acceuilActualitéCoup d’oeil sur le mondeNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Pozisyon Pati Popilè Nasyonal (PPN)

Pati Popilè Nasyonal salye kouraj ak detèminasyon pèp la, ki pa deside bat ba devan zak maspinay ak entimidasyon lapolis politik pouvwa kale tèt la, ki alye kò gang G-9 manyen youn manyen tout la. Pati Popilè Nasyonal (PPN) denonse zak kidnaping, maspinay popilasyon ayisyèn lan ap sibi anba men bandi ame pouvwa a ak polisye politik k ap obeyi lòd ilegal pouvwa kale tèt la, ki tounen makout pou kraze zo pèp k ap mande respè atik 134-2 Manman-Lwa peyi a.

PPN konstate, pandan zak ensekirite ap vale teren, kote bandi pa sispann kidnape pitit mas pèp la, touye ak vòlò afè sila ki pi pòv yo, anba je lapolis politik pouvwa kale tèt la, ki amize l nan bat, tire sou pèp la k ap pwoteste kont kidnaping pouvwa ak alye l yo tabli nan peyi a.

Lè yon pèp pran responsablite l devan listwa, pou mande respè Konstitisyon l li rache nan konba kont tirani, diktati Duvalier yo, pou klere chimen demokrasi, pou rive jwenn pwogrè ekonomik, PPN rale kreyon l, li make, Wo-kòmandman polis la konvèti tèt yo an wo-etamajò PHTK. Zafè sekirite popilasyon an pa foute yo. Pati Popilè Nasyonal konstate se anbasad peyi enperyalis, alye pouvwa kale tèt la, k ap telegide PNH ki pa sispann agrese pèp la.

Jovenel Moïse, alyas Jovenel mantè, pa sispann bay pèp la manti, tout kote l pase. Chèf mantò a

lage 2 gidon nan fè menas kont tout lidè politik k ap goumen pou chanje sitiyasyon mas defavorize a.

PPN pwofite okazyon an pou lanse yon pinga bay Jovenel Moïse, apranti diktatè a. Mache sou 6 pou pa pile 7 fevriye 2021. Pèp la pa p renouvle kontra a. Rache manyòk ou bay tè a ! PPN ap mobilize bò kote tout fòs demokratik pou ekzije respè atik 134-2 Konstitisyon 1987 amande a. Nou apiye tout fòm mobilizasyon pou rive fè respekte Manman-Lwa peyi a.

PPN ak pèp la ouvri kaye bilan rejim PHTK ak alye nasyonal e entènasyonal yo, ki lage peyi a nan tyouboum. Bilan an klè, kote grangou, lamizè, lavichè ak ensekirite ap taye banda. Ensekirite a pi rèd, kote menm anndan lakay li, popilasyon an santi l nan ensekirite.

Nan sans sa a, Pati Popilè Nasyonal (PPN) deklare li apiye, san gad dèyè, modòd grèv jeneral sektè demokratik popilè a

G-9 revoke minis Afè Sosyal ak Travay la

Selon yon arete prezidansyèl ki pibliye nan dat 25 janvye 2021 an, minis Afè Sosyal ak Travay la, Nicole Yolette Altidor, jwenn revokasyon l. Se minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm yo, Marie Giselhaine Mompremier, ki ranplase l. Revokasyon sila a vini yon semèn aprè manifestasyon gang yo te òganize nan zòn metwopolitèn lan, kote yo te mande revokasyon minis la ki, selon yo menm, pa jere G-9 la. Daprè plizyè sous nou ka fè konfyans, se Barbecue ak Krisla ki te pwopoze direktè Kès Asistans Sosyal la.

Bandi legal yo ap krache dife

Samdi ki te 30 janvye 2021, yon lòt fwa ankò, baz krache dife atake popilasyon Bèlè a. Nan sans sa a, moun nan zòn lan mande konkou lapolis, pandan yo fè kwè se nan lide pou yo pa manifeste kont rejim kriminèl PHTK a, ki fè yo sibi atak sila a. N ap raple baz krache dife fè pati gang G-9 anfanmi ak alye.

Finalman, opozisyon an jwenn yon akò pou aprè Jovenel

Samdi 30 janvye 2021, tout fòs politik nan opozisyon an, sof Lavalas, jwenn yon antant pou jere peyi a, aprè 7 fevriye. Mèt Manès Louis, yon manm enfliyan nan opozisyon an, lese kwè se yon jij nan Lakou Kasasyon k ap prezidan pou 2 lane.

Ayiti kidnaping

Samdi swa, ki te 30 janvye 2021 an, rezo sosyal yo te chofe ak yon seri enfòmasyon ki fè kwè pitit Éric Jean-Baptiste, ki rele Ritchy Jean-Baptiste te tante fè yon kidnaping nan zòn Kafou. Selon plizyè chofè moto, se depi Kafou yo kòmanse swiv Ritchy, malgre lapolis tire dèyè l, li pa kanpe. Se jous Tomasen, prezime kidnapè a te resi kanpe. Ansyen kandida pou presidan, Eric Jean-Baptiste ki te vin defann pitit li nan komisarya Tomasen an, fè konnen pitit li a pa nan kidnaping, se kouri li t ap kouri pou yo pa t kidnape l.

Yon lòt fwa ankò, popilasyon ayisyèn lan foule makadam lan

Jan nimewo 1 pati politik Pitit Desalin lan, Jean-Charles Moïse, te anonse l la, plizyè milye moun te pile beton an, nan lide pou yo mande Jovenel Moïse respekte atik 134-2 Manman-Lwa peyi a. Soti Petyonvil pou rive Channmas, manifestan yo pa t sispann voye mesaj piman bouk bay ApreDye. Lapolis te kraze branch manifestasyon ki t ap soti kafou Ayewopò a, anba bal ak gaz, kote gen yon militan ki tonbe anba bal lapolis. Lè manif lan rive Pòs Machan, lapolis te simaye anpil bal, yon militan resevwa yon bal Kawotchou nan tèt. Sa pa t anpeche foul la rive douvan Palè Nasyonal.

Bdouby Nobert

Articles Similaires

Back to top button
Social Media Auto Publish Powered By : XYZScripts.com