acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

2 tranblemanntè souke sid peyi d Ayiti; 2 moun mouri

De tranblemanntè modere te souke sidwès peyi d Ayiti, lendi 24 janvye a. De moun pèdi la vi yo. Plizyè kay kraze e sa te kreye yon van panik nan depatman Nip ak nan Sid. Sa te lakòz lekòl ak biznis yo te fèmen.

Yon premye tranblemanntè mayitid 5.3 te pase a 8tè16 a.m. Yon èdtan apre, yon lòt tranblemanntè, mayitid 5.1 sekwe depatman Nip ak Sid peyi a. Tou lè de sekous yo te santre nan penensil sid peyi d Ayiti, nan lwès kapital la, Pòtoprens, dapre US Geological Survey. Li te di tou, episant la te apeprè 10 kilomèt (6 mil) anba tè.

Ajans Pwoteksyon Sivil Ayiti a te di omwen gen de moun mouri ak de lòt blese, ak pou piti 35 kay kraze.

Yves Bossé, yon ofisyèl nan depatman Sid ak Nip, te di The Associated Press yon moun mouri akòz yon glisman tè nan yon min sab. Li te di tou plizyè kay te fann e biznis ak lekòl te oblije fèmen pou jounen an.

Abitan nan zòn metwopolitèn lan te santi sekous yo e gen kèk bisnis ki te evakye pesonèl yo. Yon tranblemanntè mayitid 7.2 te frape sidwès Ayiti 14 out ane pase a. Plis pase 2 200 moun te mouri epi 137 500 kay domaje oswa kraze.

Kisa ki te rive yon jou tankou jodi a ?

23 janvye 1973: «3 endividi ame te kidnape anbasadè ameriken an an Ayiti, Clinton Knox, ak Konsil Jeneral la, Christensen Ward, lakay yo, nan Boudon. Madi swa 23 janvye 1973, vè 5è30 nan apre midi, 3 endividi ame, pami yo yon fanm ak yon foula jòn-abriko, te kidnape anbasadè ameriken an an Ayiti, Clinton Knox, ak Konsil Jeneral la, Christensen Ward, devan papòt lakay yo, nan Boudon. Kidnapè yo te negosye pou Baby Doc lage 12 prizonye politik, pou yo peye $70 000, epi yo 15 ayisyen (12 prizonye politik ak 3 ravisè) pou yo al Meksik, san danje. Se anbasadè fransè a, Dorin Bernard, ki te negosye avèk kidnapè yo. Li te remèt yo lajan e ravisè yo t ap remèt zam yo ak moun yo te kidnape yo. Pa t gen okenn fòs lame ak tonton makout yo ki te devan kay anbasadè ameriken an. Menm lè yo te di 5 moun, men se te 3 ki te sòti anndan kay la. Se te yon avyon ak 4 motè konpayi air dAyiti ki te vin cheche yo pou mennen yo nan peyi Meksik.

Men lis 12 prizonye politik yo

Philibert Elizabeth, 2- Joseph Antonio, 3- Gilbert Adrienne, 4- Almonor Emile, 5- Magloire Jacques, 6- Napoléon Emmanold, 7-Napoléon Anna, 8-Ulrick Joly, 9- Madame St-Rose Gay, 10- Josué Bernard, 11- Leosthène Milien, 12- Jean Napoléon.

Nouvèl lanmò Dalanchika Malbranche yo rele souvan Nègès DA

Dalanchika Malebranche, yo rele tou Nègès Da, ki gen senpman 8 lane, mouri jou dimanch 23 janvye a, aprè yon maladi li te genyen, selon sa Yenny, sekretè Thòy’Art, kote Da t ap ekspoze talan l, anonse sou paj Facebook yo.

Nègès Da ta pral gen yon popilarite sou rezo a avèk chante li te konn chante, tèks angaje li te konn li, epi li te parèt, nan je tout moun ki te konn ap swiv paj Thòy’Art la, kòm yon timoun ki trè eveye pou laj li. Sa te fè entènot yo renmen gade videyo li yo ak pataje yo anpil.

Nouvèl lanmò ti pitit sa a, ki gen 8 lane, ki ta pral gen 9 van 29 janvye a, sekwe anpil moun sou rezo sosyal yo ki pa sispann kòmantè pou montre jan sa afekte yo epi poste foto ak videyo ti pitit sa a. Yenny, ak dlo nan je, dekri Nègès Da, kòm yon timoun entèlijant, ki gen foug, ki te toujou pare pou li gwo tèks,Thòy’Art t ap prepare, men lanmò pase pran l, nan yon laj anpil moun pa t panse.

Tout ekip Ayiti Pwogrè a prezante kondoleyans bay ekip Thòy’Art la, fanmi ak zanmi Da, san nou pa p bliye tout moun sou rezo sosyal yo nouvèl lanmò sa a atriste.

Ronald Léon

Articles Similaires

Back to top button