acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Terib aksidan sikkilasyon nan Meyè, Jakmèl: 6 moun mouri, 72 blese nan yon bann rara

Byen bone, dimanch 16 avril 2022 sa a, ant 1è ak 2è nan maten, yon kamyon «Mack», plak TM11917, ki te pote yon gwoup mizisyen ak fanatik «Rara inonsan», te chavire. Bilan pasyèl: sis moun mouri, pami yo: kat te mouri sou plas nan pon Meyè, yon lokalite nan komin Jakmèl, nan sidès peyi a. Dapre kèk temwen, chofè kamyon an t ap kouri ak tout vitès. Li t ap eseye eskive yon lòt bann rara sou wout la epi li chavire. Sa pwovoke lanmò sa yo ak 72 blese yo. Disèt nan 72 moun blese yo, ki te blese nan tèt, te transfere nan lopital Pòtoprens pou al resevwa swen.

Pou anbasadè Kenneth Merten, politisyen ayisyen yo se prensipal obstak ki anpeche kriz k ap boulvèse peyi a rezoud

Avan li kite peyi a kòm chaje dafè Etazini an Ayiti, Kenneth Merten te fè yon chita pale ak laprès, nan rezidans prive li, sou Boudon, jou lendi 11 avril la. Pandan li t ap pale sou sitiyasyon Ayiti, diplomat la te pwofite kritike konpòtman iresponsab aktè politik ayisyen yo ki pa rive met tèt yo ansanm pou rezoud kriz k ap brase bil peyi a. «Peyi a ap soufri paske pa gen yon vizyon klè pou avanse nan eleksyon epi pou rezoud pwoblèm politik ki genyen yo, anbasadè Kenneth Merten di. Pèp la konnen sa peyi a bezwen. Se aktè klas politik la ki pa toujou aji yon fason responsab e pou satisfè atant moun ki vote yo. Se yon desepsyon».

Pi lwen, diplomat ameriken di Ayiti rate yon opòtinite pou envestisè etranje antre lakay li, akoz kriz politik la ak ensekirite a. «Anpil faktori ap kite Lachin pou vin envesti nan zòn Karayib la ak Amerik santral la. Ayiti byen plase pou li ta akeyi envestisè etranje sa yo. Men, pwoblèm ki genyen yo, fè yo p ap vin Ayiti, akoz sitiyasyon politik peyi a», Kenneth Merten eksplike. Li pwofite envite pwotagonis kriz la, pou mete tèt yo ansanm, pou pote solisyon ak sitiyasyon sila a.

N ap raple, Kenneth Merten sot pase 6 mwa kòm Chaje dafè peyi Etazini an Ayiti. Li te ranplase Michel J. Sison ki te kite peyi a nan mwa oktòb 2021 an. Men li te deja travay kòm anbasadè an Ayiti pou peyi li, soti lane 2009 pou rive 2012.

4 moun mouri, pami yo: yon polisye ak yon lòt ki blese

Se bilan yon dram ki rive nan vil Gonayiv, lendi 18 avril 2022 an. Se yon polisye ki rele Blemur Accile ki touye yon sè li, yon nyès li ak bò frè li, anvan li pann tèt li, dapre Radio Tele-Pyramide. Blémur Accile, ki sanble t ap soufri ak yon pwoblèm mantal, tire, ak plizyè katouch, Wisline Accile, ki se yon sè li, Roosederlie Seïde, ki se yon nyès li, ansanm ak bòfrè li, Yfradieu Seïde. Dram sa a pase lendi 18 avril 2022 a, bò 3 zè nan maten, nan riyèl Bathole, Gonaïves. Daprè manm fanmi an, Blémur Accile t ap soufri ak pwoblèm mantal, yo t ap fè demach bò kote direksyon depatmantal PNH Latibonit la, pou te pèmèt li jwenn yon pwofesyonèl nan sante mantal, pou ede li. Malerezman, demach yo pa t gen tan abouti, anvan li komèt krim sila yo.

Kèk moun nan zòn lan, Radio Pyramide FM te poze kesyon, fè konnen yo te rele lapolis ki te rive sou plas. Polisye Blémur sanble te tire sou back-up polis la. Apre sa, li pann tèt li ak sentiwon ki te nan pantalon li an, nan yon poto fè ki te nan yon mi ki bare yon tèren vid, tou pre sèn krim lan.

