acceuilActualitéInsécurité & Banditisme

Nouvèl an kreyòl

Òganizasyon etidyan ak òganizasyon popilè pwogresis yo pa sispann mache kont diktati

Jan yo te anonse sa nan konferans pou laprès ki te bay nan lakou Lekòl Nòmal Siperyè a, mèkredi 10, vandre 12, dimanch 14 ak lendi 15 fevriye 2021 an, etidyan ak òganizasyon popilè pwogresis yo te foule makadam lan pou rele aba diktati, pandan yo t ap denonse rejim sanginè PHTK ki pa sispann mete dlo nan je popilasyon an. Manifestan yo te pase move moman anba men lapolis ki te itilize bal epi simaye gaz toupatou. Yon lòt bò, menm òganizasyon sa yo sòti yon nòt pou denonse zak vagabondaj OPC ap manniganse kont mas pèp la. Responsab OPC yo montre yo pi sansib pou lòd y ap pran nan men BINUH yo, pase soufrans ayisyen k ap trepase anba bal bandi legal yo. Yo pi dispose egzekite lòd anbasad yo, olye pou yo ta ede pèp la rele kont rezo kidnapè ki nan tèt peyi a. Pou rezon sa yo, madi 23 ak mèkredi 24 fevriye, yo kase randevou douvan local OPC a, nan lide pou y al fè machann peyi, tout entèlektyèl k ap ekri lwa ankachèt, tout sanginè san fwa ni lwa nasyonzini yo, konnen OPC se rezilta batay pèp ayisyen an. Konkèt demokratik sa a pa ka vire kont pèp la.

Kidnaping nan pa sispann vale tèren

Samdi 20 fevriye 2021 an, bandi legal yo kidnape Junior Albert Augusma (Tinèg) ak 2 Dominiken nan zòn Bòlòs, pandan yo t ap sòti Jakmèl. Enfòmasyon nou rive jwenn fè kwè ravisè yo pote ale tout materyèl tounaj la, epi yo mande 2 milyon dola ameriken pou liberasyon viktim yo. Daprè pòtvwa annaprè lapolis la, Garry Desrosiers, kidnapè yo te nan yon pickup Hilux blan ak inifòm polis sou yo. Li kontinye pou l di se nan zòn Gran Ravin yo fè ak viktim yo. Kèk jou avan, nan menm semèn lan, malfra yo te kidnape Olsmina Jean Méus, yon timoun 5 lane, pitit yon machann pistach. Machann sila a, Nadège Saint-Hilaire, fè konnen ravisè yo te mande 40 mil dola ameriken pou liberasyon ti lèzanj lan, men, malerezman, li pa t rive jwenn kòb la. Kèk jou aprè, li jwenn kadav timoun lan sou pon Breya, ak yon kòd nan kou l.

Nòt konjwent Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen ak Ligue Alternative Justice sou mizanplas zòn franch agro-endistriyèl Savann Diane

Nou menm, òganizasyon ak enstitisyon Dwa Moun ki pran inisyativ ekri nòt sa a, fristre epi fache parapò ak desizyon anti-byennèt kolektif, pouvwa kòwonpi PHTK dezyèm vèsyon an, atravè ansyen prezidan, Jovenel Moïse, te pran nan dat 8 fevriye, nan jounal repiblik la, Le Monitè, pou likide 86 mil ekta tè bay 2 fanmi gwo zouzoun (Apaid ak Déjoie) pou plante Stevia. Stevia se yon plant miltinasyonal Coca-Cola itilize nan pwodiksyon pou asire bon odè ak bon gou. Plantasyon Stevia ap fèt nan objektif pou voye vann pwodwi sa a ak miltinasyonal Coca-Cola nan Etazini. Desizyon sa a montre aklè, Jovenel deside rekonpanse ansanm fanmi nan boujwazi a, kominote entènasyonal la ki te mete l sou pouvwa a, san kenbe kont enterè popilasyon ayisyèn lan k ap trimen anba lamizè ak grangou. Pwojè sila a ap tabli Savann Diane, ki layite kòl sou 4 komin: Sen Michel Latalay (Latibonit), Maïssade (Sant), Piyon ak Sen Rafayèl (Nò). Savann Diane fè pati grenye peyi a. Li gen potansyalite nan pwodiksyon: pwa kongo, mayi, pitimi, kann, pistach, kalalou, diri, patat ak manyòk. Nan kontèks kote anviwon 6 milyon moun nan popilasyon an ap fè fas ak grangou kwonik, kote yo ap pase plizyè jou san manje, kidonk, olye pou pouvwa pran mezi pou ranfòse agrikilti peyi a, pou adrese pwoblèm sila a, li pito deside tabli zòn franch agro-endistriyèl sou tè arab nou yo. Desizyon sa a montre aklè volonte kominote entènasyonal la, ekip kriminèl PHTK a nan tèt kole ak boujwazi a, pou detui tout baz pwodiksyon peyi a. Konsa, yo vle kontinye ranfòse sitiyasyon depandans peyi a, nan tout nivo, anpatikilye nan nivo lamanjay. N ap raple pou pèp ayisyen, se menm aktè sa yo ki te patisipe nan touye kochon kreyòl yo, detui pwodiksyon diri a, atravè doumping ekonomik. Se te toujou nan kad pwojè destriksyon sila a, ekip René Garcia Préval la, nan tèt kole ak Bill Clinton, te deside tabli zòn franch Karakòl, nan Nòdès peyi a, kote yo kase ponyèt plizyè santèn peyizan pou mete beton sou tè fètil pou devlope endistri soutretans. Nou pa ka bliye tou, kouman ansyen PDG AGRITRANS, Jovenel Moïse, sou baz pwojè bannann, te degèpi plizyè santèn peyizan pou tabli yon fo pwojè agwo endistri (pwodiksyon bannann). Nan moman n ap ekri nòt sa a, ekip PHTK nan nò ak nòdès avèk akonpayman milis pouvwa a, BSAP (Brigade des Aires Protegées) ap fè dappiyanp sou tè peyizan yo, anba je otorite lajistis ki pa reyaji. Sitiyasyon sila a ban nou gwo tèt chaje sou avni resous min peyi a, menm jan ak Savann Diane. Etablisman pwojè sila a pral ogmante nivo chomaj nan peyizànri an ak depandans peyi a, an jeneral. San konte l ap trennen dèyè l vyolasyon Dwa Lamanjay popilasyon an. Boutofen, nou menm òganizasyon ak enstitisyon ki pran inisyativ nòt sa a, ap mande pou tout kouch nan sosyete a leve kanpe pou denonse epi aji kòmsadwa pou anpeche ansyen prezidan Jovenel Moïse, fanmi Apaid ak Déjoie, fè dappiyanp sou Savann Diane. N ap mande ak peyizan nan Mayisad, Sen Michèl Latalay, Piyon ak Sen Rafayèl, rete mobilize pou anpeche etablisman zòn franch agro-endistriyèl Savann Diane ki pral ogmante grangou nan vant popilasyon an. Savann Diane pa dwe pase menm jan ak kochon kreyòl yo!!! Tè peyi a dwe itilize pou pwodui manje pou popilasyon an manje!!!

Viv dwa alimantasyon pèp Ayisyen!!!

Bedouby Nobert

Articles Similaires

Back to top button