acceuilActualitéNewsreel

50 kidnapin nan 5 jou, nan Pòtoprens

50 kidnapin nan 5 jou, nan Pòtoprens

Bandi ak zam pa chome pou semèn sa a, dapre Radio Tele Caraibes. Pou kòmansman semèn lan jouk nou rive vandredi 15 oktòb, moun ak zam kidnape 50 moun, pami yo: yon anplwaye sèvis imigrasyon, Johnson Joseph, yo te kidnape mèkredi. Byen bonè nan jedi, 400 Mawozo te kidnape, nan Croix-des-Bouquets, direktè OAVCT Petionvil la, Kurdy Doredel Larèche. Depi 3 jou, zòn Lali tou pre biwo li, anplwaye sèvis imigrasyon ak emigrasyon ap manifeste pou mande pou yo libere Johnson Joseph ki se natif natal nan Lascahobas. An solidarite ak li, moun ki rete nan vil sa a bloke trafik machin ak barikad, pou egzije liberasyon Johnson Joseph.

Liberasyon Pastè Devariste Eliodor ak Madan Jefferson Paul

Pastè Legliz Methodist Parc Chrétien, ki chita nan Delmas 28, Devariste Eliodor, jwenn liberasyon li, apre 2 jou li pase nan men ravisè yo e se nan lanmwit 10 oktòb la, kidnape yo libere tou Madan Dr Jefferson Paul. Selon enfòmasyon Radio Caraibes, eta sante Pastè Devariste Eliodor pa twò bon, jiska prezan, li poko janm pale. Doktè Jefferson Paul anonse madanm li rantre sen e sof lakay li, yè swa e li demanti enfòmasyon ki ta fè kwè ravisè yo te abiye ak inifòm lapolis. Doktè Jefferson Paul anonse ke madanm li libere pou ranson, san li pa presize ki kantite lajan li bay ravisè yo.

Anbasadè Michel J. Sison ap kite Ayiti

Nan yon mesaj ki afiche sou kont Twitter anbasad ameriken an Ayiti, diplomat la anonse l ap retounen Washington. «Lè mwen te rive nan mwa fevriye 2018, mwen te di ke mwen te kòmanse karyè diplomatik mwen nan Pòtoprens, nan ane 1980. Mwen pa janm bliye jan pèp Ayisyen se yon pèp ki renmen akeyi moun, jan Ayiti gen yon bote natirèl….»

Pou sèten entènot, apre 3 zan Anbasadè Michele J. Sison nan tèt diplomasi amerikèn lan an Ayiti, madanm lan plis kontribye pou bote natirèl Ayiti tounen yon veritab lanfè. An repons ak tweet Anbasadè Sison, jounalis ayisyen, Waking Exume, tweete : «Se domaj mwen pa ka di m regrèt ou. Lè-w kite Pòtoprens, reflechi ak tout kalte move aksyon malonnèt diplomatik ou komèt kont Ayiti».

Anbasadè Michel J. Sison ajoute: «pandan mwen ap prepare pou retounen Washington, mwen sonje deklarasyon sa a mwen te fè lè mwen te rive nan mwa fevriye 2018: ‘Ayiti ak Etazini, yo gen an komen, yon angajman solid pou libète, demokrasi ak règ lalwa… Etazini gen gwo respè pou pèp ayisyen an e nou fyè de patenarya nou an….»

Entènot yo mande aki figi l ap pale la. Èske: «Nou t ap wont pou nou itilize mo fyè patenarya nou avèk Ayiti». Yon lòt tweet pi malouk toujou: «Mwen ta renmen madanm lan antre andedan l, nan fon konsyans li, epi fè yon bilan de ti tan li pase Ayiti. Mwen konnen fòk li defann peyi l, men li pa dwe ba nou grenn pengwen pou anana».

Daly Valet bay dènye kout mato a nan yon tweet enpitwayab: «Dam sa a, ki te vle Enperatris an Ayiti, nan tèt chato li, anbasad l ap kite a. Li kite dèyè li, asasinay yon prezidan, yon peyi kraze ak fado Ameriken sou do peyi nou an. Misyon li ? Nou pa t konnen l. Bilan li ? Yon dezas pou Ayiti.

Asasinay prezidan Jovenel Moïse ak Kriz an Ayiti reflete echèk Anbasadè Michele J. Sison ak kominote entènasyonal la pou estabilize peyi a, selon pwòp pwojè estabilizasyon demokratik yo.

3 lane Michel J. Sison nan peyi a ranfòse, plis toujou, kontwòl politik ak ekonomik Washington ann Ayiti. Politik entèvansyonis ameriken pa p chanje, menm apre depa Anbasadris sa a ki travay plis pou diskredite aktè entèn yo ak anplifye rivalite ant yo.

Leve bouklye kont DIGICEL

A pati lendi 18 oktòb,tout transaksyon Mon_Cash Digicel ogmante e kreye yon veritab mekontantman nan mitan kliyan konpayi sa a. Tarif Mon Cash vinn elve anpil e plis pase 30 pousan. Yon retrè ant 2 000 a 3 999 goud, kote konsomatè yo te konn peye 72 goud, apati de 18 oktòb, l ap pase a 105 goud. San konte, sèvis DIGICEL, de jou an jou ap vinn pi mal. Sitwayen yo denonse DIGICEL ki fè peye sèvis kliyantèl alòske li te sipoze gratis, menm jan ak tout sèvis kliyantèl ki gratis nan lòt peyi yo.

Sou rezo sosyal, sitwayen yo te lanse yon apèl mobilizasyon jeneral kont DIGICEL, lendi 18 oktòb 2021, devan DIGICEL Turgeau, a pati 10 zè nan maten, tout moun te envite pou vinn pote revandikasyon yo e egzije pou DIGICEL respekte konsomatè yo.

Durosier Wilner

Articles Similaires

Back to top button

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker