acceuilActualitéCulture & SociétéNewsreel

Nouvèl kout an kreyòl

Kidnapin

Endividi ak inifòm UDMO (yon inite espesyalize nan lapolis) kidnape pastè Jean Mary Ferrer Michel ak 2 lot moun ki se Isabelle Devendegis ak Noman Weiner. Bandi ame kontinye ap frape nan enpinite nan Pòtoprens. Pandan yon seremoni relijye dimanch maten 3 oktòb la, bandi ak zam kidnape Pastè Jean Mary Ferrer Michel, nan papòt legliz Jésus Center, nan Delmas 29. Dapre temwen yo, se moun ak inifòm UDMO, yon kò espesyalize nan Polis Nasyonal la, ki te kidnape pastè a ak 2 lòt moun: Isabelle Devendegis ak Norman Weiner. Bandi ame ak inifòm polis nasyonal la t ap sikile abò yon Nissan Patrol.

Sosyete a an miyèt moso

Sosyològ Berthony Pierre-Louis, pwofesè nan inivèsite, atis angaje ki chante rezistans pèp ayisyen nan divès moman, sonnen lanbi rasanbleman nan yon «sosyete ki kraze miyèt moso». Si ti rès aktè konsekan ki rete nan nivo sosyete sivil ak bò kote aktè politik yo pa chèche rive nan yon antant, sosyete a ap fin depafini e «n ap fini pa tounen anyen nèt». Demach kontinye ap fèt pou rive jwenn yon pasaj pou Ayiti ki antòtye nan kriz. Dènye mouvman ki fèt la a, se vizit yon jounen (30 septanm) sekretè d Eta adjwen ameriken pou tout kesyon ki konsène rejyon Amerik la. Brian Nichols te la, ansanm ak prensipal direktè Konsèy sekirite nasyonal Etazini, Juan Gonzalez, pou diskite ansanm ak otorite gouvènman an, reskonsab politik ak reskonsab òganizasyon nan sosyete sivil la.

Anvan mesye yo ale, yo fè konnen aktè yo rankontre yo, montre volonte pou chita epi rive nan yon sèl akò. Sa mande pou yon moun byen suiv kouman sa pral fèt, piske plizyè akò ki genyen yo, sanble klete, e sitou, gen yonn nan yo, akò 11 septanm ant premye minis defakto a, Ariel Henry, ak ansyen pati ak regwoupman anfas pouvwa tèt kale a, ki deja tounen dokiman ofisyèl apre piblikasyon li, nan jounal ofisyèl Le Moniteur.

Dirijan ameriken an pwomèt gen lòt delegasyon peyi Etazini ki pou kontinye fè lanavèt an Ayiti, k ap viv yon kriz ki tèlman mangonmen. Ansyen anvwaye espesyal ameriken, Daniel Foote, blije demisyone ak fraka, akòz konpòtman dominan li repwoche peyi li. Jounen jodi a, ofisyèl ameriken ki te vizite peyi a, eseye konvenk Ayisyen yo, Etazini pa p chèche fè balans la panche ankenn bò.

Bò pa yo, plizyè aktè ki te patisipe nan diskisyon yo, di yo defann lide yon solisyon ayisyen pandan yo pwopoze pou Ameriken devlope yon lòt kalte koperasyon (nouvo deal) ak Ayiti.

Pwoblèm politik yo grefe sou yon sitiyasyon jeneral ki konplike anpil tou, patikilyèman akòz vyolans gang yo ak ensekirite a. Lè se pa nan Kwadèboukè gang bay demonstrasyon, se nan Matisan… Ainsi de suite. Lapolis poko kab rive enpoze l.

Men kèk chif pou nou konnen

Se 600 jounalis nan 117 peyi ki kontribye nan ankèt «Pandora Papers» la. Li baze sou 11,9 milyon dokiman ki soti nan 14 konpayi sèvis finansye ak firm avoka e li te dekouvri plis pase 29 000 konpayi offshore. Se Consorsiòm Entènasyonal Jounalis Envestigatè (ICIJ), nan Washington DC, ki te jwenn done sa yo. Yo te travay avèk plis pase 140 medya sou pi gwo ankèt mondyal sa a. Pandora Papers, se 6,4 milyon dokiman, prèske twa milyon imaj, plis pase yon milyon imèl, ak prèske yon demi milyon papye kontab.

Wilner Durosier

Articles Similaires

Back to top button

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker