acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Yon dezyèm Evelyne sincère

Jounen jedi ki te 22 avril 2021 an, yon avi rechèch t ap fè laviwonn sou rezo sosyal yo. Avi rechèch sila a pa t pou bandi men pito se pou yon jenn etidyant nan syans enfimyè, nan inivèsite Nòtredam, ki rele Marline Flora Nerestant. Enfòmasyon nou rive jwenn lese kwè endividi moun pa t rive idantifye te kidnape jenn etidyant lan, nan Dèlma 33, devan lopital Lapè a, kote l ap fè estaj. 4 jou aprè, lendi 26 avril 2021 an, yo jwenn kadav jenn fanm lan nan yon raje bò lopital «Petit Frères et Sœurs» ki nan komin Taba. Aprè Mèt Dorval, Gregory ak Eveline, se tou pa Flora. Pwochen moun lan ap kiyès ? Kisa otorite pa bò isit fè pou fèmen wobinèt san ki pa sispann koule chak jou pi plis la ? Nou plante bannann, nou rekòlte kadav. Malerèzman, mò pa repoze anpè nan yon peyi ki oprime.

Moun Senmak rele chalbari dèyè Léon Charles

Nan kad yon mès ki te chante dimanch 26 avril 2021 an, nan okazyon fèt patwonal vil Senmak, kote plizyè otorite lokal, tankou nasyonal te prezan, pami otorite sa yo, direktè defakto Polis Nasyonal la, Léon Charles, te prezan tou. Se te yon prezans ki te lakòz plizyè dizèn moun nan Site Nisaj Sajè a te move kou kong. Yo te mande pou otorite kòwonpi sa yo pa mete pwent pye yo nan tanp BonDye a, paske otorite pa bò isit mare sosis yo ak bandi k ap mete dlo nan je pèp la.

Moun Tigwav kanpe dèyè barikad yo

Wilkens Dicette, se non kazèk Dezyèm Plèn (Tigwav), bandi ak zam te kidnape, pandan l t ap fè zong li, nan yon estidyo nan zòn Dèlma 33, jounen dimanch 25 avril 2021 an. Nan lide pou pwoteste kont zak malonèt sila a, moun Tigwav te mete barikad sou Wout Nasyonal Nimewo 2 a ki debouche sou 3 depatman. Pwostestatè yo sèmante yo pa p bay vag, toutotan kazèk la pa jwenn liberasyon l.

Ensekirite a ap taye banda

Jounen lendi 26 avril 2021 an, popilasyon Site-Solèy la konnen yon jounen malouk, kote te gen plizyè gwoup ame ki t ap goumen. Afwontmon sila a lakòz 5 moun mouri epi 7 lezòt blese anndan yon kamyonèt. Pami moun ki mouri yo, gen yon fanm ki gen 6 mwa ansent.

Rasanbleman Ekolojis Ayisyen (REA) kondane zak dappiyanp rejim PHTK ap fè sou tè peyizan yo

Nan okazyon Jounen mondyal Latè, Rasanbleman Ekolojis Ayisyen (REA) kondane gwo zak dappiyanp pouvwa defakto Jovenel Moïse PHTK a, fè sou tè peyizan ayisyen yo, kote li fè yon patikilye kado plis pase 8600 ekta tè. REA konstate prezidan defakto a retire nan men peyizan nan komin: Piyon ak Senrafayèl (Nò), Mayisad (Sant) ak Senmichèl Latalay (Latibonit) pou fè Andy Apaid kado, nan kad yon pwojè zòn franch pou plante Stévia pou pèmèt konpayi miltinasyonal yo eksplwate richès peyi a epi rann peyizan yo pi pòv. Li pran desizyon sa a nan yon arete prezidansyèl gwo ponyèt ki soti 8 fevirye 2021 an, yon jou apre manda konstistisyonèl li, 7 fevriye, te rive nan bout li. Lè nou konsidere kantite peyizan ayisyen, yon bann gwo zouzoun, ki jwenn sipò Leta popetwèl la, rive masakre istorikman nan lide pou fè dappiyanp sou moso tè yo posede nan plizyè kote nan peyi a tankou Pyat, Kazal, Janrabèl, Bokozèl elatriye ; lè nou konsidere konsekans enstalasyon zòn franch tankou CODEVI, Pak Karakòl, Savann Dyann ak yon latriye lòt pwojè neyoliberal koupesouf, tankou Agritrans genyen sou lavi peyizan yo ak patrimwàn natirèl zòn sa yo ; Lè nou konsidere nesesite ki genyen pou chak sitwayen devlope yon rapò zanmitay ak Latè ki, jiskaprezan, se pi gwo resous k ap pèmèt lavi peyizan boujonnen, fleri epi donnen; Nou menm, nan Rasanbleman Ekolojis Ayisyen (REA), nou kondane, san rezèv, dekrè lanmò prezidan defakto Jovenel Moïse siyen pou l fè kado plis pase 8 mil ekta tè ak yon sitwayen etranje k ap pwofite bwote richès peyi a al mete labank nan peyi l; Nou koupe fache ak tout pwojè politik ki vize eksplwate tout resous natirèl peyi a, nan lide pou fè lajan; Nou sèmante sèt fwa, swasanndisèt fwa, pou n konbat jouk mayi mi tout moun, antrepriz, ONG, kowalisyon/enstitisyon entènasyonal oswa pwojè politik ki pa bay enpòtans ak jistis sosyal, byennèt lavi pou tout moun ak zannimo. REA pwofite okazyon sa a, pou mande chak peyizan ayisyen: Leve kanpe pou reprann moso tè gwo zouzoun vòlè san kondisyon. REA kwè pa gen jistis sosyal pou peyizan fanm kou gason ki pa gen aksè ak Latè. Se nan Latè lavi ak byennèt fanmi ak pitit peyizan, chita. Tankou powèt Georges Castera di l : «Chak kou abitan pèdi tè l, se vi l ki fann an de, tankou grenn zaboka yo frape atè». Pa gen peyi san peyizan, pa gen peyizan san Latè ! Viv lit pou respè lavi ak byennèt tout peyizan !

