acceuilActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Chirepit nan sistèm jidisyè ayisyen an

Nan yon nòt ki parèt jounen lendi 19 avril 2021 an, Konsèy Siperyè Pouvwa Jididsyè a anonse grèv majistra yo, ki te tanmen depi nan mwa fevriye a, rive nan bout li. Selon nòt sila a, desizyon sa a vini aprè yon asanble jeneral jij Lakou Kasasyon yo te òganize, nan dat 14 avril 2021 an, ak apre diskisyon ki te genyen nan mitan pouvwa jidisyè a. Epoutan, nan yon lòt bò, asosyasyon majistra ayisyen yo mande pou jij yo kenbe modòd grèv la, malgre revandikasyon yo kòmanse satisfè. Nan sans sa a, Lakou Kasasyon pa resevwa prestasyon sèman jij ki mal nonmen yo. Pou kounye a, y ap tann desizyon tribinal administratif, Lakou Dèkont, ki te sezi dosye majistra Wendelle Coq Thellot a, men tou, y ap tann pou ministè Lajistis ak Sekirite piblik retounen grefye Christopher Lesperance nan pòs li, pandan majistra yo mande pou grefye yo rete solidè.

Premye minis de facto a, tokay Izo ak Tilapli, Joseph Jouthe, lage pye l

Nan lannwit 13 avril 2021 an, premye minis de facto a Jouthe Joseph, remèt demisyon l. Se minis Zafè Etranjè ak Kil yo, Claude Joseph, ki ranplase l, pou yon ti bout tan. Yon lòt bò, ansyen prezidan enkilpe a, Jovenel Moïse, fè konnen, sou kont Twitter li: «demisyon Joseph Jouthe la pra l pèmèt mwen adrese pwoblèm ensekirite k ap brase bil sosyete a. Minis Claude Joseph nonmen premye minis, pou yon ti bout tan».

Ensekirite a pa sispann taye banda

Machin ensekirite a pa sispann kouri san klaksonn, nan zòn metwopolitèn lan, kote li pase sou 3 jenn gason nan komin Kafou a. 2 nan yo te asasinen devan machin yo, nan zòn Tò. Lòt la tonbe Kòtplaj 18, nan yon restoran ki rele «Le Jardin». Pa bliye, pandan kondisyon materyèl egzistans pèp ayisyen an ap vin pi malouk chak jou, ensekirite a ap taye banda, ApreDye di: referandòm, eleksyon tèt kale.

Youn nan 10 moun gang 400 Mawozo a te kidnape yo, libere

Jou ki te 16 avril 2021 an, sou antèn radyo Kiskeya, Pè Gilbert Peltrop, ki se Sekretè Konferans Ayisyèn Relijye yo, fè konnen youn nan moun gang 400 Mawozo a te kidnape yo, jwenn liberasyon l. Moun sa a pa t yon relijye katolik, men pito se manman Prèt Jean Arnel Joseph, ki se youn nan prèt ki t a pral enstale kòm kire pawas Galèt Chanbon. Sekretè a kontinye pou l di Legliz Katolik sèmante 7 fwa 77 fwa, li pa p bay ranson, men paran viktim yo ka toujou pale ak ravisè yo. Se vre, viktim yo jwenn bon tretman nan men ravisè yo, men gen nan yo ki malad. Se ka Pè Michel Briand, yon Fransè ki ta dwe chanje yon plak chak jou, akoz yon bal li te resevwa nan lane 2015. 1 milyon dola ameriken, se kantite lajan ke bandi yo reklame pou liberasyon yo. Pandan machin ensekirite a ap kouri san fren nan peyi a, swadizan otorite yo rete bouch be.

Machin aksidan pa gen fren

Selon yon dènye rapò òganizasyon Stop Accidents pibliye, gen plis pase 27 aksidan ki fèt kote gen 9 moun ki pèdi lavi yo epi 81 lèzòt blese gravman grav. Pami moun ki mouri yo, gen 5 fanm. Aksidan sa yo fèt nan zòn: Senmak, Jeremi (Mòn Kawous), Swason, Aken, Tèrye Wouj, Montay Nwa, Akachon, ak Petyonvil. Daprè responsab òganizasyon an, Doktè Garnel Michel, aksidan sa yo pa sispann mete dlo nan je pèp ayisyen an. Nan sans sa a, li mande pou Leta pran responsabilite l.

