HomeHot NewsNouvèl an kreyòl

Nouvèl an kreyòl

Published on

Archives

Gran pwen k ap domine aktyalite a

Semèn ki sòt pase a, plizyè evènman te brase bil sosyete a, nan domèn ensekirite, jistis, espò elatriye. Pandan machin ensekirite a pa sispann kouri nan depatman Lwès la, ensekirite ap taye banda nan Plato Santral. Kidnapin lan menm, pran direksyon Sidès, aprè li mete tèt pou Pòtoprens. FANTOM-509 pwoteste. Yon lòt bò, nan zafè espò ak lajistis, si tribinal blanchi Dadou, FIFA pase Gòdrèj sou direktè radyo Galaxie a, kidonk kafe, Dadou koule ak ma.

Machin ensekirite a pa sispann kouri nan lari Pòtoprens

Jou ki te dimanch 22 novanm 2020 an, nan vil Pòtoprens, Guy Valosvsky, ki gen non atis li DJ Cash Cash, te resevwa yon bal nan ri Audain, tou prè Alvarez Resto Club. Malfra yo te rive pote ale valiz DJ a. Yon lòt bò, menm dimanch 22 novanm sa a, nan ri Bònfwa, moun yo pa rive idantifye asasinen Fedner Destiné Jefferson Damien, Jean Roudy Rémy ak Ricardo Moïse Dufresne. 2 jou aprè, fanmi ak zanmi jèn sa yo pa t konsole. Lendi 23 novanm 2020 an, nan zòn Dèlma, lapolis te poze lapat sou yon jèn gason, 18 lane, ki rele Fednel Zamy, alyas Fefe, li te gen nan men l yon fizi kalib M4.

Karavàn nan rive kafou an bourik

Sòti jedi 26 pou rive vandredi 27 novanm lan, anpil kout zàm t ap tire nan komin Kafou, zòn Mahotière ak Waney. Malgre prezans lapolis, sitiyasyon an te rete konplike.

Ensekirite ap taye banda nan Plato Santral

Nan menm jou lendi sa a, ki te 23 novanm lan, nan awondisman Laskawobas, komin Beladè, popilasyon an tonbe sou 4 moun ki mouri. 4 moun sa yo fè pati 10 moun ki pèdi lavi yo pandan yon semèn. Pou yon responsab dwa moun sou fontyè a, zak sasinay sa yo ogmante chak jou nan Plato Santral. Li kontinye pou l di pratik sa yo dwe sispann, yo se yon danje pou sosyete a. Nou pa p bliye, jou ki te 12 novanm lan, nan komin Savanèt, 2 moun te mouri anba bal endividi moun pa t rive idantifye. Nan san sa a, Souvener Antoine, ki se manm yon òganizasyon nan zòn lan, deklare: «bandi yo mete tèt yo ansanm pou yo rann popilasyon lavi enposib».

Machin Kidnapin nan pa sispann kouri nan lari Pòtoprens

Jou samdi ki te 28 novanm lan, bandi kidnape doktè Hans David Thélémaque, tou prè Palè Nasyonal. Nan lide pou mande liberasyon jenn doktè a, plizyè lopital anonse y ap kanpe travay. Yon lòt bò, etidyan yo te pile beton an, men yo pase move moman anba zam lapolis. Nan lannwit jou ki te dimanch lan, Thelemaque jwenn liberasyon l. Pa bliye pou pi piti, nan Pòtoprens, gen 4 moun yo kidnape nan yon semèn.

Kidnapin nan pran direksyon Sidès

Pandan Lwès la t ap frape, zagoloray yo pa t chome nan Sidès. Jou ki te 22 novanm 2020 an, daprè komisè gouvènman Jacmèl la, Lionel Cherisma, plizyè moun yo pa t idantifye, ki te nan yon machin ki imatrikile BB-28371, t al eseye kidnape de timoun. Gras ak vijilans UDMO nan depatman an, kidnapin sa a pa t reyisi. Polisye yo te konfiske machine lan, men kidnapè yo te chape poul yo. Daprè enfòmasyon moun nan zòn lan, gen yon polisye ki enplike nan zak malonèt sila a.

FANTOM 509 pwoteste

Aprè 4 jou Léon Charles nan tèt lapolis la, jou ki te vandredi 20 novanm lan, Fantom-509 yo te foule makadam lan, kote yo t ap revandike pou: 50 000 goud salè, 25 000 goud kat debi epi 15 000 goud kat debi pou anplwaye sivil yo. Nan kad revandikasyon sa a, 11 machin te rive pase anba flanm. Aprè ensidan sa yo fin rive, pandan li t ap enstale chèf enspeksyon jeneral polis la, premye minis Jouthe deklare: «FANTOM-509 la se yon gwoup teworis». Léon Charles, bò kote pa l, nan yon mesaj vokal k ap sikile, t a mande pou estope moun ki nan Fantom-509 yo.

Opozisyon an pote plent

Paran moun ki te viktim nan kad manifestasyon 18 novanm lan ak yon ekip avoka, depoze plent nan kabinè enstriksyon kont Leon Charles ki se direktè jeneral Lapolis la pou yon tibout tan, pou zak maspinay manifestan yo te sibi kote: yon moun mouri, plizyè lòt blese san nou pa bliye machin lanmò BOID la ki te pase sou 2 manifestan ki te sou yon moto, youn nan yo mouri aprè.

Kafe Dadou koule ak ma

Nan mwa avril ki sòt pase a, yon jounalis nan yon jounal anglè, The Guardian, ki rele Romain Molina, te pibliye yon atik ki ta lese kwè Yves Jean-Bart te vyole plizyè jèn jwèz nan ranch Kwadèboukè a. Aprè piblikasyon sila a, FIFA te kanpe prezidan federasyon an pou yon ti tan. Lajistis ayisyèn, bò kote pa l, te sezi dosye a. Kèk mwa pita, jij Emilio Accimé sòti yon òdonans kote li blanchi Dadou, tankou tèt Babekyou. Pa bliye jij Emilio Accimé se frè Ramoncite Accimé, jij k ap woule moun nan farin, nan dosye Petwokaribe a.

Aprè lajistis fin blanchi Dadou, minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm yo, Marie Ghislaine Mompremier, estomake. Li di l ap atake desizyon jij la. Biwo entegre nasyonzini, bò kote pa l, mande yon komisyon ankèt endepandan, epi li mande jistis pou prezime viktim yo. Aprè ankèt li fin mennen, FIFA pa t rete bwa kwaze. Nan sans sa a, li chase Dadou, tankou movèzespri, nan tout aktivite ki gen rapò ak foutbòl.

Bedouby Nobert

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...