acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

4 atik New York Times souke kapital ayisyen an

New York Times pibliye, nan dat 20 me 2022 a, yon ankèt li rele Ranson ak yon seri de 4 atik sou Rasin mizè an Ayiti:

1-Li mande reparasyon, yo ba li egzil;

2-Reparasyon yo bay Mèt esklav yo;

3-Men ki jan yon bank fransè pran Ayiti;

4-Wall Street mande gouvènman ameriken an debake an Ayiti. Gouvènman ameriken an dakò.

4 atik sa yo, pibliye nan 4 lang: Kreyòl, Franse, Panyòl ak Angle, fè radiografi kòman Ayiti rete nan povrete, apre plis pase 218 lane endepedans epi konfime patisipasyon Lafrans nan koudeta 29 fevriye 2004 la, kont ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide. Men kèk ekstrè.

Jounal New York Times fouye nan divès achiv ak dokiman leta an detay, pou l fè sa anpil istoryen rele premye kalkil konplè sou valè lajan Ayiti peye pou endepandans li. An 1825, Lafrans egzije senk pèman anyèl 30 milyon fran. Kòm echanj, Lafrans ap rekonèt endepandans Ayiti. An Frans menm, yo prezante Charles X kòm vrè liberatè pèp ayisyen an. Montan sa a te depase ti mwayen Ayiti te genyen. Premye pèman an, pou kont li, te apeprè 6 fwa lavalè lajan Ayiti te antre nan menm ane sa a, dapre Beaubrun Ardouin, yon istoryen ayisyen nan 19yèm syèk, ki byen koni.

Nou dekouvri Ayiti voye pèman ki egal a 112 milyon fran, sou yon peryòd 70 zan, ki vo apeprè $560 milyon dola ameriken nan dola jodi a.

Si lajan sa a te rete Ayiti, nou kalkile sa te ka ajoute $21 milya dola nan ekonomi Ayiti, pandan apeprè 200 an ki sot pase la yo.

Li mande reparasyon,yo ba li egzil

Jean-Bertrand Aristide, prezidan Ayiti eseye fè règleman ak Lafrans pou tout tan Lafrans t ap esplwate Ayiti. Yon ti tan apre yo mete l atè sou pouvwa a.

Ayiti vin premye nasyon epi sèl nasyon ki peye ansyen mèt esklav li yo ak pitit pitit mèt esklav li yo, reparasyon pandan plizyè jenerasyon.

Mesye Aristide mande restitisyon. Nouvèl sa a tonbe tankou yon grenad politik. Mesye Gaudeul te gen enkyetid nouvèl la kab fè Lafrans wont devan tout lòt peyi epi gate amitye ant Ayiti ak Lafrans.

Jou 200 zan anivèsè drapo Ayiti a, mesye Aristid fè sitiyasyon politik la vin pi cho, lè l anonse montan egzakt li di Lafrans te dwe Ayiti a : $21 685 135 571,48 dola vèt. Menm konze yo te sezi. 130 entèlektyèl ayisyen denonse kanpay restitisyon an, tankou yon «tantativ dezespere» pou wete atansyon moun sou aksyon gouvènman Aristid la ki te chita sou «yon sistèm totalitè, epi sou enkonpetans ak koripsyon.»

Estimasyon nou fè yo, montre pèman Ayiti voye bay Lafrans yo koute Ayiti, ant $21 milya dola ak $115 milya dola kòm pèt devlopman ekonomik. Lè w mete sa an pèspektiv, se yon kalkil ki ant 1 a 8 fwa tout ekonomi Ayiti an 2020.

Aristide di «reparasyon» byen fò, devan kiltivatè, travayè ak etidyan ki te nan foul la, t ap bat gwo bravo. An repons ak «frekansite» Aristid, Mesye Debray ale nan palè a nan Pòtoprens pou l vin bay mesye Aristid yon avètisman. Menas yo te klè epi yo te dirèk. «Swa w demisyone, oubyen yo dechouke w!» Se sa mesye Aristide te di ki te pase nan rankont sa a. «Jou 29 fevriye 2004, Lafrans ak Etazini kidnape Jean Betrand Aristide epi yo wete mesye Aristide sou pouvwa a.»