Machin ILA ak PHTK pa sispann asasinen karaktè moun k ap batay

Nan yon nòt ak tout yon foto kifè laviwonn rezo sosyal yo, Lougoudou Providance fè konnen: “mwen ap pataje foto sa ak tout kanmarad konba mwen, kit sila yo ki nan peyi Dayiti kit sila yo ki aletranje, nan sousi pou nou denonse konpòtman malveyan, sanginè pouvwa Dezòm-PHTK nan peyi a. N ap raple pou tout moun k ap batay nan peyi a, depi plis pase 5 lane, pouvwa sa a, mele ak dirijan nan tèt inivèsite Leta Ayisyen an, lanse yon kanpay denigreman kont yon seri jenn fanm ak jenn gason nan inivèsite a, k ap denonse yon ansanm pratik ki pa bobo ak etik fòmasyon inivèsitè a. N ap raple kouman, nan lane 2016, mesyedam sa yo te itilize machin pwopagann inivèsite ak Sola a, pou yo te touye sosyalman 19 kanmarad batayè nan ILA. Pwosesis entimidasyon sa a pa t tann yon lane, swa nan dat 12 jen 2017, kote dwayen fakilte Etnoloji a te tante touye, fizikman, kanmarad nou, Goug. Nou pa janm bese lèbwa, nou rete pi dyanm nan batay pou liberasyon mas la. Menm kanpay ekzekisyon sa a kontinye ap fè chimen l, nan lane 2019. Nan mwa novanm 2019, gen yon atik ki soti sou non trip foumi, anba siyati Teriel Thelus, kote yo prezante mwen ak kanmarad Pakamò kòm 2 bandi. Yo menm di mwen gen yon espesyalite nan ranmase timoun sou Chanmas, al anwole yo nan Gang Gran Ravin. Epi, nan menm mwa sa a, youn nan chèf machin pwopagann PHTK sa a, ki se Stanley Lucas, pran foto m pou l di m se youn nan moun k ap kraze inivèsite a. Li asosye foto m ak plizyè machin Leta k ap boule epi mande pou popilasyon fè sal vle avè m. Mete sou sa, nan kòmansman ane 2020 an, machin ekzekisyon PTHK a pran foto m epi yo asosye l ak yon dam yo tire pou di se mwen ki tire l pandan l ap sot pran yon ti kòb labank. Lè mesye rektora inivèsite, kòm youn nan pi gwo machin pwopagann ak ekzekisyon pouvwa PHTK a, wè nou rete dyougan nan batay la, ki sa yo fè? Yo vin atake mwen sou fesbouk, anba yon paj ki pote non Konbit Dyaspora Ayisyen. Se ak anpil lapèn lè m leve jodi a, mwen wè plizyè kanmarad, an Ayiti kou a letranje, k ap mande m ki bagay sa yo wè k ap sikile sou rezo sosyal yo la a sou mwen. Lè m gade mwen wè se foto m k ap sikile kòm chèf gang Taba ki fenk sot kidnape yon dam, kote yo mande ak popilasyon ayisen an pou yo rache m, kèlke swa kote yo jwenn mwen. Mwen rive konprann aklè kounye a, gen yon plan sasinay k ap moute kont mwen ak tout lòt kanmarad k ap reziste kont krim tout kalte pouvwa PHTK Jovenèl Moïse ak Fritz Dezòm kont nou. M ap raple pou tout popilasyon ayisyen an, ni sa ki nan peyi a ni sa ki nan lòt peyi nan mond la, pou yo kenbe moral obofiks, paske ti moun pa ale nan lagè. Okenn nan nou p ap pran nan kraponay. Rezistans la dwe entansifye, nou paka fè bak ankò nan nivo nou rive la. Epi, sa enpòtan pou nou raple pou zanmi kanmarad k ap mande m pou antre kòm pi fon yo, nan moman nou rive la, pa gen kache lonbrik nan benyen. Nan jan pouvwa sa a rive pwisan nan kad òganizasyon krim, nenpòt kote w ye, lika rive sou w. Kidonk, se mare senti nou pou nou toke kòn nou ak tout malfwa ki pa janm sispann bwè san pèp la, paske pèp pa konn fè bèk atè nan gadyè. Kidonk, nou denonse pratik avilisan sa yo, ki vize fèmen bouch nou, nan nenpòt ki fason. Epi, yon sèl jan imaj nou kapab sal. Imaj nou ap sal sèlman si nou rete kwaze bwa nou, pou n ap asiste jan pouvwa san manman sa a ap fin kraze peyi a. Toutotan rezistans ap fèt, imaj nou paka sal. Nou pa p janm nan zak malonèt nan peyi a, nou pa p janm kore PHTK, nou pa p janm nan tete lang ak enperyalis meriken an. Mèsi tout kanmarad ki gen sousi pou mwen. Ann fè solidarite tout kalte pou nou konbat idyosi, sinis, nan peyi nou kou nan mond la. Hasta la victoria siempre, y la lucha sigue.

