HomeHot NewsPakè tribinal Pòtoprens lage koukouwouj dèyè polisye Jean Josué Clotaire, aka Kondagana

Pakè tribinal Pòtoprens lage koukouwouj dèyè polisye Jean Josué Clotaire, aka Kondagana

Published on

Archives

Pakè tribinal Pòtoprens lage koukouwouj dèyè polisye Jean Josué Clotaire, aka Kondagana

Lajistis pibliye yon avi rechèch kont polisye Jean Josué Clotaire, alyas Kondagana, yon chantè nan gwoup rap Barikad Crew. Me Jeanty Souvenir, Komisè Gouvènman Adjwen nan Tribinal Premye Enstans Pòtoprens, mande DCPJ pou chache e mare Polisye Kondagana pou swadizan enplikasyon li nan asasina sitwayen Ely Vertil.

BSA mande Ariel Henry pou l mete tèt li disponib pou lajistis, nan kad ankèt sou asasina Jovenel Moïse

Biwo Siveyans Akò Montana (BSA) fè konnen sitiyasyon Ariel Henry grav. Biwo Siveyans Akò Montana a deklare sitiyasyon Ariel Henry grav anpil, depi apre rapò RNDDH ak divès atik jounal New York Times ak CNN, ki lonje dwèt yo sou yon kèlkonk patisipasyon Premye Minis Defakto a, Doktè Ariel Henry, nan asasina Jovenel Moïse. Dapre yon nòt pou laprès BSA a pibliye, Premye Minis defakto a ak alye lokal ak etranje li yo, gen yon obligasyon moral ak jidisyè pou yo fè respekte la lwa nan peyi a. BSA a mande sistèm jistis la pou l aji ak fè tout sa ki posib pou fè limyè sou divès akizasyon ki tonbe sou do doktè Ariel Henry.

Biwo Siveyans Akò Montana a (BSA) denonse zak kidnaping, asasina, ekzekisyon espektakilè ki t ap ogmante anvan 7 fevriye a. Li lè li tan pou peyi a libere tèt li anba rèy enpinite a ak banalizasyon lavi moun. Li fè konnen «Lavi viktim La Saline yo, Bel-Air yo, Delmas yo, Me Monferrier Dorval, Grégory Saint-Hilaire, Antoinette Duclair, Diego Charles, konte, menn jan ak Lavi Jovenel Moïse konte! Li mande Jistis pou fanmi tout viktim yo! Koupab yo dwe idantifye epi pini, dapre lalwa».

Atanta espektakilè, gwo lajounen nan Pòtoprens, 3 kliyan yon avoka mouri sou plas

Selon Mèt Robinson Pierre-Louis, 3 moun, bandi ame te egzekite nan mitan jounen mèkredi a, nan ri Di Sant pa t avoka ni manm pouvwa jidisyè. Se pito 3 kliyan avoka Ronald Joseph. Dapre Me Pierre-Louis, se pa avoka a ki te vize men se kliyan li yo : Lyonel Desrosiers, Willy Jean-François ak Camille Philippe, ki mouri sou plas. Avoka Ronald Joseph resevwa yon bal nan thorax li, men lavi li pa andanje. Li fè konnen asasinay sa a rantre nan kad yon konfli teryen nan Vivy-Mitchell, yon dosye ki gen plis pase 10 zan. Yon ankèt dwe louvri pou jwenn koupab yo.

Dezyèm jounen moblizasyon travayè yo, dezyèm jounen represyon

Pou yon dezyèm jou konsekitif, travayè ak ouvriyèz nan faktori Konpayi Nasyonal Pak Endistriyèl yo (SONAPI), manifeste ankò, jedi 10 fevriye, devan lokal SONAPI. Manifestan yo kontinye ap reklame yon salè minimòm 1500 goud chak jou. Yo eksplike ke yo pa ka viv ak salè minimòm aktyèl la, ki fikse a 500 goud.

Lapolis, yon fwa ankò, itilize gaz lakrimojèn, detanzantan, pou anpeche ouvriye yo manifeste pasifikman, sou wout ayewopò an. Akòz gwo mobilizsyon trafik, machin te paralize sou wout ayewopò a, e lapolis te tire kout bal an lè ak gaz lakrimojèn pou te kraze dezyèm jounen mobilizsyon kont salè minimòm petefyèl 500 goud la.

Lidè sendikal yo denonse, yon lòt fwa ankò, lapolis ki gaye mouvman pwotestasyon travayè SONAPI yo e anonse mobilizasyon jiskaske Leta satisfè revandikasyon yo, menn lè yo di gouvènman Ariel Henry a ap defanm enterè mèt faktori yo sèlman.

Ronald Léon

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...