acceuilActualitéJustice

Viv Konstitisyon 87 la

Jan sa te deja anonse pa plizyè sektè anndan sosyete a, yo te òganize dimanch, 28 fevriye a, premye jounen manifestasyon kont kidnapin ak diktati, epi pou mande respè konstitisyon an. Plizyè milye moun te pran lari pou reponn ak apèl anpil òganizasyon nan sosyete sivil la ak anpil pati potilik opozisyon an, pami yo : PPN, DIRPOD, SDP , Tèt Ansanm elatriye .

Manifestasyon sa a te gen 2 pwen rasanbleman ki se sou Channmas sou plas konstitisyon an, epi lòt branch lan te zòn Kafou Ayewopò ki te gen ladan l sektè pwotestan an ak estrikti politik.  Branch Channmas la te soti tèt yo sou Lali pou monte anba limyè a, epi vire desann Avni Martin Luther King pou tonbe Kafou Ayewopò pou t al gwosi lòt branch lan.  Sou tout pakou a, foul la t ap gwosi jis rive Kafou Ayewopò.

Anpil kote sou wout yo, manifestan yo te boule kawotchou, jete fatra nan lari a, voye pawòl piman bouk kont pouvwa an plas la.  Rive Kafou Ayewopò, 2 branch yo vin fè yon sèl pou monte sou Dèlma a, se te toujou menm ka figi yo, kote pwotestatè yo te kontinye ap boule kawotchou, jete fatra nan lari a, lage wòch epi ap monte ak anbyans bann ak pye epi 3 mobil ki t ap kreye animasyon anndan manif sa a.  Sou tout pakou a, manifestan yo te dekwoke majorite pankat ki te ap fè pwomosyon pou koze referandòm Jovenel Moïse ap klewonnen an.  Manifestan yo mete yo atè, voye anpil nan yo nan kawotchou ki t ap boule yo.  Plizyè figi koni anndan sosyete a te reponn prezan, pami yo sineyas Arnold Antonin, pwofesè Josué Merilien, Richard Widmaier, ansyen senatè Sorel Jacynthe ak ansyen senatè Moïse Jean-Charles, doktè Maryse Narcisse, Steeven Benoit, Ricard Pierre, Serge Jean-Louis, senatè Patrice Dumont, Keny Bernadin, elatriye.

«Premyè jounen mobilizasyon pou nou di non ak diktati, pou nou reyafime atachman nou pou respè konstitisyon an, respè prensip eta de dwa, respè demokrasi.  Premyè jounen sa a, se yon egzanp ke nou bay kote nou di non nou p ap tounen nan diktati, nou di nou reyafime fwa nou nan respè demokrasi e nou di non ak kidnapin, nou di non ak ensekirite. N ap remèsye laprès, n ap remèsye tout moun ki te patisipe nan premyè jounen mobilizasyon sa a pou nou di non ak diktati pou nou di viv demokrasi», se sa mèt Gédéon Jean deklare, ki se manb estrikti N ap Mache Pou Lavi.

Pastè Antoine René, sou bò pa l, ki te reprezante legliz pwotestan, fè konnen nan mesaj final la, si Ayiti nan eta sa a, se a koz peyi Etazini ki ap sipòte Jovenel Moïse.  Pastè a ale pi lwen pou l raple ak popilasyon an ke manda Jovenel Moïse fini depi 7 fevriye pase a.  Se rezon ki fè legliz pwotestan nan lari a pou di Jovenel Moïse manda l fini, pou raple ak kominote entènasyonal la Ayiti gen souverènte li, li granmoun, piga yo jwe ak figi peyi a.

Léon Charles kraze Sendika lapolis la

Pandan ke gang yo ap kidnape, touye, rache, asasinen polisye san pwoblèm, kote menm yon ti manda pouvwa a pa lage deyè yo. Anbyen, misye kriminèl Léon Charles deside elimine, arete tout polisye k ap denonse dezòd ak koripsyon k ap fèt nan lapolis la.  Se konsa otorite lage 13 manda ak avi rechèch pou polisye ki kanpe ankwa kont pouvwa malfra sa a ak alye li yo.  Abelson Gros Nègre, ki se yon polisye manm SPNH-17 la, jwenn arestasyon li nan jou samdi 27 mas la, anndan pwòp biznis li, kote yon ti gwoup polisye bandi peye pa Léon Charles, debake epi  arete Abelson Gros Nègre.

Pou kounye a Abelson Gros Nègre ap kwoupi nan Penitansye Nasyonal kote responsab Pakè Potoprens la, Mèt Bed-Ford Claude, te bay lòd pou jete misye nan depo.

Emmanuel Saintus

Articles Similaires

Back to top button