Pastè Clément Joseph demisyonen

Sekretè jeneral Platfòm ekimenik Relijyon Pou Lapè Ayiti a, Pastè Clément Joseph, di li kite sa, nan yon lèt ki date jedi 15 avril, li voye bay Monseyè Pierre André Dumas, ki se Prezidan entèrelijyez Relijyon pou Lapè Ayiti (RPPH). Pastè Clément fè konnen li santi li tris anpil e li choke pou pawòl piman bouk ka p sal imaj platfòm lan. Li pran desizyon pou demisyonen nan pòs Sekretè Jeneral Platfòm lan e li kite syèj li te okipe a.

Elèv lise pran lari ankò nan Pòtoprens

Lendi 19 avril la, li te vè 10 zè yo, lè plizyè elèv lise anndan kapital la, tankou Lise Fritz Pierre-Louis, Lise Jean-Jacques, Lise Toussaint, relanse mouvman mobilizasyon an, kote yo mache nan plizyè lise, yon fason pou gwosi foul la. Elèv sa a yo te pase sou Channmas, desann bò Lopital Jeneral pou ale tonbe zòn plas Sentàn anndan lise Toussaint. Nan moman an, pa t gen prezans polisye ak yo, yo jis t ap mache pou ale rankontre lòt lise. Elèv sa yo kontinye ap mande pwofesè nan sal klas yo, pi bon kondisyon travay epi egzije Leta pou peye pwofesè yo. Jèn pwotestatè sa yo fè konnen y ap kontinye nan lari a, jistan revandikasyon yo abouti. Anpil nan yo fè konnen, depi aprè 2zyèm kontwòl la, je yo pa janm kwaze ak sa yo rele pwofesè. Kèk grenn k ap fè filo (NS4) ap plenyen epi poze tèt yo kesyon: ki jan y ap fè pou y al konpoze, pandan jou ap vanse, kou ap miltipliye, lòt elèv ap avanse ak pwogram yo, epi yo menm, yo an reta? Sa gen anviwon 2 semèn, depi elèv lise gaye nan kapital la, nan mobilizasyon pou mande pwofesè, jis kounye a, okenn nòt oubyen reyaksyon poko soti bò kote konsène anndan Ministè Ledikasyon Nasyonal.

An’n ekri: Yon pwogram C-Ecole

Ann Ekri, se yon pwojè C-Ecole, ki gen pou definisyon, nan lang fransè a: Cercle d’Entrepreneuriat et de Culture pour une autre Orientation Éducative, lanse, nan lide pou ede, daprè sekretè jeneral estrikti sa a, Christelle Monfiston. Nan eksplikasyon Madam Christelle Monfiston bay jounal la, se yon pwogram kote elèv yo ap gen pou resevwa yon fòmasyon sou teknik ak metòd ekriti epi lekti. Elèv sa yo ap gen posiblite pou patisipe nan konkou entè eskolè C-Ecole la, k ap baze sou ekriti k ap ba yo dwa, sitou sa k pi bon yo, ak prim e ak bous detid. Sekretè jeneral la fè konnen, pou kounye a, gen 10 lekòl ki gen tan adere ak pwogram sa a, pandan l fè konnen moun ki ka patisipe, se elèv ki nan klas twazyèm ane, rive filo. Christelle Monfiston te tou pwofite bay detay ki jan pwosesis pou patisipe nan pwogram sa a ye. «Lekòl yo ap vizite pa yon ajan nou pou li adere. Lekòl la dwe rekonèt pa ministè Ledikasyon Nasyonal epi l ap ranpli yon fich pou l ka adere. Pwogram sa a, daprè Christelle, ap kontribye oubyen ede C-Ecole lanse ofisyèlman, vizyon ak estrikti sa a, ki se ankadre ti moun nan lari yo epi ofri yo yon lavi miyò. L ap pèmèt Mat Globe vann 3 milyon plim, l ap ranfòse l finansyèman, diminye to chomaj elatriye, si n refere n ak yon dokiman pwojè estrikti sa a. Daprè eksplikasyon Christelle Monfiston, rezilta manb òganizatè yo ap ret tann, apre yon pwogram konsa, se wè, pou pi piti, 3 mil jèn ki jwenn èd oubyen ki pran konesans sou teknik lekti ak ekriti e ki an mezi devlope sans kritik yo epi devlope lanmou pou lekti ak ekriti.

Nobert Bdouby

Articles Similaires

Back to top button
Social Media Auto Publish Powered By : XYZScripts.com