Esktrè nan Atik Jounal New York Times: «Li mande reparasyon, yo ba li egzil» ak «Men ki jan yon bank fransè pran Ayiti».

Desant de lye nan Ladwàn Pòtoprens

Envestigatè ULCC akonpaye ak ajan DCPJ fè, vandredi 20 me a, yon desant nan Ladwàn Pòtoprens, nan kad yon ankèt sou jesyon direktè jeneral AGD a, Rommel Bell. Yo poze sele sou pòt direksyon jeneral AGD a. Inite Anti-Koripsyon an ap mennen ankèt sou Direktè Jeneral Administrasyon Jeneral Ladwàn, Romel Bell, apre yon «rapò ki ta di yo sispèk li nan koripsyon». Nan sans sa a, envestigatè ULCC ak DCPJ te fè, vandredi 21 me 2022, yon desant de lye pou chache prèv nan lokal jesyon jeneral AGD. Direktè jeneral AGD a denonse yon kanpay difamasyon moun ki enplike nan trafik zam ak kontrebanm ap mennen kont li. Rommel Bell di li te pase nan tout nivo nan administrasyon an, anvan nominasyon li kòm direktè jeneral AGD, nan dat 24 septanm 2018. Yo ta akize Rommel Bell nan trafik zam ak minisyon. Yo ta menm revoke viza ameriken li, men li toujou di li pa okouran.

Sweet Micky endezirab nan Miami

Lapolis Miami pa t pèmèt ansyen prezidan ayisyen an, Michel Martelly, aliyas «Sweet Micky», pèfòme nan festival mizik nan Little Ayiti, samdi 21 me a. Lapolis di li genyen enkyetid pou sekirite evenman sa a, anba presyon manm kominote a ki di politisyen ak chantè endezirab sa a pa ta dwe byenvini nan vil la. Yon pòtpawòl depatman lapolis Miami te deklare, vandredi 20 me an, ke yo delivre pèmi pou «Best of Haiti Music Fest» men yo gen dwa anile nenpòt pèmi yo te bay, si Martelly rete nan pwogramasyon an. «Si Mesye Martelly gen pou jwe nan pwogram lan, yo evalye ap gen gwo risk, e pou enterè sekirite piblik la, Chèf polis la, Manny Morales, revoke pèmi evènman an, pwen final, dapre yon atik Miami Herald.

N ap raple plizyè òganizasyon kominotè ak aktivis politik tankou KOMOKODA, SOHD, Veye Yo, Renouvo Demokratik, Farah Juste e latritye te anonse yo pral pike pikèt devan «Little Haiti Cultural Complex», samdi 21 me e yo te mande Majistra Miami an, Francis Suarez, pou anpeche ansyen prezidan ayisyen an, Michel Martelly, patisipe nan selebrasyon bikolò nasyonal la. Chòz di, chòz fèt. Sweet Micky pa gen otorizasyon pou pèfòme nan Ti Ayiti.

Jamayik pral depòte fanmi ansyen senatè ayisyen an yo akize nan lanmò Jovenel Moïse

Otorite Jamayiken pral mete deyò nan peyi yo, fanmi ansyen senatè John Joël Joseph ki te konparèt, semèn pase a, devan yon tribinal ameriken ki te akize l nan asasina prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, ane pase a. Tribinal nan Kingston ak St Andrew te bay lòd degèpisman madan Darlyne Edumé Joseph, 38 tan, ak 2 pitit li yo, ki gen 17 tan ak 9 van, dapre medya Jamayiken yo. Ansyen senatè 51 lane a te jwenn aretasyon li an janvye pase a, nan Jamayik, apre li te sove ak fanmi l nan zile a, kote yo te akize yo dèske yo te antre ilegalman nan peyi a. Avoka fanmi an, Donahue Martín, te aplike pou estati refijye, paske yo te pè pou lavi yo, men Jamayik te refize yo estati sa a, malgre yo di lavi yo andanje si yo ta tounen nan peyi dAyiti.

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button