HomeHot NewsOgmantasyon pri gaz nan ponp yo

Ogmantasyon pri gaz nan ponp yo

Published on

Archives

Minis Ricard Pierre, reprezantan SDP nan gouvènman Ariel Henry a, te gen misyon pou jistifye
ogmantasyon sa a. Apati vandredi 10 desanm 2021, pri gazolin, dyezèl ak kewozèn pral monte
sou tout teritwa peyi d Ayiti. Se yon anons gouvènman Ariel Henry a fè, nan yon pwend près.
Nouvo pri nan ponp yo ap efektif, vandredi sa a: gazolin 250 goud, dyezèl pase a 353 goud e
kewozèn a 352 goud. Epi pri kous machin yo pa p monte, malgre ogmantasyon sa a.
Gouvènman Ariel Henry a anonse, ane pase, Leta pèdi plis pase 30 milya goud e se te
Minis Planifikasyon, Ricard Pierre, reprezantan SDP nan gouvènman Ariel Henry a, ki te gen
misyon pou jistifye ajisteman total, dyezèl ak kewozèn e retire sibvansyon gradyèl sou pri
gazolin lan. Minis Planifikasyon an, Ricard Pierre, te fè konnen se pa t yon desizyon fasil men li
te nesesè. Dapre li, sipresyon sibvansyon ap ede Leta fè ekonomi pou rantre lajan pou konstwi
lekòl ak lopital ak fè fas ak ensekirite a.
Akò Montana: Fanmi Lavalas pete koken
Fanmi Lavalas denonse atitid otoritè ak anti demokratik Biwo Suivi Akò pou yon Solisyon nan
Kriz Ayisyen (Akò Montana) ki chwazi Kat Potansyèl Kandida Pou Prezidan andeyò tout antant
ak siyatè yo. Se atravè laprès (Nouvelliste ki date 30 novanm 2021) Òganizasyon Politik Fanmi
Lavalas siyatè Akò Montana a di li te aprann Fowòm Politik Akò Montana a idantifye kat
potansyèl kandida pou prezidan ak premye minis tranzisyon an. Òganizasyon Politik Fanmi
Lavalas denonse pratik sa a e fè konnen li pa t patisipe nan pwosesis idantifikasyon responsab
pati politik sa yo pou dirije tranzisyon an, dapre yon nòt pou la près li mete deyò, jounen 6
desanm lan.
Pou Fanmi Lavalas, chwazi lidè pati politik pou vinn dirije tranzisyon an e an patikilye,
pou òganize eleksyon yo, se yon erè grav ki ka kreye yon sitiyasyon konfli denterè, pandan menn
lidè pati politik ki chèf tranzisyon yo se menn yo menn ki pral òganize eleksyon pou pwòp
estrikti politik yo ki pral patisipe nan eleksyon sa yo.
Fanmi Lavalas envite Biwo Suivi Akò (BSA) reprann li pou garanti respè akò 30 out
2021 pou siksè tranzisyon ripti a.

Ronald Léon

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...