Apre konsta legal yo, komisè gouvènman a. i. a, Mèt Vanel Amisial, bay jij de pè tribinal seksyon nò a, Mèt Josuè Alexis ki te akonpaye l, lòd pou leve kadav yo.

Manman polisye a te nan kay la ak 2 lòt neve li, misye pa fè manman an anyen, men gen youn nan neve yo ki pran yon katouch. Li pa mouri, l ap resevwa swen ka li nesesite.

Echanj kout zam ant lapolis ak prezime bandi nan Vilaj-de-Dye: 2 mò ak plizyè blese

De prezime bandi, manm gang «5 Seconds» k ap opere nan Vilaj-de-Dye, mouri nan echanj kout zam ak yon patwouy Inite Depatmantal Polis Nasyonal Dayiti, samdi 16 avril 2022 a, nan 5yèm avni Bolosse (wout Matisan). Pandan echanj sa yo ak lapolis, plizyè lòt bandi blese. Kèk nan malfra yo te chape poul yo epi abandone yon machin nwa, nimewo pla k li se: AA-04547.

Prezidan Kolonbyen an, Iván Duque, fè deklarasyon sou enplikasyon ansyen sòlda kolonbyen yo nan ansasinay prezidan Jovenel Moïse

Nan yon entèvyou ak The Associated Press, Duque te deklare ansyen sòlda yo te arete yo, dwe toujou jije, men «klèman, dapre temwayaj anpil moun,» li evidan «yo gen yon nivo patisipasyon» nan zak ansasinay Moïse lan, 7 jiyè a, lakay li, nan kapital Ayiti, Pòtoprens. Plis pase 40 moun te arete an Ayiti, an rapò ak ansasinay la, pami yo: plizyè polisye ayisyen, yon ansyen senatè ayisyen ak 18 ansyen sòlda kolonbyen.

Anvan sa, li te di yon ti gwoup rekritè te konnen entansyon reyèl vwayaj ansyen sòlda yo an Ayiti a, e yo te defòme objektif misyon an bay ansyen sòlda yo. Kounye a, ton an chanje. Li vin pi di, nan fason li konprann enplikasyon solda kolonbyen yo.

Prezidan an te di AP, ke li pa janm di yo te twonpe ansyen sòlda yo

«Mwen te toujou di yon envestigasyon dwe fèt, epi ankèt la te fèt. E, an reyalite, lapolis kolonbyen te kontribye,» li te di. «Epi, an reyalite, youn nan moun ki te kouri kite Ayiti yo, ke yo te mare apre, te pale sou nivo patisipasyon l.» Duque ta sanble ap fè referans a Mario Antonio José Palacios, yo te idantifye tankou youn nan prensipal sispèk yo, nan ansasinay Moïse la. Yo te arete li nan Florid. Dapre akizasyon yo, Palacios te pale volontèman e li te di li te anboche pou l vin an Ayiti pou l ofri sèvis sekirite epi patisipe nan yon swadizan operasyon pou arete prezidan an.

Fanmi ansyen sòlda yo plenyen prizonye yo pa kapab defann tèt yo an Ayiti, e yo pa gen avoka

An jiyè, Duque te di: «nan gwoup la (ansyen sòlda) te gen moun ki te resevwa enstriksyon diferan.» Menm si sa, prezidan an fè remake: «kèlkeswa nivo konesans yon moun te genyen,» li te klè tout gwoup la te patisipe nan ansasinay la. Menm mwa sa a, li te di tou, nan yon estasyon radyo: «tout bagay endike yon gwo gwoup moun ki te rive an Ayiti, ‘yo bouche je yo’, yo te pran pou yon swadizan misyon pwoteksyon, pandan ke gen lòt moun, yon pi piti gwoup, te sanble konnen detay sou operasyon kriminèl la ak entansyon pou touye prezidan Ayiti a.»

Mèkredi 13 avril, Duque te di men Kolonbi lye ak pwosesis jidisyè an Ayiti

«Nou ka eseye travay diplomatikman pou garanti jijman an fèt pi bonè e yo gen yon minimòm kondisyon kòm prizonye. Men, Kolonbi pa ka ale pi lwen pase sa, Kolonbi pa ka aji, paske gen, klèman, fè yo. Gen akizasyon yo. Gen temwayaj yo,» prezidan an te ajoute.

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button