acceuilActualitéJusticeNewsreel

Lèt demisyon Daniel Foote la «dezabiye yo», dapre politològ Garaudy Laguerre

Anplis yon kout rèl kont move tretman refijye ayisyen sibi nan Texas, lèt demisyon 22 septanm Daniel Foote, ansyen anvwaye espesyal ameriken an Ayiti an, dezabiye pouvwa a ak moun k al fè akò ak premye minis defakto, Ariel Henry yo, dapre politològ Garaudy Laguerre.

Li fè analiz sa a, pandan li t ap patisipe nan magazin #TiChezBa sou AlterRadio 106.1 FM. Sa fè 2 mwa depi depatman d Etat te nonmen Daniel Foote, anvwaye espesyal, pou travay ak Ayisyen yo nan chèche yon solisyon nan kriz la. Nan lèt demisyon li, li denonse depòtasyon yo, ansanm ak politik dominasyon li di Ameriken ap mennen an Ayiti, ki pa fouti bay rezilta. Apre refijye ayisyen, pami lòt, fin rive, pa bann ak pa pakèt, sou fwontyè Etazini ak Meksik, imaj gran vwazen an pran yon gwo kou, nan nivo entènasyonal. Lemond antye gade kouman lapolis ameriken, monte sou chwal, pou lanse Ayisyen, menm jan sa te konn fèt nan tan esklavaj. Se gwo emosyon, endiyasyon, devan dram konpatriyòt nou yo, ansanm ak lòt migran yo, t ap viv fas ak fòs lòd ameriken yo, ki vin fè yon seri kritik vin pran chè, an rapò ak fason Ameriken konsidere Ayisyen.

Nan pi wo nivo, prezidan Joe Biden kondane zak sa yo, pandan otorite ameriken yo ranmase refijye ayisyen k ap chache lavi, pimpe yo pa santèn an Ayiti, toulejou.

An Ayiti, kote yo jwenn yon akèy similak, migran ayisyen yo pa kache revòlt yo. Yo rakonte peripesi yo, yo menm ki pase plizyè mwa ap mache, monte mòn, janbe dlo, dòmi nan raje, depanse tout avwa yo, pou travèse plizyè peyi Amerik Latin, pou yo kab antre Etazini. Nan anpil ka, se manman, papa, pitit ki deplase. Yo te deyò, akòz lamizè an Ayiti, ensekirite ak vyolans nan yon peyi, kote yo pa wè avni, yon peyi kote se gang ki fè lalwa, pandan sitiyasyon politik la ap pi twoub, chak jou.

Lapolis Nasyonal ap mare moun li di se bandi

Dimanch swa, 19 septanm 2021 an, Lapolis nan Kwadèboukè, depatman Lwès, di li touye yon moun, li sispèk ki ta yon bandi, ki te tire sou yon patwouy nan komin lan. Anplis, lavèy, samdi 18 septanm 2021 an, Lapolis Kavayon, depatman Sid, arete 3 moun li sispèk ki ta bandi, nan Leandre, senkyèm seksyon kominal Kavayon. Dimanch 19 septanm 2021 an, sou zile Ilavach, bò kòt Sid peyi d Ayiti, nan kad yon operasyon li rele « mache pran yo », yon ekip Brigad k ap batay kont trafik dwòg (Blts) ak gadkòt Sid, arete Julanor Petit, yo te jwenn ak 13 kilogram dwòg marijuana.

Peyi Meksik deside sipòte migran ayisyen yo

«Nou p ap pouse do migran ayisyen yo, fè yo kite peyi Meksik. N ap pito fè yo kite fontyè a, pou y ale nan vil Tapachula a, ki nan Sid peyi Meksik (nan Leta Chiapas, toupre fontyè ak peyi Gwatemala) pou evite pwoblèm lijyèn ak anpeche yo gonfle youn sou lòt». Se sa Francisco Garduño, direktè Enstiti nasyonal Migrasyon peyi Meksik (INM), deklare bay ajans Reuters. Plizyè migran ayisyen, ajans Reuters te pale ak yo, fè konnen yo pa kwè yo ka jwenn azil nan peyi Meksik. Migran ayisyen sa yo te fè yon vwayaj long, ki te koute yo anpil lajan, kote yo fè fas kare ak gwo danje, soti nan peyi Gwatemala, pou rive nan vil Acuña, sou fontyè ant peyi Meksik ap peyi Etazini. Yo di Reuters yo pa kwè l posib pou yo retounen nan vil Tapachula a, kote yo pa t janm rive jwenn azil, apre demach yo te fè yo. «Si otorite peyi Meksik yo te vle vrèman ede migran ayisyen yo, yo t ap pèmèt yo fè demann azil nan lòt kote. Tapachula se yon kote ki di, ki difisil anpil. Se yon ti vil, ki chaje ak moun, Nanpwen travay. Pa gen anyen». Se repons sa a, yon migran ayisyen, yo rele Willy Jean, bay yon ajan Enstiti nasyonal migrasyon peyi Meksik, ki t ap eseye ankouraje l al fè demann azil, nan vil Tapachula.

Malgre yon ti amelyorasyon, chif ajans Reuters rive jwenn, montre migran Ayisyen yo gen mwens chans, pase migran lòt peyi, pou rive jwenn azil nan peyi Meksik. Pami demann azil nan lane 2020 yo, otorite peyi Meksik yo te konsidere, se sèlman 22 sou chak 100 migran Ayisyen yo te bay azil, alòske migran venezuelyen yo te rive nan nivo 98 sou chak 100 demann, migran Honduras yo te rive nan nivo 85 sou chak 100, migran Salvador yo te rive nan nivo 83 sou chak 100 demann azil, epi migran kiben yo te rive nan nivo 44 sou chak 100 demann azil, toujou dapre ajans Reuters.

Pou ane 2021 an, migran Ayisyen, ki fè demann azil nan peyi Meksik, jwenn satisfaksyon nan nivo 31 sou chak 100 demann, kontrèman ak lane 2020 an, lè li te nan nivo 22 sou chak 100 demann azil.

Depi dimanch 19 septanm 2021, peyi Etazini pimpe, voye nan peyi d Ayiti, apeprè 2 mil migran ayisyen, yo te pran nan kan Del rio, Texas, anfas vil meksiken Acuña. Otorite ameriken yo arete apepre 4 mil migran ayisyen, dapre sa Depatman Sekirite Nasyonal lan fè konnen, jedi 23 septanm 2021 an.

Durosier Wilner

Articles Similaires

Back to top button

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker