidonvil nan peyi a kote majorite moun yo ap viv nan povrete ekstrèm.

Jean Pelice alyas zo,manm gang ayisyen akize nan kidnape17 misyonè yo

Depatman Lajistis te devwale jedi a li akize yon manm gwoup 400 Mawozo ann Ayiti anrapò ak kidnape 17 misyonè, 16 ladan yo se Ameriken an .Jean Pelice, 27 an, alyas zo ak Ti David yo akize pou kenbe an otaj ak zam 17 misyonè ki pase 61 jou anvan yo sove.

Dapre Depatman Jistis la, Pelice, ke yo rele tou «Zo», ak lòt manm nan 400 Mawozo «te itilize zam afe pou veye misyonè yo.» Pelice te nan prizon ameriken depi 16 me, Depatman Jistis la te di. Pelice se dezyèm moun yo arete ki gen rapò ak kidnapin la.

Joly Germine, youn nan lidè gang nan, te deja akize de konplo pou fè kidnapin. Li te plede non koupab.

Anvan yo te transfere nan prizon ameriken an Me, Germine, 29, te nan prizon an Ayiti depi 2018. Depatman Lajistis te deklare ke Germine te toujou ap dirije gang 400 Mowazo a soti nan prizon lè l sèvi avèk «telefòn selilè san siveyans.»

Depatman Lajistis fè konnen, anplis ranson 1 milyon dola yo te mande pou chak otaj, 400 Mawozo t ap chèche jwenn tou pou Germine soti nan prizon an echanj pou libere otaj yo.

Germine tou ap fè fas ak trafik zam, ke li te plede li pa koupab.

Yo te pran gwoup misyonè yo an otaj toupre Pòtoprens, Ayiti, nan mwa Oktòb 2021 Yo te libere de otaj nan Novanm 2021 epi yo te libere twa lòt nan kòmansman mwa desanm. 12 rès yo te sove nan mwa desanm. Li pa t klè ki jan yo te jwenn liberasyon yo, oswa si yo te peye yon ranson, men, yo akize Germine «konplo pou fè kidnapin.»

Vèrèt / Latibonit: pran kontwòl baraj Kano

Yon lòt senbòl ankò peyi d Ayiti vin sou kontwòl gang ak zam, san lapolis pa fè anyen pou kwape yo.

Lannuit vandredi 8 ak samdi 9 jiyè 2022, gang ak zam atake epi pran kontwòl baraj Kano, ki pèmèt distribye dlo nan Vale Latibonit, depi plizyè lane.

Bandi ak zam yo bloke kannal dlo, ki nan riv gòch la ak nan riv dwat la, ki pèmèt dlo ale nan plizyè zon, tankou Liancourt ak Deschapelles, san konte lòt zòn ki viwonnen li yo, dapre enfòmasyon ki disponib yo.

Se nan twazyèm seksyon kominal Ti Rivyè Latibonit, baraj Kano a ye. Sistèm dlo sa a pèmèt jaden wouze nan Vale Latibonit lan, pou fè manje, tankou diri, berejèn, pwa elatriye.

Zak kriminèl sa a kapab gen gwo konsekans sou rekòt yo nan Vale Latibonit la, dapre enjenyè agwonòm Jean André Victor, yon espesyalis anviwónman.

Se yon sitiyasyon, ki ka lakoz Vale Latibonit la sibi gwo domaj. Ni plantè yo, ni Leta peyi d Ayiti kapab pèdi anpil. Otorite yo dwe aji prese prese pou reprann kontwòl baraj Kano a, ki nam men bandi ak zam yo.

Gen danje pou sèvo elektwonik baraj Kano a ta sibi. Li posib pou ta gen move mannèv, nan moman y ap eseye reprann kontwòl baraj Kano a, dapre enjenyè agwonòn Jean André Victor.

Se yon sitiyasyon ki ka anpeche yo remete dlo andedan baraj Kano a, ki kapab kraze tout sistèm kannal dlo, nan tout Vale Latibonit la. Se avètisman enjenyè agwonòm Jean André Victor, bay.

Jean André Victor te dirije, sa gen plizyè lane, Òganis devlopman vale Latibonit la (Odva).

Gen anpil moun, k ap poze kesyon pou mande èske zak kriminèl bandi ak zam yo nan Latibonit la pa antre nan yon plan, pou trangle popilasyon an pi plis toujou, nan anpeche pwodui lokal, tankou diri Latibonit, kontinye soti nan jaden peyi d Ayiti, nan benefis pwodui etranje, ki sot lòt bò.

Se ta yon fason pou fè vant peyi d Ayiti vin plis nan men peyi etranje, dapre divès espesyalis.

Depi plizyè lane, gang ak zam nan Latibonit atake ak dechèpiye anpil machin machandiz, k ap travèse depatman Latibonit la.

Gen manm gang ak zam yo ki rekonèt, sou rezo sosyal yo, se depite, ki te ba yo zam, lè yo te reprezante komin nan Latibonit la.

Se zam sa yo gang ak zam yo di y ap sèvi avè yo pou simen laterè nan depatman Latibont la, tankou nan zòn Savyen, sou Ti Rivyè Latibonit.

Malgre li parèt te gen yon ti kalmi, gang ak zam Savyen yo, nan depatman Latibonit, pa t janm met zam yo atè.

Ronald Léon

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...