HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Ayiti: gang kriminèl yo lage 38 pasaje 2 minibus yo te kidnape yo

Apre gang kriminèl 5 Segonn te kidnape 2 minibus ak 38 moun ki ta pral Miragwan, Asosyasyon Pwopriyetè ak Chofè Ayiti te fè konnen 36 pasaje ak 2 chofè, te an otaj nan men Izo, chèf gang sa a, depi vandredi 10 jen, nan bidonvil Vilaj-de-Dieu. Moun sa yo te jwenn liberasyon yo, samdi 11 jyen a midi. Nan yon ti mesaj li te poste sou Twitter, Mehu Changeux te anonse liberasyon otaj yo e li te ekri tou: «N ap remesye tout moun ki te pote solidarite yo ak viktim yo. Nou mande asistans psikolojik pou yo. #NouSeMiragoane#Reziztans (Méhu Changeux/APCH)». Li te fè konnen yo te rekipere tou de minibus yo, men li pa di si yo te mande e si fanmi yo yo te peye kidnapè yo lajan pou lage yo.

Yon dyaspora mouri anba bal lapolis sou fo akizasyon yon gwoup avoka ki ta enplike nan vòlè tè e ki ta fè l pase kòm bandi

Gregory Oscar, alyas Pouchon, mouri, sou pretèks li ta yon bandi, men an reyalite, se yon manm kominote Nouyòk la ki t ap defanm byen li ke moun Charye, nan Okay, te vòlè. Te genyen yon sitiyasyon tansyon nan Okay, mèkredi 8 jen nan aprèmidi, apre yon anbiskad kèk gwoup moun ki enplike nan vòlè tè, te monte kont Gregory Oscar, alyas Pouchon, yon manm dyaspora nan Nouyòk. Ensidan an rive apre Pouchon te ale reklame teren li, yon gwoup moun nan Charye te vòlè epi revanm ak yon pastè. Pou te chape poul li, viktim lan te fè 2 bal anlè e menm gwoup bandi sa yo te akize li kòm vòlè, yo rapousuib li, jiskaske li mouri nan Pont sant (4 Chemin).

Komisè gouvènman pou jiridiksyon Okay, Ronald Richemond, nan mikro Assade Volcy pou Gazette news te fè konnen se yon bakòp polisye an sivil ki finn egzekite Gregory Oscar, alyas Pouchon, ak twa bal, youn nan pye ak 2 nan visaj. Li anonse Pouchon se yon viktim inosan ki mouri nan kad yon konplo yon ekip vòlè tè te monte kont li e li anonse aksyon piblik la an mouvman kont tout moun ak antite ki enplike dirèkteman ou endirèkteman nan dosye sa a. Li deklare ekip moun k ap fè fo papye sa yo, gen notè, apantè, jij, avoka. Li site non 2 avoka: Abi Fabre, avoka, manm nan Baro Aken, ak Herby Decosa, manm nan Baro Okay, ki ta sanble enplike nan lanmò gratis sa a. Li anonse aksyon sa a pa p rete enpini, e li pral pwosede a arestasyon tout moun ki enplike, menn si se ta yon moun Leta ayisyen ta nonmen.

25 polisye mouri depi janvye 2022, polisye Jude Sémélus, se youn nan dènye yo

La Tremblay, Polisye Jude Sémélus, mouri e yon lòt frè dam li, Suprême Myson, blese nan pye, pandan yon atak bandi 400 Mawozo te fè kont yon patwouy PNH, madi 7 jyen, nan La Tremblay, komin Croix-des-Bouquets. Dapre Lionel Lazare, koòdonatè Sendika Nasyonal Polis Ayisyen yo (SYNAPOHA), se yon patrouy polisye UDMO ki te sibi atak 400 Mawozo a. Li anonse pandan 6 premye mwa ane 2022 a, 25 polisye pèdi lavi yo anba men bandi.

Gang ame kidnape Madanm sineyas ayisyen, Arnold Antonin

Ensekirite kontinye ap fè ravaj an Ayiti. Béatrice Cobanese, madan sineyas Arnold Antonin, jwenn liberasyon li, apre yo fin peye bandi yo yon kantite lajan, jedi 9 jyen 2022 a. Gang ame kidnape Madanm Arnold Antonin, reyaliizatè fim «Jean-Jacques Dessalines, nèg ki bat Napoléon Bonaparte», nan Tomasen. Li te apèn midi, madi 7 jen 2022 a, lè bandi ak zam antre lakay sineyas, powèt ak ekriven ayisyen an, Arnold Antonin, nan Thomassin 29, pou te kidnape Béatrice, madanm li. Anvan yo te ale ak Béatrice, yo te mare Arnold ak medam ki ap travay ak yo, nan rezidans li. Kidnapè yo te idantifye tèt yo kòm manm pati gang Izo 5 Segonn nan Vilajdedye. Dapre dènye rapò Sant pou analiz ak rechèch sou dwa moun (CARDH), ki te pibliye nan mwa mas pase a, li te anonse, ka kidnaping yo ogmante de 58,45%.

Ronald Léon

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

Finally, an accord has been reached for the creation of the transitional government that...

Togo : l’ombre de l’intimidation plane sur l’opposition

Au Togo, plusieurs membres de l’opposition ont été interpellés et gardés à vue. Le...

La conjecture d’Haïti.

L’institut de mathématique Clay a retenu sept défis mathématiques réputés insurmontables et offre un...