acceuilActualitéCulture & Société

Kouzen, sezon an madyagwe!

Lòtrejou, pitit vwazen Jan an batize nan legliz katolik ki tou pre a la a. Mwen tande anpil moun ap pale de chwal la yo retire nan tèt ti pitit la. Kidonk, pa bò isit, si w pa t janm maltrete, ou pa t janm sibi demounizasyon an, pa gen ankenn chans pou w ta va vin yon moun. Kouzen, nèg yo genyen yon gwo mo, ki rele sivilizasyon, pou kore tout sa y ap fè nou. Yo toujou gen yon limyè pou y ap pote pou ti nèg isit. Poutan, se dominasyon yo y ap chita piti piti, boutofen, jouk nou tounen yon zouti nan men yo. Konsa, apre lendepandans peyi a, ou te wè jan legliz katolik te nan tire gòj ak lafranmasonnri pou pretandi limyè sa yo t ap pote pou ti nèg isit yo. M panse, limyè a, se sa nou gen lakay nou an, sa ki p ap janm ka tenyen an, paske n fè yon sèl ak li . Yo mèt kenbe sivilizasyon yo a. Nou menm, n ap viv lavi n jan n pito. Kiyès ki bay moun sa yo tout pouvwa sa a sou devni nou? Kòmkwa, nou ta va pa ase entèlijan pou n panse sa k ap bon pou nou. Konsa, lasyans sèvi yo veyikil pou enpoze sa yo pito, pandan y ap detui, krache sou lòt modèl konesans ki genyen yo.

Pawòl yo anpil, kouzen. Ti gwoup moun sa yo fè sa yo pito nan monn lan. Lè se pa ti nèg lavil isit yo, se yo menm. Se konsa w wè, yo chita sou zo bonda yo, yo ekri dwa moun pou tout limanite. Malgre yon pati nan monn lan te kolonize, yo t ap eksplwate sa yo genyen, vyole sa k pi chè pou yo, kòm moun, sasinen yo nan non modènite a. Sa vle di dwa moun sa yo pa t itil yo anyen, nan sa yo t ap viv yo, epi tou, jouk kounye a. Se dwa moun anlè yo, sa te ye. Ajoute sou sa ankò, moun sa yo, se sèl sa yo di ki konte, se konesans yo, panse yo ki enpòtan. Epi, apati de yo menm sèlman, yo kwè yo ka sezi konpleksite monn lan. Yo pran tèt yo pou moun modèl la. Kidonk, nou dwe toujou anba djòl yo, kouzen.

Konsa, w ka wè, nan drapo peyi isit la, lang lan ki ini nou tout la, sa tout moun pale a, se pa li ki chita nan drapo a. Gen yon pwoblèm senbolik la a, ki fondamantal, kouzen. Nèg lavil la, se yon mistè. Yo fout lang nou an deyò, lang lan ki te ede n rasanble a. Antouka, toujou loksidan ki nan degwenn nou. Lè w pase nan lekòl kay gwo mouche yo, ou tankou yon moso Bondje, paske ou vrèman nan liy pou w moun lan. Dizon, w sanble ak moun modèl la. E si w ka kole de mo franse menm, se pa pale. Boutofen, w ap jwenn pami yo, sila a yo ki pral chache desann yon lòt, pou avanse tèt yo. Antouka, kilè li va jou pou ti peyizan tankou nou yo? Revandikasyon Jan Jak Akawo yo toujou kenbe. Antouka, kouzen… Antouka…

Pawòl yo anpil, men nan pwen tan, kouzen. Sèl sa nou konnen, nou se ti malere onèt, travayè latè onèt. Depi gen pou youn gen pou de. Nou di n ap pran lavi a jan l vini an, paske nou brav. Men nou pa janm di nou prale kite l konsa tou, paske nou brav. Nou anbrase lanati ak tout sa l ofri nou. Alèkile, nou fè youn. Nou se Afriken-Ayisyen. Nou konnen lagè, paske nou se pitit Ogou , Kadja Bosou … Nou pa janm konn pè moun. Nou pa tann nou gran pou nou antre nan jandam tou, paske lavi a twò kout. Jodi a, se sasinay sou sasinay, kidnapin sou kidnapin… Moun rich lavi l yo, ka gen sekirite (oswa santi yo an sekirite) lakay yo. Men nou menm, kòm batayè lavi, se nou ki toujou fè bab nan simityè. Nou gen gwo gad, nou gen gwo pwen, nou mache lè n vle, nou pa pè dòmi nan kalfou.

Yèswa, granparan ap plenyen lanmò mouche Dòval Monferye … Li di li gen pitit gason l, nan figi nèg lavil yo. Gade non, se bwè tafya men rèspèkte boutèy, paske wanga pa li yo, se jou malè yo ka sèvi. Jennen l pou w touye l, l ap tounen lafimen , si w kapab, w a manyen l. Pare pou w touye l, w ap pèdi nan wout… Pito m pe, fòk ou konprann kouzen, Bondye enpadonab nan sa n ap viv isit la. Se pou sa nou dwe priye kont Bondye, wi kont yon Bondje ki pral voye zansèt nou yo nan lanfè, paske lamizè pa dous. Domaj, kouzen, se konsa bagay yo ye. Men, mwen swete demen vin yon bèl jou pou nou tout, nou menm ti peyizan, nou menm ti nèg nan mòn, ti malere k ap bouske lavi lavil. Menmsi tout chimen ap mennen nou anba tè, m toujou pito yon bèl vi …

Alòs, kouzen, n ap rewè ankò. Annatandan, kite m rale ti tabak mwen, bwè ti asowosi mwen, paske m konnen jou a la, e li pa lwen non …

1. LAROSE, Serge. Religion et politique en Haïti. http://classiques.uqac.ca/ . Chicoutimi, Québec. P.11

2. Lewis Ampidu Clorméus. La soutane contre le tablier. Au cœur des tensions entre le clergé breton et la franc-maçonnerie haïtienne au XIXe siècle (1867-1900). http://cairue-histoire-monde-et-cultures-religieuses.2014-1-page-1-33.htm.

3. ROUGIER, Claude Bourguignon, Décoloniser les savoirs. Konsilte 15 novanm 2020. http://reseaudecolonial.org

4. MERINO, Mvengou Cruz. Universalité des droits de l’homme. Critique d’une colonialité et élan pour une reconnaissance. Konsilte 15 Me 2020. http://reseaudecolonial.org

5. Entretien avec Ramón Grosfoguel. Konsilte 5 Me 2020. http://reseaudecolonial.org

6. FANON, Frantz. Peau noire, masques blancs. Editions du seuil. Paris. 1952. Chap.I , le noir et le langage.

7. Lespri lagè nan vodou Ayisyen an.

8. Lespri lagè nan vodou Ayisyen an.

9. Sony Labou Tansi, nan yon powèm li ekri.

17 Novanm 2020

Jacky Rodson Théodore (Zanfan Peyi Dayiti).

Articles Similaires

Back to top button