" "
acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas retire kò li nan Biwo Siveyans Akò Montana a (BSA)

Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas retire kò li nan Biwo Siveyans Akò Montana a (BSA)

Fanmi Lavalas retire 2 manm li yo: Joël-Edouard Vorbe ak Jodson Dirogène, nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an, pou pwoteste kont sitiyasyon «konfli enterè» ki toujou egziste nan Akò 30 Out la. Nan yon nòt pou laprès, Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas denonse Biwo Siveyans Akò Montana a (BSA), ki toujou vle «chwazi lidè pati politik yo pou dirije tranzisyon an e, an patikilye, pou òganize eleksyon kote pwòp estrikti politik yo pral patisipe, kidonk yo jij e pati an menn tan». Fanmi Lavalas deklare manm Akò Montana yo (BSA) iyore tout enkyetid òganizasyon an te soulve nan lèt ki te date 6 desanm 2021 an ki rete san repons, malgre yon rapèl yo te fè yo, nan yon reyinyon ak BSA a, nan dat 23 janvye 2022. Akò Montana toujou vle reyalize eleksyon yo pou chwazi aktè politik pou al dirije tranzisyon an. Pou Fanmi Lavalas se «yon tranzisyon ripti ak yon gouvènman sali piblik, ki konpoze ak pèsonalite onèt, konpetan e ki pa patizan, ki soti nan diferan sektè nan peyi a ak dyaspora a, ki pral travay pou byennèt pèp la.» Li espere pou tout gwoup yo mete tèt ansanm pou amonize diferans ant yo, pou chache yon konsansis nan enterè peyi a ki plonje nan yon kriz grav.

Claude-Alix Bertrand denonse Evans Lescouflair ki vyole l ak abize l seksyèlman pandan 2 zan

Predatadè seksyèl la pa lòt moun : pwòp monitè espò li, nan lekòl St-Louis Gonzague. Claude-Alix Bertrand te gen sèlman 11 zan, lè Evans Dady Lescouflair te deside kòmanse touche ti pati entim li, apre klas espò, nan biwo l. Apre sa, lekòl gaye. Evans Dady Lescouflair vyole li plizyè fwa e pandan 2 zan.

Evans Dady Lescouflair, ansyen Minis Espò, itilize tout taktik minab pou kontinye fè kadejak sou ti gason 11 zan sa a, swa li di chofè Claude-Alix Bertrand, li an retni ou byen Evans Dady Lescouflair pran pòz li se yon sikològ pou ale lakay li e pou li kontinye vyole l, san kè sote.

Se a laj 21 an, Claude-Alix Bertrand deside di paran li laverite. Malgre sa, pa gen okenn plent ki pote kont li. Claude-Alix Bertrand deside rakonte istwa li, apre 30 tan silans. Li anonse, yon jou kou jodi, Evans Dady Lescouflair ap gen pou peye pou tout krim ak abi seksyèl li fè sou li ak plizyè lòt jen ti moun.

Claude-Alix Bertrand pataje eksperyans li nan yon live sou Instagram No filter e souwete tout moun ki sibi move tretman, denonse predatè sa yo e pou paran siveye timoun yo, pou remake tout chanjman lakay pitit yo, pou yo kapab pi byen pwoteje yo. Li fè konnen fòk Evans Dady Lescouflair vyole plis pase 100 timoun.

Claude-Alix Bertrand, te nonmen Anbasadè UNESCO Ayiti an 2014, Anbasadè Espesyal Olympik, Kapitèn Ekip Polo Ayiti, Prezidan Federasyon Ayisyen Polo, Piblikatè Polo Lifestyles Magazines. Li abite Kalifòni, kounye a.

Money Mike travèse apre plizyè jou koma

Jean Huberman Charles, tout moun konnen sou non atis li, Money Honey Mike, kite nou jedi 27 janvye 2022 a, daprè sa frè atis la, Pierre Richard Charles, te deklare. Money Honey Mike, ansyen vedèt Original Rap Staff (ORS) la, te entène lopital depi plizyè semenn, apre l te fin viktim yon konjesyon serebral (AVC). Li travèse, yon semèn apre. Nouvèl lanmò l te tonbe tankou yon kout loray move tan nan mitan fanatik ak sipòtè mouvman Rap kreyòl la.

Money Mike se youn nan premye jenn atis ayisyen ki te brave danje diskriminasyon pou l te mete Rap kreyòl sou moun, anndan peyi Dayiti. Li te fè anpil siksè ak O.R.S, gwoup sa a li te kreye nan ane 90 yo, avèk kèk lòt jenn gason, chaje ak talan tankou: Top Adlerman, Posse x, Top Tchouko, elt. «Kè pòpòz», albòm gwoup la soti nan lane 96, rete youn nan albòm rap ki pi move. Money Mike kite nou. Li te gen 47 lane. Money, ou mèt ale kè pòpòz!

Moïse Jean-Charles pral trennen devan lajitis, otorite ameriken yo, pou move tretman li te sibi nan ayewopò Miami a

Lidè Pitit Desalin lan, Moïse Jean-Charles, otorite ameriken yo te anile viza epi ekspilse ann Ayiti, anonse li pral rekrite yon batri avoka pou trennen devan lajistis, gouvènman Biden lan ki vyole dwa li kòm moun. «Nou pral pran wout lajistis pou defann entegrite nou, entegrite pèp ayisyen an,» dapre ansyen senatè Moïse. Li fè konenn imilasyon madi 25 janvye nan ayewopò Miami an pa p rete la. Li konsidere zak otorite imigrasyon ameriken yo «se yon atak sou diyite pèp ayisyen an ak pèp nwa a ». An repons ak rimè ke yo te kenbe li akòz yon kesyon vaksen COVID-19, li te deklare: «Mwen te pran vaksen an nan peyi Kiba.» Li ajoute li pa t reprezante okenn menas pou okenn peyi, yo pa gen dwa mete l nan yon chanm frèt pou te enteroje l pandan plis pase 6 zèd tan. Ansyen kandida pou prezidan an te deklare: «imilyasyon sa a pa p fè l sispann batay politik li an», li endike ke «si Etazini pa vle nou dyaloge ak lòt peyi yo, fòk yo sispann detwi peyi a». E li mande pou «pèp ayisyen an pran responsablite li»

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button