Asosiyasyon Famasyen Dayiti kondane monte ensekirite a

Nan yon nòt pou laprès ki pote siyati konsèy administrasyon Asosiyasyon Famasyen Dayiti yo, estrikti sa di l kondane avèk fòs, monte ensekirite anndan peyi a, ki mete an danje lavi tout moun anndan sosyete a, epi deplore atak kidnaping ki fèt sou yon konsè famasyèn yo. Pi lwen anndan nòt sa a, asosiyasyon an raple koze ensekirite sa a k ap vale teren an, deja fè anpil viktim nan milye sektè sanitè a. Nòt la souliyen, pou enfòme tout moun de kidnaping ki fèt wikenn pase a sou Marie Josette Malvoisin, ki se yon famasyèn epi manb asosiyasyon an tou pandan li se pwofesè nan Fakilte medsin ak famasi, anndan Inivèsite Leta a, daprè sa nòt la ekri. Toujou selon nòt la, Madam Malvoisin te kidnape pandan li te sou wout li ap li sot fè kou anndan fakilte a. Nòt la fè konnen famasyèn sa a gen plis pase 30 an karyè nan koze ansèyman epi raple ravisè yo ke yo genyen kanmèm yon pwòch yo ki te pran kou nan men madam lan, oubyen benefisye sèvis ak swen famasetik. Pou fini nòt sa a, asosiyasyon an egzije liberasyon san kondisyon famasyèn lan epi mande otorite yo pou yo pran tout dispozisyon pou garanti sekirite vi ak byen moun anndan peyi a, pou tout sitwayen kapab regle aktivite yo, jan sa dwe ye.

N ap raple w, dènye jou sa yo, anpil anlèvman fèt anndan peyi a, sa ki ta lèse moun kwè koze kidnaping lan refè sifas pou pi bèl, malgre koze detente vit machin, ansyen PM Jouthe te fè aplike, malgre konferans DG Léon Charles te bay, mwa pase yo, pou fè konnen lapolis pral met pye l atè pou kontrekare koze ensekirite a. Move zak sa yo pa sispann mete enkyetid epi ogmante estrès lakay popilasyon an ki sanse lage pou kont li, nan batay la epi livre nan men bandi k ap enpoze lwa yo, chak jou pi plis, nan Repiblik la.

Kidnaping deta ap kontinye

Alex Démosthènes, se non notè piblik sa a nèg ak zam te kidnape mèkredi 21 avril la, devan lopital Sen Vensan, ki nan ri DèKazèn. Apre zak kidnaping sa a, Kolektif Notè Dayiti, anndan yon nòt ki soti jodi jedi 22 avril la, eksprime endiyasyon yo, fas ak sa ki pase a. Nòt sa a, ki pote siyati plizyè notè tankou notè : Guy Mario Gai, Marie Alice Bélisaire, Clermont Dossous, fè yon ti rapèl pou montre sèn sa a ki fèt ayè a, raple yo asasina ki te fèt sou konfrè notè yo, Émile Giordani, apre yo te fin kidnape li, 25 out 2011. Pi lwen, nòt la deplore move zak notè yo, ak fanmi yo ki toujou viktim sou ti bout tè papa Desalin lan. Daprè nòt la, yo sibi agresyon fizik, sekestrasyon. Nouvo viktim zak kidnaping sa a vin rann pi lou ankò, long seri vyolans tout kalite, popilasyon ayisyèn lan ap sibi, se sa nou kapab li nan nòt sa a.

Fas ak tout konsta sa yo, kolektif la, toujou anndan nòt sa a, poze kesyon pou mande kiyès k ap veye sou peyi a ? Sa dirijan yo ap regle? Èske otorite yo pa fè sèman pou pwoteje vi ak bien? Se kèk kesyon lòt kouch konn toujou ap poze men ki rete jiskaprezan san repons. Repons ki pa janm gen ak kesyon sa yo, Kolektif la di li pran zak ke moun k ap dirije n yo enskri tèt yo sou lis moun ki absan, ki anvlope nan iresponsablite ak enkonsekans, ki fè popilasyon livre, pou kont li, fas ak tout kalite bandi k ap enpoze lwa yo sou teritwa a.

Pwofesè filozofi a ap fwape

Jeune Yves Marc, se non yon jèn pwofesè filozofi ki ekri 3 liv fransè pou elèv nouvo segondè ak yon liv filozofi tou. Nan yon rankont, li te tou pwofite bay detay sou liv sa yo. Jeune Yves Marc se yon pwofesyonèl ki gen yon fòmasyon avanse nan fransè, kilti literè fransèz ak ayisyèn e ki di li gen yon solid fòmasyon nan filizofi tou, avèk frè Jezuit yo. «San mwen p ap bliye fòmasyon nan kominikasyon. Sa fè de mwen yon ekriven, yon powèt, yon anseyan, yon filozòf “stoïcien” epi yon jèn angaje pou koz jenès ayisyèn lan», se sa Jeune Yves Marc te deklare.

Nobert Bdouby

Articles Similaires

Back to top button