acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Jou Magalie C. Denis tante lejitime Premye Minis Ariel Henry, anvan patisipasyon li pou Somè Amerik yo, nan Los Angeles

Premye Minis Ariel Henry ak Magalie Comeau Denis, chèf Gwoup Montana a, te pale nan aswè, mèkredi 11 me 2022, sou kriz politik la. Reyinyon an, ki te fèt kay Madam Denis, te dire apeprè 3 zèdtan e li te fèt dèyè pòt fèmen. Pa gen okenn enfòmasyon ki soti nan diskisyon ant Ariel Henry ak Magalie Comeau Denis, dapre Gazette Haïti, men kesyon ap poze pou konnen èske nou pral an direksyon yon egzekitif ak de tèt ou byen eske ap genyen yon posib chanjman nan kabinè ministeryèl la k ap senpman entegre Montana-Pen ?

Dapre kè k sous, Premye Minis la ta dwe jwenn yon konsansis ak Montana pou jwenn yon solisyon nan kriz politik la pou pèmèt reyalizasyon eleksyon yo epi bay Ayiti yon lòt konstitisyon. Mesye Ted Saint-Dic konfime diskisyon yo ta dwe kontinye wikenn sa a. Men, an reyalite, Ariel Henry te vize yon objektif politisyen, atravè rankont ak Madan Denis, reprezantan chef Akò Montana a, anvan patisipasyon li nan Somè Amerik yo, nan Los Angeles. Henry vle pwouve alye entènasyonal li yo diskisyon ak lidè opozisyon yo ap kontinye e li sou bon chimens.

E se jou 11 me 2022 sa a, Magalie C. Denis ap eseye «lejitime» pouvwa defakto PM Henry, kote yo toujou di yo vle ranplase l ak Fritz Jean e Steven Benoit kòm prezidan ak premye minis.

Lapolis ayisyen lage yon lòt gwoup otaj

Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH), pandan yon operasyon ki te dewoule jedi 12 me 2022 a, libere plizyè pasaje ki te nan yon otobis Capital Coach, kote moun ak zam te kidnape yo nan vil Croix-des-Bouquets. Lapolis te rekipere otobis Capital Coach Line lan men li pa t presize kantite pasaje yo te libere e ki te pre pou ale an Repiblik Dominikèn. Lapolis Nasyonal Ayiti te presize, nan apremidi, gwoup otaj yo te libere maten an, diferan de 17 moun yon gang te kaptire dimanch pase a, pandan yo t ap soti Sendomeng pou rantre Pòtoprens.

N ap fè sonje ke 17 moun kite abò otobis metro a se te: uit misyonè tik, uit Ayisyen ak chofè dominiken an, Martín Castro. Yo toujou nan men gwoup gang 400 mawozo a.

Lapolis nan Nò arete 2 polisye, sezi 352 kilo mariwana, zam ak yon machin nan Lenbe

De polisye an sèvis, Désiré James ak Jean-Louis Faubert te jwenn aretasyon yo, madi 10 me 2022, nan Lenbe, pou trafik dwòg ilegal. Polisye sa yo t ap prepare pou ale Okap, abò yon machin mak Nissan Patrol. Yo te gen an posesyon yo: 352 kg pay sèk ki sanble ak mariwana ; yon sòm 35 985 goud, 2 pistolè Taurus, kalib 9mm ki fè pati asenal PNH la, 29 katouch kalib 9mm, ak 2 chajè kalib 9mm. Dosye a, pou kounye a, nan Biwo Nò Lit kont Trafik Dwòg (BLTS), pou suit aksyon legal, dapre PNH.

PNH bilan : lapolis pwomèt pou l ranfòse mezi sekirite nan nò kapital la

DG a. i. PNH la, Frantz Elbe, prezante rezilta sis (6) mwa depi li nan tèt PNH la, nan yon koferans pou laprès, lendi 9 me a, nan lokal enstitisyon an. Kòmandan an chèf PNH la anonse lapolis arete 4 998 moun pou divès zak, tankou: vòl, asasina, kidnapin, posesyon ilegal zam afe e yo touye 94 bandi, nan echanj kout bal. Nan kad batay kont trafik dwòg, lapolis sezi yon (1) bato, 25 kilo kokayin, 658 kilogram mariwana. Elbe fè konnen yo sezi 234 zam afe, yo rekipere ak sezi 21 machin ak 20 motosiklèt. Pandan sis (6) mwa ki sot pase la a, lapolis sezi 78 520 dola ameriken ak 34 220 575 goud.

Frantz Elbé, pwomèt, lendi 9 me a, pou l «ranfòse mezi sekirite nan nò kapital la, pou pèmèt popilasyon an mache lib e okipe zafè l, san difikilte.» Li te prezante bilan batay ant gang ame nan nivo Plenn Cul-de-sac. Pandan mwa avril la, fòs sekirite yo te arete 54 moun, twa (3) polisye blese. San li pa bay chif, Frantz Elbe anonse plizyè bandi te blese ouswa mouri. Dapre D. G. a. i. PNH la: 16 zam afe te sezi, sèt (7) machin ak dis (10) motosiklèt te konfiske. Kanta pou Matisan, li admèt pwoblèm lan anpil e li mande popilasyon an pran pasyans, paske l ap travay pou li kontrekare move plan gang ame yo nan sid kapital la.

Ronald Léon

Articles Similaires

Lisez aussi
Close
Back to top button